| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Hbr 4:1 | ś Koulye a, Bondye kenbe menm pwomčs sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kň nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pčdi chans antre nan kote sa a.
| |
| | Hbr 4:2 | Paske, yo fč nou konnen bon nouvčl la menm jan ak lňt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sčvi yo anyen, paske lč yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye.
| |
| | Hbr 4:3 | Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kň nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lč li te di: Mwen te fč kňlč, mwen te fč sčman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kň yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fč travay li depi lč li t'ap kreye lemonn.
| |
| | Hbr 4:4 | Paske, men sa ki ekri yon lňt kote nan Liv la sou setyčm jou a: Setyčm jou a, Bondye poze kň l' apre li te fin fč tout travay li yo.
| |
| | Hbr 4:5 | Li tounen sou menm pawňl la ankň, lč li di: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kň yo ansanm ak mwen an.
| |
| | Hbr 4:6 | Moun ki te resevwa bon nouvčl la an premye, yo pa t' antre kote sa a paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lňt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kň yo ansanm ak Bondye.
| |
| | Hbr 4:7 | Se sak fč, Bondye chwazi yon lňt jou li rele jňdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawňl David nou jwenn nan Liv la, pawňl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jňdi a, pa kenbe tčt ak li.
| |
| | Hbr 4:8 | Paske, si Jozye te fč pčp Izrayčl la antre nan peyi kote pou yo te poze kň yo ansanm ak Bondye a, Bondye pa ta bezwen pale apre sa sou yon lňt jou ankň.
| |
| | Hbr 4:9 | Jan sa ye a, gen yon repo ankň pou pčp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyčm jou a.
| |
| | Hbr 4:10 | Paske, moun ki antre kote pou yo poze kň yo ansanm ak Bondye a, se moun ki fin fč travay yo, menm jan Bondye te poze apre li te fin fč travay li.
| |
| | Hbr 4:11 | ś Ann fč jefň pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fč l' la, pou nou pa pčdi chans antre kote sa a.
| |
| | Hbr 4:12 | Pawňl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bň. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fč yonn, jouk kote vyann ak mwčl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kč moun.
| |
| | Hbr 4:13 | Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklč konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fč.
| |
| | Hbr 4:14 | Ann kenbe fčm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sčvi nou yon gwo granprčt, li travčse syčl la jouk li rive devan Bondye menm.
| |
| | Hbr 4:15 | Granprčt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblčs nou. Okontrč, nou gen yon granprčt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fč okenn peche.
| |
| | Hbr 4:16 | Se poutčt sa, ann pwoche avčk konfyans devan fotčy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lč nou nan nesesite.
| |