All NT OTBook
Compare Texts
Philemon 1 Hebrews 11

Hebrews 12:1-29

Hebrews 13 James 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Hbr 12:1
 
ś Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avčk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.  
 
Hbr 12:2
 
Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fč l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fč kč l' kontan. Kifč koulye a li chita sou bň dwat fotčy Bondye a.  
 
Hbr 12:3
 
Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechč sa yo ki pa t' vle wč l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje.  
 
Hbr 12:4
 
ś Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.  
 
Hbr 12:5
 
Eske nou gen tan bliye pawňl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lč Bondye ap peni ou, pa pran sa an jwčt. Lč l'ap fč ou repwňch, pa dekouraje.  
 
Hbr 12:6
 
Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekončt pou pitit li li bat.  
 
Hbr 12:7
 
Enben, sipňte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prčv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li?  
 
Hbr 12:8
 
Si Bondye pa peni nou tankou tout papa peni pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyň.  
 
Hbr 12:9
 
Chonje sa papa nou sou latč a konn fč. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumčt devan Papa nou ki nan syčl la, si nou bezwen viv.  
 
Hbr 12:10
 
Papa nou sou latč a te konn peni nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwč ki te bon. Men, Bondye peni nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la.  
 
Hbr 12:11
 
Lč y'ap peni nou, sa yon ti jan vle fč nou plis lapenn pase pou l' ta fč nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout penisyon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kč poze.  
 
Hbr 12:12
 
Se poutčt sa, souke kň nou. Pa kite fatig antre sou nou.  
 
Hbr 12:13
 
Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrč pou l' ka geri.  
 
Hbr 12:14
 
Chache viv ak kč poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wč Seyč a.  
 
Hbr 12:15
 
Pa kite pesonn vire do bay favč Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmč k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lňt yo.  
 
Hbr 12:16
 
Pa kite pesonn tonbe nan move vis, ni pčdi respč yo dwe genyen pou bagay ki fčt pou respekte, tankou Ezaou ki te vann dwa li kňm premye pitit pou yon plat manje.  
 
Hbr 12:17
 
Nou konnen ki jan pita, lč li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l' sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pa t' gen mwayen chanje sa ki te fin fčt la.  
 
Hbr 12:18
 
ś Nou pa t' pwoche bň kot yon bagay nou ka manyen tankou pčp Izrayčl la ki te pwoche bň kot Mňn Sinayi a. Sou mňn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fčnwa ki pa t' piti, te gen yon bann bagay tou pou fč moun pč. Yon gwo van tanpčt t'ap soufle sou mňn lan.  
 
Hbr 12:19
 
Yo te tande son klewon k'ap kňnen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lč pitit Izrayčl yo tande vwa sa a, yo mande l' sispann pale.  
 
Hbr 12:20
 
Yo pa t' kapab sipňte lňd li te ba yo lč li te di: Menm si se yon bčt ki mete pye l' sou mňn sa a, se pou yo touye l' ak kout wňch.  
 
Hbr 12:21
 
Moyiz menm, sa l' te wč devan je l' yo se te bagay terib. Se poutčt sa li te di: M'ap tranble kou fčy bwa tčlman mwen pč.  
 
Hbr 12:22
 
Okontrč, nou pwoche bň kot Mňn Siyon an, bň kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalčm ki nan syčl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.  
 
Hbr 12:23
 
Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kč kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syčl la. Nou pwoche bň kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nčt yo ye a.  
 
Hbr 12:24
 
Nou pwoche bň kot Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bň kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abčl la.  
 
Hbr 12:25
 
Veye kň nou! Pa refize koute pawňl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawňl moun ki t'ap ba yo avčtisman Bondye sou latč a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syčl la.  
 
Hbr 12:26
 
Nan tan lontan, lč Bondye te pale, tč a te tranble. Men, koulye a, li fč nou pwomčs sa a: Yon lňt fwa, se pa latč a ase m'ap fč tranble. M'ap fč syčl la tranble tou.  
 
Hbr 12:27
 
Lč li di yon lňt fwa li fč nou konprann lč sa a se tout bagay Bondye te kreye yo ki pral pran tranble. Yo pral disparčt. Konsa se bagay ki byen fčm yo k'ap rete.  
 
Hbr 12:28
 
Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mčsi pou sa. Ann fč wč nou pa bliye sa li fč pou nou. Ann sčvi Bondye yon jan ki pou fč l' plezi, avčk respč, avčk krentif.  
 
Hbr 12:29
 
Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Philemon 1Hebrews 111 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 Hebrews 13James 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards