| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 2Th 1:1 | ś Mwen menm Pňl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lčt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyč nou an.
| |
| | 2Th 1:2 | Mwen mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyč nou an, ban nou benediksyon ak kč poze.
| |
| | 2Th 1:3 | Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mčsi pou nou, frč m' yo. Wi, se yon devwa pou m' fč l' vre. Paske, konfyans nou gen nan Bondye ap grandi anpil, renmen nou gen yonn pou lňt ap grandi toujou tou.
| |
| | 2Th 1:4 | Se sak fč, sa fč m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fčm nan Bondye nan mitan tout pčsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.
| |
| | 2Th 1:5 | ś Sa fč moun wč se Bondye ki gen rezon lč l'ap jije. Paske, avčk tou sa n'ap sipňte koulye a, n'ap fin bon nčt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.
| |
| | 2Th 1:6 | Paske, Bondye gen pou fč sa ki byen: Bondye va gen rezon lč la fč moun k'ap fč nou soufri yo soufri tou.
| |
| | 2Th 1:7 | Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avč m' lč Jezi va parčt nan syčl la avčk zanj li yo ki gen pouvwa.
| |
| | 2Th 1:8 | La parčt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvčl ki pale sou Jezi, Seyč nou an.
| |
| | 2Th 1:9 | Chatiman moun sa yo, se disparčt y'ap disparčt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyč a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyč a ak nan lwanj y'ap fč pou li a.
| |
| | 2Th 1:10 | Jou sa a, Seyč a va parčt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wč l'. Nou menm tou n'a wč li, paske nou te kwč nan mesaj mwen te fč nou konnen an.
| |
| | 2Th 1:11 | ś Se poutčt sa, mwen p'ap janm sispann lapriyč pou nou. M'ap mande Bondye pou l' ede nou pou nou viv yon jan ki dakň ak lavi li mande nou pou nou viv la. M'ap mande l' pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fč tout byen nou vle fč, pou nou fin reyalize nčt travay n'ap fč ak konfyans nan Bondye.
| |
| | 2Th 1:12 | Konsa, tout moun va fč lwanj non Jezi a poutčt nou. Nou menm tou, y'a fč lwanj nou poutčt li, gremesi favč Bondye nou an ansanm ak Jezikri, Seyč a, fč nou.
| |