| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Hbr 3:1 | ś Se poutčt sa, frč m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syčl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sčvi nou granprčt nan konfyans nou genyen an.
| |
| | Hbr 3:2 | Paske li pa t' twonpe Bondye ki te chwazi l' pou travay sa a. Li fč travay li byen tankou Moyiz ki te fč tout travay li byen nan kay Bondye a.
| |
| | Hbr 3:3 | Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz.
| |
| | Hbr 3:4 | Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fč tout bagay.
| |
| | Hbr 3:5 | Moyiz te fč travay li byen nan tout kň kay Bondye a. Li te yon senp sčvitč ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita.
| |
| | Hbr 3:6 | Men, Jezikri te fč travay li tankou yon pitit Bondye te mete chčf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pčdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan.
| |
| | Hbr 3:7 | ś Se poutčt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jňdi a,
| |
| | Hbr 3:8 | pa kenbe tčt ak li, menm jan zansčt nou yo te fč l', lč yo te chache kont ak Bondye a, tankou lč, nan dezč a, yo te vle wč jouk ki bň Bondye ye ak yo.
| |
| | Hbr 3:9 | Lč sa a, zansčt nou yo te tante m', yo te sonde m' atout yo te deja wč tou sa m' t'ap fč depi karantan.
| |
| | Hbr 3:10 | Se sak fč, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fč move lide nan tčt yo. Yo derefize obeyi kňmandman m' yo.
| |
| | Hbr 3:11 | Mwen te fč kňlč, mwen te fč sčman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kň yo ansanm ak mwen an.
| |
| | Hbr 3:12 | Frč m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kč l' ki pou fč l' pčdi konfyans nan Bondye, pou lč sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.
| |
| | Hbr 3:13 | Okontrč, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lňt toutotan n'ap viv nan epňk Liv la rele jňdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lč sa a nou pa rive nan kenbe tčt ak Bondye.
| |
| | Hbr 3:14 | Paske, nou se moun k'ap mache ansanm ak Kris la, depi nou kenbe fčm nan konfyans nou te genyen depi nan konmansman an jouk sa kaba.
| |
| | Hbr 3:15 | Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jňdi a, pa kenbe tčt ak li, tankou lč nou te chache kont ak Bondye a.
| |
| | Hbr 3:16 | Kilčs sa yo ki te tande vwa Bondye men ki apre sa te chache kont ak li? Se tout moun Moyiz te fč soti nan peyi Lejip la.
| |
| | Hbr 3:17 | Sou ki moun Bondye te fč kňlč pandan karantan an? Se sou moun ki te fč peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezč a.
| |
| | Hbr 3:18 | Lč Bondye te fč sčman sa a, kilčs li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.
| |
| | Hbr 3:19 | Nou wč vre, yo yonn pa t' kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t' gen konfyans.
| |