All NT OTBook
Compare Texts
Hebrews 1 James 1

James 2:1-26

James 3 1 Peter 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jam 2:1
 
ś Frč m' yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Seyč nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.  
 
Jam 2:2
 
Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bčl rechanj sou li ak yon bag an lň nan dwčt li, lňt la tou pňv ak yon rad chire sou li.  
 
Jam 2:3
 
Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bčl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pňv la: Ou menm, kanpe bň la a, osinon, chita atč bň pye m' lan,  
 
Jam 2:4
 
čske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tčt nou lč n'ap jije moun?  
 
Jam 2:5
 
Frč mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pňv sou latč pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pňsyon pa yo nan peyi li te pwomčt moun ki renmen l' yo.  
 
Jam 2:6
 
Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pňv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal?  
 
Jam 2:7
 
Se yo menm tou k'ap pale bčl non Bondye ban nou an mal.  
 
Jam 2:8
 
ś Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frč parčy ou tankou ou renmen pwňp tčt pa ou. Si nou fč sa, nou fč byen.  
 
Jam 2:9
 
Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fč peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans.  
 
Jam 2:10
 
Paske, moun ki obsčve tout lalwa a men ki dezobeyi yon sčl nan kňmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kňmandman yo.  
 
Jam 2:11
 
Paske Bondye ki di: Pa fč adiltč, se li menm tou ki di: Pa touye moun. Konsa, menm si ou pa fč adiltč, men ou touye moun, ou dezobeyi lalwa a.  
 
Jam 2:12
 
Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libčte a.  
 
Jam 2:13
 
Paske, lč Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lňt va soti tčt dwat lč jou jijman an.  
 
Jam 2:14
 
ś Frč m' yo, kisa sa fč pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fč bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?  
 
Jam 2:15
 
Sipoze gen yon frč osinon yon sč ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou,  
 
Jam 2:16
 
si yonn nan nou di yo: Ou mčt ale. Chofe kň ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fč pou yo?  
 
Jam 2:17
 
Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fč nou fč sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri.  
 
Jam 2:18
 
Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fč sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fč sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fč ki byen.  
 
Jam 2:19
 
Ou kwč gen yon sčl Bondye. Ou fč byen. Denmon yo tou yo kwč sa, men y'ap tranble sitčlman yo pč.  
 
Jam 2:20
 
Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wč ki jan konfyans pa vo anyen si l' pa mache ak sa ou fč ki byen?  
 
Jam 2:21
 
Abraram granpapa nou, čske Bondye pa t' fč l' gras poutčt sa li te fč lč l' te ofri Izarak, pitit li a, sou lotčl la?  
 
Jam 2:22
 
Ou wč. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fč. Konsa tou, sa l' te fč a te fč konfyans li vin bon nčt.  
 
Jam 2:23
 
Se konsa, pawňl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fč l' gras. Se sak fč yo te rele Abraram zanmi Bondye.  
 
Jam 2:24
 
Ou wč: se pa sčlman paske yon moun gen konfyans kifč Bondye fč l' gras, men se paske li fč sa ki byen anmenmtan an tou.  
 
Jam 2:25
 
Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movčz vi a. Eske se pa t' poutčt sa l' te fč a Bondye te fč l' gras, lč l' te resevwa mesaje jwif yo, lč l' te fč yo pran yon lňt wout pou tounen lakay yo?  
 
Jam 2:26
 
Menm jan yon kň ki san nanm se yon kň ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fč sa ki byen se yon konfyans ki mouri.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Hebrews 1James 11 2 3 4 5 James 31 Peter 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards