All NT OTBook
Compare Texts
Hebrews 1 James 2

James 3:1-18

James 4 1 Peter 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jam 3:1
 
ś Frč m' yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dčyč plas dirčktč. Paske, konnen byen: lč nou dirčktč, Bondye ap jije nou pi sevč pase lňt yo.  
 
Jam 3:2
 
Nou tout nou bite nan plizyč sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawňl li, se yon moun ki bon nčt; moun sa a kapab kontwole tout kň l' byen tou.  
 
Jam 3:3
 
Nou mete yon mň nan bouch chwal pou fč yo obeyi nou. Avčk sa, nou fč y ale kote nou vle.  
 
Jam 3:4
 
Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l' gwo, gwo van te mčt ap pouse l', se yon ti gouvčnay ki dirije li. Ak gouvčnay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l'l kote l' vle.  
 
Jam 3:5
 
Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tčt li pou gwo bagay li ka fč. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa!  
 
Jam 3:6
 
Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kň nou li ye, l'ap kontaminen tout kň a nčt. Se lanfč menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tčt pa l', li mete dife nan tout lavi nou.  
 
Jam 3:7
 
Moun ka donte tout kalite bčt, zwezo, bčt ki trennen sou vant, bčt ki nan lanmč. Li menm rive donte yo deja.  
 
Jam 3:8
 
Men, pou lang lan menm, pesonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun.  
 
Jam 3:9
 
Avčk lang nou, nou fč lwanj Bondye papa nou. Avčk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pňtre ak li.  
 
Jam 3:10
 
Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frč m' yo, sa pa dwe fčt konsa.  
 
Jam 3:11
 
Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan.  
 
Jam 3:12
 
Frč m' yo, yon pye fig frans pa ka donnen grenn oliv. Ni yon pye rezen pa ka donnen fig frans. Dlo sale pa ka bay dlo dous non plis.  
 
Jam 3:13
 
ś Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fč sa ki byen san lňgčy, men avčk bon konprann.  
 
Jam 3:14
 
Men, si n'ap fč jalouzi nan kč nou, si nou kenbe moun nan kč nou, si n'ap kouri dčyč enterč pa nou, pa vante tčt nou, pa fč manti sou laverite a.  
 
Jam 3:15
 
Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la.  
 
Jam 3:16
 
Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dčyč enterč pa yo, fňk gen dezňd ak tout kalite mechanste.  
 
Jam 3:17
 
Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fč volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kč sansib, l'ap fč anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.  
 
Jam 3:18
 
Moun k'ap chache pou lčzňm viv byen yonn ak lňt, y'ap travay ak kč poze pou yo ka rekňlte yon lavi ki dwat devan Bondye.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Hebrews 1James 21 2 3 4 5 James 41 Peter 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards