| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Hbr 10:1 | ś Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pňtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bň kote Bondye avčk menm kalite ofrann bčt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fč yo vin bon nčt.
| |
| | Hbr 10:2 | Si moun ki fč sčvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankň. Yo ta sispann fč ofrann bčt pou touye.
| |
| | Hbr 10:3 | Men, okontrč, chak lanne bčt yo touye yo fč moun yo chonje jan yo peche.
| |
| | Hbr 10:4 | Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bčf p'ap janm ka wete peche moun.
| |
| | Hbr 10:5 | Se poutčt sa, lč Kris la tapral vin sou latč, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fč okenn ofrann bčt pou yo touye pou ou, ni pou yo fč ou kado anyen. Men, ou ban m' yon kň.
| |
| | Hbr 10:6 | Se pa ofrann vyann bčt yo boule sou lotčl la k'ap fč ou plezi. Ni se pa ofrann bčt yo touye pou wete peche yo k'ap fč ou plezi.
| |
| | Hbr 10:7 | ś Lč sa a, mwen di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fč volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a.
| |
| | Hbr 10:8 | Premye bagay li di se: Ou pa bezwen yo fč okenn ofrann bčt pou yo touye pou ou, ni pou yo fč ou kado anyen, ni ofrann vyann bčt yo boule sou lotčl la, ni ofrann bčt yo touye pou wete peche yo: bagay sa yo pa fč ou plezi. Men, tout ofrann bčt sa yo, se yo lalwa Moyiz la mande.
| |
| | Hbr 10:9 | Apre sa, li di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fč volonte ou. Konsa, Bondye aboli tout ansyen ofrann bčt yo, li ranplase yo ak ofrann Kris la menm.
| |
| | Hbr 10:10 | Kifč nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fč tou sa Bondye te vle, li ofri kň pa li bay Bondye yon sčl fwa, epi l' fini.
| |
| | Hbr 10:11 | Pou prčt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fč sčvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyč fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche.
| |
| | Hbr 10:12 | Men, Kris la pou tčt pa l' fč yon sčl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bň dwat Bondye.
| |
| | Hbr 10:13 | Koulye a, se la l'ap tann Bondye mete tout lčnmi l' yo tankou yon ti ban pou lonje pye li.
| |
| | Hbr 10:14 | Konsa, avčk sčl ofrann li fč a, li fč moun li netwaye anba peche yo bon nčt pou tout tan.
| |
| | Hbr 10:15 | Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lč li fin di:
| |
| | Hbr 10:16 | Men kontra mwen pral fč ak yo apre jou sa yo. Se Bondye menm ki di sa. M'a mete lwa m' yo nan kč yo, m'a make lwa m' yo nan lespri yo.
| |
| | Hbr 10:17 | Apre sa, li di: Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fč ki mal.
| |
| | Hbr 10:18 | Konsa, lč Bondye fin padonnen peche yo, pa gen nesesite pou yo fč ofrann ankň pou wete peche.
| |
| | Hbr 10:19 | ś Konsa, frč m' yo, gremesi san Kris la ki koule lč li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.
| |
| | Hbr 10:20 | Kris la louvri yon chemen nčf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kň l' menm.
| |
| | Hbr 10:21 | Nou gen yon granprčt ki reskonsab tout kay Bondye a.
| |
| | Hbr 10:22 | Ann pwoche bň kot Bondye ak tout kč nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kč nou ki pou boulvčse konsyans nou, kň nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwňp.
| |
| | Hbr 10:23 | Ann kenbe espwa nou genyen an byen fčm. Paske, nou mčt sčten, Bondye ap kenbe pwomčs li.
| |
| | Hbr 10:24 | Se pou nou yonn veye sou lňt pou yonn ka ede lňt gen renmen nan kč nou, pou yonn ka ankouraje lňt nan fč sa ki byen.
| |
| | Hbr 10:25 | Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrč, se pou yonn ankouraje lňt fč sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wč jou Seyč a ap pwoche.
| |
| | Hbr 10:26 | Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fč sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bčt ki ka wete peche sa yo.
| |
| | Hbr 10:27 | Nou mčt pč kont kň nou. Yon sčl bagay ki rete pou nou fč, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lčnmi Bondye yo.
| |
| | Hbr 10:28 | Lč yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye.
| |
| | Hbr 10:29 | Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sčvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fč sčvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favč li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman.
| |
| | Hbr 10:30 | Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sčl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sčl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pčp li a.
| |
| | Hbr 10:31 | Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
| |
| | Hbr 10:32 | Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lč sa a, nou te fčk fin resevwa limyč Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fčm nan batay la.
| |
| | Hbr 10:33 | Yon lč, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lňt lč, se nou menm, pou tčt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo.
| |
| | Hbr 10:34 | Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lč yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pčdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richčs ki pi bon, k'ap la pou tout tan.
| |
| | Hbr 10:35 | Pa pčdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li.
| |
| | Hbr 10:36 | Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fč sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l' te pwomčt la.
| |
| | Hbr 10:37 | Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankň, pa gen pou lontan menm, Moun ki gen pou vini an ap vini. Li p'ap pran reta ankň.
| |
| | Hbr 10:38 | Moun mwen fč gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l' vire do l' tounen fč bak, li p'ap fč kč m' kontan.
| |
| | Hbr 10:39 | Nou menm, nou p'ap fč tankou moun sa yo k'ap twenn dčyč, k'ap pčdi tčt yo. N'ap fč tankou moun ki gen fčm konfyans nan Bondye, moun k'ap delivre nanm yo.
| |