All NT OTBook
Compare Texts
1 Timothy 1 2 Timothy 3

2 Timothy 4:1-22

Titus 1 Titus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ti 4:1
 
ś Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:  
 
2Ti 4:2
 
Fč konnen pawňl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mčt bon li te mčt pa bon. Bay tout kalite prčv, rale zňrčy, bay konsčy, moutre moun yo verite a avčk pasyans nčt ale.  
 
2Ti 4:3
 
Yon lč, ou gen pou ou wč moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankň, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lč sa a, y'a reyini yon bann direktč met bň kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande.  
 
2Ti 4:4
 
Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.  
 
2Ti 4:5
 
Men, ou menm, kenbe tčt ou an plas nan tout sikonstans. Sipňte tout kalite soufrans. Fč travay moun k'ap anonse bňn nouvčl la. Fč devwa ou ak tout kč ou, tankou yon sčvitč Bondye.  
 
2Ti 4:6
 
Pou mwen menm, lč a rive kote yo pral ofri m' tankou bčt y'ap ofri bay Bondye, lč a vini pou m' kite lavi sa a/.  
 
2Ti 4:7
 
Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fčm nan Bondye.  
 
2Ti 4:8
 
Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lč gran jou a va rive, Seyč k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwňn sou tčt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kč yo lč la gen pou l' parčt la, va resevwa l' tou.  
 
2Ti 4:9
 
ś Fč posib ou vin jwenn mwen touswit.  
 
2Ti 4:10
 
Paske, Demas lage m', li te renmen bagay ki nan lemonn lan twňp. Li pati, li ale Tesalonik. Kresan pou tčt pa l' al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi.  
 
2Ti 4:11
 
Se Lik sčlman ki la avčk mwen. Pran Mak avčk ou lč w'ap vini. La ban m' yon bon kout men nan travay la.  
 
2Ti 4:12
 
Mwen voye Tichik lavil Efčz.  
 
2Ti 4:13
 
Lč w'ap vini, pase pran gwo manto mwen te kite lakay Kapis, lavil Twoas, pote l' pou mwen. Pote Liv yo tou, espesyalman sa ki fčt ak po bčt yo.  
 
2Ti 4:14
 
Aleksann, bňs fňjon an, fč m' anpil tň. Seyč a va ba l' sa l' merite dapre sa l' fč a.  
 
2Ti 4:15
 
Pran prekosyon ou avč l', ou menm tou. Paske li pa t' vle tande sa n'ap di a menm.  
 
2Ti 4:16
 
ś pa t' gen pesonn pou ede m' premye jou mwen t'ap fč defans mwen devan chčf yo. Tout moun kite m' pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l' padonnen yo sa.  
 
2Ti 4:17
 
Men, Seyč a te kanpe la avč m', li ban m' fňs. Se sak fč, mwen te kapab fč konnen pawňl la nčt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m' nan bouch lyon an.  
 
2Ti 4:18
 
Seyč a va toujou delivre m' nan tout move pa. L'ap konsčve m' pou m' ka antre nan peyi kote li wa nan syčl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amčn.  
 
2Ti 4:19
 
Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen, ansanm ak tout moun ki lakay Onezifň yo.  
 
2Ti 4:20
 
Eras te rete Korent. Mwen te blije kite Twofim lavil Milč paske li te malad.  
 
2Ti 4:21
 
Fč posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Lenis, Klodya ak tout lňt frč yo voye bonjou pou ou.  
 
2Ti 4:22
 
Mwen mande Seyč a pou l' toujou la avčk ou. benediksyon Bondye avčk nou tout. Amčn.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Timothy 12 Timothy 31 2 3 4 Titus 1Titus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards