All NT OTBook
Compare Texts
Philemon 1 Hebrews 7

Hebrews 8:1-13

Hebrews 9 James 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Hbr 8:1
 
ś Men bagay ki pi enpňtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprčt konsa ki chita sou bň dwat fňtčy Bondye ki wa nan syčl la.  
 
Hbr 8:2
 
L'ap fč sčvis granprčt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Seyč a menm te bati. Se pa t' moun ki te bati l' pou li.  
 
Hbr 8:3
 
Travay yon granprčt, se ofri kado ak bčt pou touye bay Bondye. Nan kondisyon sa a, granprčt nou an dwe gen kichňy pou l' ofri tou.  
 
Hbr 8:4
 
Si Jezi te sou latč, menm senp prčt li pa ta ye, paske gen prčt deja ki la pou ofri kado yo, dapre jan lalwa Moyiz la vle l' la.  
 
Hbr 8:5
 
Nan sčvis prčt sa yo ap fč nan tanp ki sou latč a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fčt nan syčl la. Sa y'ap fč a ou ta di se lonbraj sa k'ap fčt nan syčl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lč Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fč tout bagay dapre modčl mwen te moutre ou sou mňn lan.  
 
Hbr 8:6
 
ś Men, koulye a, sčvis granprčt nou an gen pou l' fč a pi konsekan lontan pase sčvis prčt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lčzňm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomčs ki garanti li.  
 
Hbr 8:7
 
Si premye kontra a pa t' gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fč yon lňt kontra pou pran plas li.  
 
Hbr 8:8
 
Men, Bondye te gen repwňch pou l' fč pčp li a. Se sak fč Bondye di: Gade, pa rete lontan ankň anvan pou m' fč yon lňt kontra avčk pčp Izrayčl la, avčk branch fanmi Jida a.  
 
Hbr 8:9
 
Bondye di ankň: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fč avčk zansčt yo a, lč m' te pran men yo pou m' te fč yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fč tou sa yo te dwe fč dapre kontra mwen te fč ak yo a. Se poutčt sa, mwen pa t' okipe yo tou.  
 
Hbr 8:10
 
Bondye di ankň: Men kontra mwen pral fč ak pčp Izrayčl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kč yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pčp ki apa pou mwen.  
 
Hbr 8:11
 
Pesonn p'ap bezwen moutre yon lňt moun anyen nan peyi a. Pesonn p'ap bezwen di yon lňt nan peyi a: Manyč chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m', depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.  
 
Hbr 8:12
 
M'a padonnen sa yo fč ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankň.  
 
Hbr 8:13
 
Lč Bondye di li pral fč yon lňt kontra, li fč premye kontra a pase mňd. Tou sa ki pase mňd, tou sa ki fin vye prčt pou disparčt.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Philemon 1Hebrews 71 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 Hebrews 9James 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards