All NT OTBook
Compare Texts
Titus 1 Titus 3

Philemon 1:1-25

Hebrews 1 Hebrews 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Phm 1:1
 
ś Mwen menm Pňl, ki nan prizon poutčt Jezikri, m'ap ekri lčt sa a, ansanm ak frč Timote, Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Seyč a,  
 
Phm 1:2
 
pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sč nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an.  
 
Phm 1:3
 
Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyč nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kč poze.  
 
Phm 1:4
 
Chak fwa m'ap lapriyč, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mčsi pou ou.  
 
Phm 1:5
 
Paske m' tande jan ou renmen tout pčp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Seyč Jezi.  
 
Phm 1:6
 
M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fč nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.  
 
Phm 1:7
 
Se pa ti kontan m' te kontan, sa te ankouraje m' anpil, frč mwen, lč m' tande jan ou renmen moun ki fč pati pčp Bondye a, jan ou te remoute kouraj yo anpil.  
 
Phm 1:8
 
ś Se poutčt sa, atout Kris la ban m' otorite pou m' di ou sa ou gen pou ou fč,  
 
Phm 1:9
 
m' pito mande ou rann mwen sčvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pňl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutčt Jezikri,  
 
Phm 1:10
 
m'ap mande ou yon favč pou Onezim, yon pitit mwen fč nan Kris la antan m' la nan prizon an.  
 
Phm 1:11
 
Anvan sa, li pa t' vo anyen pou ou, men koulye a, li vo kichňy ni pou ou ni pou mwen.  
 
Phm 1:12
 
M'ap voye l' tounen ba ou koulye a tankou pitit pa mwen.  
 
Phm 1:13
 
M' ta byen renmen kenbe l' bň kote m', pou l' te ka sčvi m' nan plas ou, pandan m' nan prizon pou bon nouvčl la.  
 
Phm 1:14
 
Men, m' pa vle fč anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fňse m'ap fňse ou rann mwen sčvis. Mwen ta pito wč ou fč l' ou menm, paske ou vle fč li.  
 
Phm 1:15
 
Ou pa janm konnen si Onezim pa t' kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankň pou tout tan.  
 
Phm 1:16
 
Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankň. Koulye a, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frč li ye pou nou nan Kris la, yon frč mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m' ankň. Pa sčlman tankou nenpňt ki moun, men tankou yon frč nan Seyč a.  
 
Phm 1:17
 
Si ou konsidere m' pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen.  
 
Phm 1:18
 
Si l' te fč ou kčk bagay mal, osinon si l' dwe ou kichňy, mete sa sou kont mwen.  
 
Phm 1:19
 
Mwen menm Pňl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmčt ou sa. Mwen pa kwč m' bezwen fč ou chonje jan ou dwe m' lavi.  
 
Phm 1:20
 
Wi, frč m', fč m' favč sa a nan non Seyč a. Soulaje kč m' tankou yon frč nan Kris la dwe fč li.  
 
Phm 1:21
 
Se paske mwen konnen w'ap fč sa m' mande ou la ki fč m' ekri ou lčt sa a. Mwen konnen ou va fč pi plis pase sa m' mande ou la.  
 
Phm 1:22
 
An menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyč mwen konnen nou fč pou mwen, mkwč Bondye va tande nou, la fč m' favč vin jwenn nou ankň.  
 
Phm 1:23
 
Epafras ki nan prizon ansanm ak mwen poutčt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou.  
 
Phm 1:24
 
Mak, Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou.  
 
Phm 1:25
 
Se pou benediksyon Jezikri, Seyč nou an, toujou la avčk nou. Amčn.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Titus 1Titus 31 Hebrews 1Hebrews 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards