All NT OTBook
Compare Texts
1 Timothy 1 1 Timothy 6

2 Timothy 1:1-18

2 Timothy 2 Titus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ti 1:1
 
ś Mwen menm, Pňl, se Bondye ki te vle chwazi m' pou sčvi apňt Jezikri, pou fč konnen lavi li te pwomčt nou an, lavi li ban nou nan Jezikri a.  
 
2Ti 1:2
 
M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Seyč nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kč poze.  
 
2Ti 1:3
 
M'ap di Bondye mčsi, Bondye zansčt mwen yo te sčvi a. Se li menm tou m'ap sčvi ak yon konsyans pwňp. Se tout tan m'ap di l' mčsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m' frape sou ou lč m'ap lapriyč.  
 
2Ti 1:4
 
Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m' anvi wč ou pou kč m' ka kontan nčt.  
 
2Ti 1:5
 
Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kč ou. Lňyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sčten ou gen menm konfyans sa a tou.  
 
2Ti 1:6
 
ś Se poutčt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lč m' te mete men sou tčt ou a.  
 
2Ti 1:7
 
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fč nou wont moun. Okontrč, Lespri Bondye a ban nou fňs, renmen ak pouvwa pou kontwole tčt nou.  
 
2Ti 1:8
 
Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyč nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tčt li. Okontrč, avčk fňs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avč m' pou bon nouvčl la.  
 
2Ti 1:9
 
Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fč sa pou nou poutčt byen nou te fč. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favč li fč nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.  
 
2Ti 1:10
 
Koulye a, li fč nou konnen favč sa a avčk Jezikri, Sovč nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmň te genyen an. Avčk bon nouvčl la, li fč lavi ki p'ap fini nan lanmň a parčt aklč.  
 
2Ti 1:11
 
Bondye chwazi m' pou m' anonse bon nouvčl sa a, li voye m' kňm apňt pou m' moutre li bay tout moun ki pa jwif.  
 
2Ti 1:12
 
Se poutčt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sčten li gen pouvwa pou l' konsčve sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.  
 
2Ti 1:13
 
Pran egzanp sou pawňl verite mwen te ba ou yo. Kenbe fčm nan konfyans ak nan renmen nou jwenn nan Jezikri.  
 
2Ti 1:14
 
Ak lasistans Sentespri ki nan kč ou la, kenbe tout bon pawňl yo te moutre ou yo tankou yon depo ki sou kont ou.  
 
2Ti 1:15
 
ś Ou te pran nouvčl la, pa vre? Tout moun nan pwovens Lazi yo lage m' pou kont mwen, ata Fijčl ak Emojčn.  
 
2Ti 1:16
 
Mwen mande Seyč a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifň yo. Paske, anpil fwa Onezifň vin konsole mwen. Li pa t' wont mwen dčske mwen te nan prizon.  
 
2Ti 1:17
 
Okontrč, lč li rive lavil Wňm, li touye tčt li chache m' jouk li jwenn mwen.  
 
2Ti 1:18
 
Se pou Seyč Jezi fč Bondye gen pitye pou li lč gran jou a va rive. Ou chonje tout sčvis li te rann mwen lavil Efčz?  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Timothy 11 Timothy 61 2 3 4 2 Timothy 2Titus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards