All NT OTBook
Compare Texts
2 Thessalonians 1 2 Thessalonians 3

1 Timothy 1:1-20

1 Timothy 2 2 Timothy 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ti 1:1
 
ś Mwen menm, Pňl, yon apňt Jezikri dapre volonte Bondye, Sovč nou, ansanm ak Jezikri ki tout espwa nou,  
 
1Ti 1:2
 
m'ap ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye. M'ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyč nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kč poze.  
 
1Ti 1:3
 
Se pou ou rete nan lavil Efčz, jan m' te mande ou la lč mwen t'ap pati pou peyi Masedwan. Paske, gen kčk moun nan lavil Efčz la k'ap moutre lňt yo yon bann lňt bagay ki pa vre. Se pou ou ba yo lňd sispann fč sa y'ap fč a.  
 
1Ti 1:4
 
Di yo wete lide yo sou vye istwa san fondman sa yo, sou lis non gran granparan moun ki byen long. Bagay sa yo lakňz moun fč yon bann diskisyon initil. Yo p'ap sčvi plan travay Bondye a, jan nou konnen l', gremesi lafwa a.  
 
1Ti 1:5
 
ś W'ap ba yo lňd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki soti nan yon kč ki nan kondisyon pou sčvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensč nan Bondye.  
 
1Ti 1:6
 
Gen ladan yo ki pčdi chemen yo, yo lage kň yo nan yon bann diskisyon san sans.  
 
1Ti 1:7
 
Yo ta renmen pase pou moun k'ap moutre lalwa Bondye a. Men, yo pa konprann anyen ni nan sa y'ap di a, ni nan keksyon y'ap defann lan.  
 
1Ti 1:8
 
Nou konnen lalwa se yon bagay ki bon depi ou sčvi avč l' jan ou dwe sčvi avč l' la.  
 
1Ti 1:9
 
Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fč rebčl, pou mechan yo, pou moun k'ap fč peche, pou moun ki pa gen respč ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen,  
 
1Ti 1:10
 
pou moun k'ap fč imoralite, pou moun ki gen vye mčs gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fč sčman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fč tout kalite bagay ki pa dakň ak verite yo moutre nou an.  
 
1Ti 1:11
 
Verite sa a, nou jwenn li nan bčl mesaj Bondye te mete m' reskonsab pou anonse a. Se bon nouvčl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fč lwanj pou li a.  
 
1Ti 1:12
 
ś M'ap di Jezikri, Seyč nou an, mčsi dčske li ban m' fňs kouraj pou m' fč travay mwen. M'ap di l' mčsi dčske li te konsidere m' anpil pou l' te fč m' tout konfyans sa a, pou l' te chwazi m' pou sčvis li,  
 
1Ti 1:13
 
atout nan tan lontan mwen te konn pale l' mal, mwen te pčsekite l', mwen te joure li. Men, se Bondye menm ki te gen pitye pou mwen, paske lč sa a mwen pa t' gen konfyans nan li. Konsa, mwen pa t' konnen sa m' t'ap fč.  
 
1Ti 1:14
 
Jezikri, Seyč nou, fč m' anpil favč: li fč m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lč n'ap viv ansanm nan Kris la.  
 
1Ti 1:15
 
Sa se yon pawňl ki vre, pawňl tout moun te dwe kwč: Jezikri te vini sou latč pou delivre moun k'ap fč peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout.  
 
1Ti 1:16
 
Men, se poutčt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l' ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an.  
 
1Ti 1:17
 
Se poutčt sa, ann chante, ann fč lwanj pou li pou tout tan, li menm ki sčl Bondye nou pa ka wč a, Wa ki la pou tout tan an epi ki p'ap janm mouri a. Amčn.  
 
1Ti 1:18
 
ś Timote, pitit mwen, m'ap renmčt ou kňmandman sa a, dapre pawňl pwofčt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fňs sou pawňl sa yo pou ou ka mennen batay la byen.  
 
1Ti 1:19
 
Kenbe konfyans ou fčm nan Bondye ak konsyans ou an repo. Gen moun ki refize koute konsyans yo. Se konsa yo pčdi konfyans yo.  
 
1Ti 1:20
 
Nan yo gen Imene ak Aleksann. Mwen lage tou de nan men Satan pou yo aprann pa pale mal sou Bondye.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Thessalonians 12 Thessalonians 31 2 3 4 5 6 1 Timothy 22 Timothy 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards