All NT OTBook
Compare Texts
Philemon 1 Hebrews 12

Hebrews 13:1-25

James 1 James 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Hbr 13:1
 
ś Se pou nou toujou yonn renmen lňt tankou frč k'ap viv ansanm nan Kris la.  
 
Hbr 13:2
 
Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.  
 
Hbr 13:3
 
Pa bliye moun ki nan prizon yo, tankou si nou menm tou nou te nan prizon ansanm ak yo. Pa bliye moun y'ap maltrete yo, paske nou menm tou nou gen yon kň.  
 
Hbr 13:4
 
Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidčl yonn ak lňt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movčz vi yo ansanm ak moun k'ap fč adiltč yo.  
 
Hbr 13:5
 
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.  
 
Hbr 13:6
 
Konsa, nou kapab di avčk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pč anyen. Kisa moun ka fč mwen?  
 
Hbr 13:7
 
Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fč nou konnen pawňl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.  
 
Hbr 13:8
 
Jezikri se menm moun lan ayč, jňdi a ak pou tout tan.  
 
Hbr 13:9
 
Pa kite tout kalite lňt pawňl moun ap moutre yo fč nou pčdi bon chemen an. Li pi bon pou kč nou lč fňs nou pa soti nan sa nou manje ak sa nou pa manje, men nan renmen Bondye gen pou nou an. Paske moun k'ap gade sou manje pa janm jwenn okenn benefis.  
 
Hbr 13:10
 
Nou gen yon lotčl ki pa nou. Prčt k'ap sčvi nan tanp jwif yo pa gen dwa manje nan vyann ofrann bčt nou fč sou lotčl sa a.  
 
Hbr 13:11
 
Lč y'ap fč ofrann bčt pou touye pou peche yo, se san an ase granprčt jwif la pote pou ofri nan kote ki apa pou Bondye a. Men, yo boule kň bčt yo lňt bň pňtay lakou kote moun yo rete a.  
 
Hbr 13:12
 
Se poutčt sa, Jezi te mouri lňt bň pňtay lavil la, pou l' te ka mete pčp la nan kondisyon pou yo fč sčvis Bondye ak pwňp san pa li ki te koule.  
 
Hbr 13:13
 
Nou menm tou, ann soti al jwenn li lňt bň pňtay lakou a pou n' soufri menm wont la ansanm ak li.  
 
Hbr 13:14
 
Paske nou pa gen sou latč yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.  
 
Hbr 13:15
 
Gremesi Jezikri, sčl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou.  
 
Hbr 13:16
 
Pa bliye, se pou nou fč sa ki byen, se pou nou yonn ede lňt. Se ofrann konsa ki fč Bondye plezi.  
 
Hbr 13:17
 
Obeyi chčf nou yo, soumčt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fč travay yo ak kč kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fč l' ak kč sere. Lč sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.  
 
Hbr 13:18
 
ś Pa sispann lapriyč pou mwen. Mwen sčten mwen gen konsyans mwen anpč. Paske mwen vle fč sa ki byen nan tout sikonstans.  
 
Hbr 13:19
 
M'ap mande nou pou nou lapriyč toutespre pou Bondye ban m' okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan.  
 
Hbr 13:20
 
Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fč Jezi, Gran Gadň mouton yo, leve soti vivan pami mň yo. Jezi se Seyč nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.  
 
Hbr 13:21
 
M'ap mande Bondye ki bay kč poze a pou l' fč nou favč sa a, pou nou fč tou sa ki byen, pou n' kapab fč volonte li. M'ap mande l' tou pou l' fč travay ki fč l' plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amčn.  
 
Hbr 13:22
 
Tanpri, frč m' yo, m'ap mande nou pou nou koute pawňl ankourajman sa yo ak pasyans, paske sa m' di nan lčt mwen ekri nou an pa long.  
 
Hbr 13:23
 
Mwen vle fč nou konnen yo gen tan lage Timote, frč nou an. Si li rive bňnč, m'a pran l' avč m' lč m'ap vin wč nou.  
 
Hbr 13:24
 
Di tout moun k'ap dirije nou yo bonjou ansanm ak tout pčp Bondye a. Tout frč ki nan peyi Itali yo voye bonjou pou nou tout.  
 
Hbr 13:25
 
benediksyon Bondye avčk nou tout. Amčn.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Philemon 1Hebrews 121 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 James 1James 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards