All NT OTBook
Compare Texts
2 Timothy 1 Titus 2

Titus 3:1-15

Philemon 1 Philemon 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Tts 3:1
 
ś Fč yo chonje se pou yo soumčt devan tout chčf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fč tou sa ki byen.  
 
Tts 3:2
 
Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fč kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousč ak tout moun.  
 
Tts 3:3
 
Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pčdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kč nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.  
 
Tts 3:4
 
Men, lč Bondye fč nou wč jan li gen bon kč, jan li renmen tout moun,  
 
Tts 3:5
 
li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fč kčk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lč li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nčt, pou n' te ka viv yon lňt jan.  
 
Tts 3:6
 
Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.  
 
Tts 3:7
 
Avčk favč sa a Bondye fč nou an, li fč nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.  
 
Tts 3:8
 
Sa se pawňl sčten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fč sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sčvi tout moun.  
 
Tts 3:9
 
ś Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sčvi anyen, yo pa vo anyen.  
 
Tts 3:10
 
Si yon moun vle mete divizyon, pale avč l' yon premye fwa, yon dezyčm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li.  
 
Tts 3:11
 
Paske ou konnen byen yon moun konsa fin pčdi. Sč pwňp peche li yo k'ap kondannen li.  
 
Tts 3:12
 
Lč m'a voye Atemas osinon Tichik ba ou, fč posib ou pou ou vin jwenn mwen lavil Nikopolis, paske se la mwen fč lide pase sezon fredi a.  
 
Tts 3:13
 
Fč sa ou kapab pou mčt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolňs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a.  
 
Tts 3:14
 
Se pou moun nou yo aprann fč sa ki byen tou, pou yo bay lč gen ka nesesite. Yo pa fčt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen.  
 
Tts 3:15
 
Tout moun ki avč m' yo voye bonjou pou ou. Di tout zanmi nou nan lafwa yo bonjou. Mwen mande pou Bondye ban nou tout favč li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Timothy 1Titus 21 2 3 Philemon 1Philemon 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards