All NT OTBook
Compare Texts
1 Thessalonians 1 2 Thessalonians 1

2 Thessalonians 2:1-17

2 Thessalonians 3 1 Timothy 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Th 2:1
 
ś Ann konsidere lč Jezikri, Seyč nou an, va parčt pou l' sanble nou ansanm bň kote li. Frč m' yo, men sa m'ap mande nou:  
 
2Th 2:2
 
Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil, ni fč nou pčdi tčt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni ak ankenn bčl diskou, ni ak ankenn lčt mwen ta swadizan ekri nou, pou yo fč nou kwč jou Seyč a rive deja.  
 
2Th 2:3
 
ś Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dčnye revňlt kont Bondye ki pou fčt. Nou gen pou nou wč mechan ki deja kondannen pou disparčt la vini anvan.  
 
2Th 2:4
 
Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lčzňm ap sčvi, kont tout bagay lčzňm konsidere pou Bondye. La fč, la fč, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fč tčt li pase pou Bondye.  
 
2Th 2:5
 
Nou pa chonje mwen te di nou sa lč m' te lakay nou toujou?  
 
2Th 2:6
 
Men, gen yon bagay k'ap anpeche levčnman sa yo rive koulye a. Nou konnen kisa li ye: Se sak fč, mechan an p'ap parčt anvan lč li.  
 
2Th 2:7
 
Wi, pouvwa mechan an deja ap travay anba chal. Men, anvan pou levčnman sa yo rive, se pou moun k'ap ba l' baryč a disparčt.  
 
2Th 2:8
 
Lč sa a, mechan an va parčt. Seyč Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parčt nan tout pouvwa li pou l' fini nčt ak li.  
 
2Th 2:9
 
Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fč anpil mirak, anpil mčvčy ak anpil gwo siy pou bay manti.  
 
2Th 2:10
 
Li va fč tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pčdi tčt yo. Y'ap pčdi tčt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li.  
 
2Th 2:11
 
Se poutčt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rčd, pou yo sa kwč nan manti.  
 
2Th 2:12
 
Konsa, tout moun ki p'ap kwč nan verite a, ki te pran plezi yo nan fč lenjistis, yo tout pral kondannen.  
 
2Th 2:13
 
ś Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mčsi pou nou, frč m' yo, nou menm Seyč a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fč nou tounen moun pa l', paske nou kwč nan verite a.  
 
2Th 2:14
 
Gremesi bon nouvčl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Seyč nou an.  
 
2Th 2:15
 
Se sa ki fč, frč m' yo, se pou nou kenbe fčm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lčt mwen an.  
 
2Th 2:16
 
ś M'ap lapriyč Jezikri, Seyč nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fč nou favč, ki ban nou yon kouraj ki p'ap janm febli ansanm ak yon bčl espwa.  
 
2Th 2:17
 
M'ap mande yo pou yo fňtifye kč nou, pou yo ban nou fňs kouraj pou nou fč tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Thessalonians 12 Thessalonians 11 2 3 2 Thessalonians 31 Timothy 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards