All NT OTBook
Compare Texts
Philemon 1 Hebrews 10

Hebrews 11:1-40

Hebrews 12 James 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Hbr 11:1
 
ś Lč yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sčten li gen pou l' resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wč ak je nou egziste tout bon vre.  
 
Hbr 11:2
 
Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifč Bondye te moutre li dakň ak yo.  
 
Hbr 11:3
 
Se paske nou gen konfyans nan Bondye kifč nou ka konprann se Pawňl Bondye a ki kreye tout bagay. Li sčvi ak sa nou pa ka wč pou li te fč tou sa nou ka wč.  
 
Hbr 11:4
 
ś Se paske Abčl te gen konfyans nan Bondye kifč li te ofri bay Bondye yon ofrann bčt ki pi bon pase pa Kayen an. Paske li te gen konfyans, Bondye asepte l' pou yon moun ki dwat. Se konsa Bondye te asepte kado li te fč l' la. Se paske li te gen konfyans sa a kifč Abčl ap pale toujou jouk koulye a, atout li mouri.  
 
Hbr 11:5
 
Se paske Enňk te gen konfyans nan Bondye kifč li moute nan syčl la bň kot Bondye san li pa janm mouri; apre sa, pesonn pa janm wč kote l' ye ankň. Se Bondye menm ki te fč pran l' mennen l' bň kote li. Nou jwenn ekri nan Liv la ki jan Enňk te fč Bondye plezi lontan anvan Bondye te fč l' moute nan syčl la.  
 
Hbr 11:6
 
Nou konnen pesonn pa ka fč Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bň kot Bondye, se pou yo kwč gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.  
 
Hbr 11:7
 
Se paske Noe te gen konfyans nan Bondye kifč Bondye te fč l' konnen davans bagay ki tapral rive, bagay li menm Noe pa t' ankň kapab wč. Li koute Bondye, li bati yon gwo batiman. Se ladan batiman sa a li te jwenn delivrans ansanm ak tout fanmi li. Se konsa, li kondannen tout lňt moun yo. Men, Bondye te fč Noe gras paske Noe te gen konfyans sa a nan li.  
 
Hbr 11:8
 
Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifč li te obeyi lč Bondye te rele l' la. Li pati pou peyi Bondye tapral ba li pou pňsyon eritaj pa li. Li leve, li kite peyi l' la, san l' pa t' konnen ki bň li taprale.  
 
Hbr 11:9
 
Paske li te gen konfyans nan Bondye, se anba tant twal li te rete. Li t'ap viv nan peyi Bondye te pwomčt li a tankou yon etranje ki depasaj. Se konsa Izarak ak Jakňb te fč tou, yo menm ki te resevwa menm pwomčs la nan men Bondye.  
 
Hbr 11:10
 
Paske, Abraram menm t'ap tann lavil ki gen bon fonadasyon solid la. Se Bondye ki te fč plan lavil sa a, epi se li menm tou ki te bati li.  
 
Hbr 11:11
 
Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifč Bondye te ka fč l' fč pitit, atout li te fin depase laj pou sa, atout Sara pou tčt pa l' tou pa t' kapab fč pitit ankň. Li te sčten Bondye t'ap kenbe pwomčs li.  
 
Hbr 11:12
 
Se konsa, yon sčl nonm ki te tou fin mouri rive gen kantite pitit pitit moun pa ka konte: yo tankou zetwal nan syčl la, yo tankou grenn sab bň lanmč.  
 
Hbr 11:13
 
Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kč yo. Yo pa t' gen tan resevwa benediksyon Bondye te pwomčt yo, men yo wč benediksyon yo byen, lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latč yo ye, tankou moun yo depňte.  
 
Hbr 11:14
 
Lč yo t'ap pale konsa, yo te tou fč moun wč yo t'ap chache yon peyi ki peyi pa yo.  
 
Hbr 11:15
 
Si yo te regrčt latč apre yo te fin kite l', yo ta ka gen chans tounen ladan l' ankň.  
 
Hbr 11:16
 
Okontrč, yo te dčyč yon lňt peyi ki pi bon, sa vle di: peyi ki nan syčl la. Se poutčt sa, Bondye pa wont di se Bondye yo li ye, paske l'ap pare yon lavil pou yo.  
 
Hbr 11:17
 
Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifč li te asepte touye Izarak tankou yon ofrann bčt bay Bondye, lč Bondye te vle wč jouk ki bň konfyans li t'ap rive a. Abraram te tou pare pou l' te ofri bay Bondye sčl pitit gason Bondye te pwomčt li a.  
 
Hbr 11:18
 
Bondye te di l' konsa: Se Izarak ki pral ba ou anpil pitit pitit.  
 
Hbr 11:19
 
Men, Abraram te mete nan tčt li Bondye te gen pouvwa pou l' te fč Izarak leve vivan ankň soti nan lanmň. Se konsa, nan yon sans, nou ka di Izarak soti vivan nan lanmň, li tounen vin jwen papa l' ankň.  
 
Hbr 11:20
 
Se paske Izarak te gen konfyans nan Bondye kifč, lč li t'ap beni Jakňb ak Ezaou, li te pwomčt yo anpil benediksyon pou pita.  
 
Hbr 11:21
 
Se paske Jakňb te gen konfyans nan Bondye kifč li te gen tan beni tout pitit Jozčf yo yonn apre lňt anvan l' mouri. Lčfini li apiye sou tčt baton li, li adore Bondye.  
 
Hbr 11:22
 
Se paske Jozčf te gen konfyans nan Bondye kifč, lč li tapral mouri, li te fč pitit Izrayčl yo konnen yon jou yo te gen pou yo te kite peyi Lejip la. Se lč sa a tou li ba yo lňd sa pou yo fč ak zosman l' yo.  
 
Hbr 11:23
 
Se paske papa ak manman Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifč yo te rive sere l' pandan twa mwa apre li te fin fčt. Yo te wč jan li te yon bčl ti pitit, yo pa t' pč dezobeyi lňd wa a te bay la.  
 
Hbr 11:24
 
Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifč, lč li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an.  
 
Hbr 11:25
 
Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pčp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan.  
 
Hbr 11:26
 
Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lč yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richčs ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.  
 
Hbr 11:27
 
Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifč li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pč kňlč wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wč Bondye moun pa ka wč a.  
 
Hbr 11:28
 
Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifč li te fete fčt Delivrans lan, li bay lňd make pňt kay yo ak san an pou zanj Bondye a pa t' touye premye pitit gason pčp Izrayčl yo.  
 
Hbr 11:29
 
Se paske pitit Izrayčl yo te gen konfyans nan Bondye kifč yo te kapab pase nan mitan lanmč Wouj la tankou si yo t'ap mache sou tč sčk. Men, lč moun peyi Lejip yo vin seye fč menm bagay tou, lanmč a kouvri yo.  
 
Hbr 11:30
 
Se paske pitit Izrayčl yo te gen konfyans nan Bondye kifč miray lavil Jeriko a te tonbe, apre pčp la te fin pase sčt jou ap fč wonn lavil la.  
 
Hbr 11:31
 
Se paske Rarab, fanm movčz vi a, te gen konfyans nan Bondye kifč li pa t' mouri ansanm avčk moun ki te desobeyi Bondye yo. Paske, li menm li te byen resevwa espyon pčp Izrayčl yo lakay li.  
 
Hbr 11:32
 
ś Kisa m' ta di nou ankň? Se tan mwen pa genyen pou m' ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyčl ak tout pwofčt yo.  
 
Hbr 11:33
 
Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lňt moun nan men yo, yo gouvčnen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomčt la. Yo fčmen bouch lyon yo,  
 
Hbr 11:34
 
yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fčb, men yo vin gen fňs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagč, kifč yo te ka kraze lame etranje yo.  
 
Hbr 11:35
 
Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, anpil fanm wč moun pa yo ki te mouri tounen leve vivan ankň. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve soti nan lanmň, antre nan yon lavi ki pi bon.  
 
Hbr 11:36
 
Gen lňt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lňt ankň yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon.  
 
Hbr 11:37
 
Yo touye yo anba kout wňch, yo siye yo fč de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri soti yon kote al nan yon lňt tčlman moun t'ap pčsekite yo, tčlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sčvi rad tčlman yo te pňv.  
 
Hbr 11:38
 
Moun konsa, latč pa t' bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezč yo, nan mňn yo. Yo t'ap viv nan twou wňch ak nan twou tč.  
 
Hbr 11:39
 
Tout moun sa yo, Bondye te dakň ak yo paske yo te gen konfyans nan li. Men, atousa, yo pa t' resevwa sa Bondye te pwomčt la.  
 
Hbr 11:40
 
Bondye te sere yon pi bon bagay ankň pou nou. Li pa t' vle pou moun sa yo te rive bon nčt kite nou dčyč. Sčl jan pou moun sa yo te ka rive bon nčt, se ansanm ak nou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Philemon 1Hebrews 101 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 Hebrews 12James 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards