All NT OTBook
Compare Texts
2 Timothy 1 2 Timothy 4

Titus 1:1-16

Titus 2 Philemon 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Tts 1:1
 
ś Mwen menm, Pňl, mwen se sčvitč Bondye, yon apňt Jezikri. Se Bondye menm ki voye m' pou m' ede moun li chwazi yo rive gen konfyans nan li, pou m' fč yo konnen verite a jan n'ap viv li nan sčvis Bondye,  
 
Tts 1:2
 
pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwňmčt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.  
 
Tts 1:3
 
Lč lč li te fikse a rive, li fč nou konnen lavi sa a ak pawňl li, nan mesaj li te renmčt mwen pou m' fč konnen, dapre lňd Bondye, Sovč nou an, te ban mwen.  
 
Tts 1:4
 
M'ap ekri ou lčt sa a, Tit, pitit lejitim mwen nan konfyans nou gen ansanm lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Sovč nou an, pou yo ba ou benediksyon ak kč poze.  
 
Tts 1:5
 
ś Mwen te kite ou nan lil Krčt pou ou te kapab ňganize tou sa ki pa t' ankň fin regle. Ou te gen pou ou te mete yon gwoup ansyen alatčt legliz la nan chak vil. Chonje sa m' te di ou:  
 
Tts 1:6
 
ś Yon ansyen, se yon moun ki pou san repwňch, ki gen yon sčl madanm. Se pou pitit li yo gen konfyans nan Bondye. Tout moun fčt pou konnen yo pou timoun ki pa nan dezňd, ki pa dezobeyisan.  
 
Tts 1:7
 
Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwňch. Se pa pou li awogan, ni renmen fč kňlč, ni renmen bwč gwňg. Li pa fčt pou l' brital, ni renmen fč lajan nan move kondisyon.  
 
Tts 1:8
 
Men, se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tčt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l' viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tčt li.  
 
Tts 1:9
 
Se pou l' kenbe mesaj verite a byen fčm, jan Kris la te bay li a, pou l' ka ankouraje lňt yo ak pawňl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawňl la lanvč.  
 
Tts 1:10
 
Paske, gen moun ki rebčl, k'ap mache twonpe moun ak pawňl san sans. Gen anpil jwif konvčti ki konsa nan mitan yo.  
 
Tts 1:11
 
Se pou nou fčmen bouch moun sa yo, paske yo boulvčse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap moutre moun pou yo fč lajan nan move kondisyon.  
 
Tts 1:12
 
Se yon moun Krčt, yonn nan pwofčt pa yo menm ki di konsa: Moun Krčt toujou ap bay manti. Se yon bann bčt sovaj, yo parese konsa. Lide yo sou manje ase.  
 
Tts 1:13
 
Sa li di a, se vre wi. Se poutčt sa, pale sevč ak yo pou yo ka sensč nan konfyans yo,  
 
Tts 1:14
 
pou yo pa swiv vye istwa jwif yo fč, ni kňmandman ki soti nan moun ki vire do bay verite a.  
 
Tts 1:15
 
Pou yon moun k'ap fč volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou moun k'ap fč sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak konsyans yo fin pran nan sa ki mal.  
 
Tts 1:16
 
Y'ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y'ap fč a demanti yo. Yo bay degoutans, yo rebčl, yo pa ka fč anyen ki bon.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Timothy 12 Timothy 41 2 3 Titus 2Philemon 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards