All NT OTBook
Compare Texts
Philippians 1 Colossians 1

Colossians 2:1-23

Colossians 3 1 Thessalonians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Col 2:1
 
ś Mwen vle fč nou konnen ki kalite batay m'ap mennen pou nou, pou tout moun ki nan lavil Lawodise ak pou tout lňt moun yo ki poko konn figi mwen.  
 
Col 2:2
 
M'ap goumen pou yo ka gen fňs ak kouraj plen kč yo, pou yo fč yonn nan renmen Bondye a, pou yo gen yon bon konprann k'ap ba yo anpil konfyans devan Bondye. Konsa yo menm tou, y'a konnen sekrč travay Bondye a, ki vle di Kris la.  
 
Col 2:3
 
Se nan li tout richčs ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.  
 
Col 2:4
 
ś Mwen di nou sa pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak yon bann pawňl ki sanble verite.  
 
Col 2:5
 
Paske, si mwen pa la avčk nou nan kň m', mwen la nan lespri mwen. Mwen kontan wč jan nou rete nan lňd, jan nou kenbe fčm nan konfyans nou gen nan Kris la.  
 
Col 2:6
 
Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Seyč nou an, se pou nou viv yon jan ki dakň ak li.  
 
Col 2:7
 
Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fčm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mčsi.  
 
Col 2:8
 
Fč atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bčl diskou filozňf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lčzňm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.  
 
Col 2:9
 
Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kň li a nou jwenn tou sa Bondye ye.  
 
Col 2:10
 
Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chčf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.  
 
Col 2:11
 
Nou menm k'ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pa t' moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a soti nan Kris la ki delivre nou anba pouvwa lachč ki t'ap fč nou fč sa ki mal.  
 
Col 2:12
 
Wi, lč yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avč l' tou, paske nou te kwč nan pouvwa Bondye ki te fč l' leve soti vivan nan lanmň.  
 
Col 2:13
 
ś Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kň nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankň, li padonen tout peche nou yo.  
 
Col 2:14
 
Li chire papye kote tou sa nou te dwe l' yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l' nčt lč li kloure l' sou kwa a.  
 
Col 2:15
 
Avčk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fč tout moun wč sa yo ye. Li fč yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la.  
 
Col 2:16
 
ś Se sak fč, pa kite pesonn kritike nou pou sa n'ap manje, pou sa n'ap bwč, pou jou nou mete apa pou fč fčt, pou fčt lalin nouvčl, osinon pou jou repo.  
 
Col 2:17
 
Tou sa se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye.  
 
Col 2:18
 
Se poutčt sa, moun nou wč k'ap sčvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tčt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fč. Pou anyen, yo gonfle ak lňgčy poutčt yon bann lide lčzňm yo mete nan tčt yo.  
 
Col 2:19
 
Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tčt kň a. Se Kris la k'ap nouri tout kň a, k'ap kenbe l' byen kanpe ak tout jwenti l' ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fč l' grandi jan Bondye vle l' la.  
 
Col 2:20
 
Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumčt nou anba prensip tankou sa ki di:  
 
Col 2:21
 
pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa?  
 
Col 2:22
 
Tout bagay sa yo, fini ou fin fč yo, yo pa fč anyen pou ou. Se lčzňm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo.  
 
Col 2:23
 
Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pňz sčvi zanj yo konsa, pou yo pran pňz pa vante tčt yo, pou yo fč bagay pou swadizan kraze pouvwa lachč nan kň yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachč a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Philippians 1Colossians 11 2 3 4 Colossians 31 Thessalonians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards