All NT OTBook
Compare Texts
Ephesians 1 Philippians 3

Philippians 4:1-23

Colossians 1 Colossians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Phl 4:1
 
ś Se pou sa, frč m' yo ak zanmi m' yo, nou menm mwen anvi wč anpil la, nou menm ki fč kč m' kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fčm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyč a.  
 
Phl 4:2
 
M'ap ekri de ti mo pou Evodi ak Sentich: Tanpri souple, mete nou dakň tankou de sč k'ap viv ansanm nan Seyč a.  
 
Phl 4:3
 
Ou menm tou k'ap travay ansanm avč m', mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fč konnen bon nouvčl la ansanm ak Kleman ak tout lňt moun ki te travay ansanm avč mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.  
 
Phl 4:4
 
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyč a. M'ap repete l' ankň: Fč kč nou kontan anpil.  
 
Phl 4:5
 
Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kč. Seyč a ap vini anvan lontan.  
 
Phl 4:6
 
Pa bay kň nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyč. Toujou chonje di l' mčsi tou lč n'ap lapriyč.  
 
Phl 4:7
 
Konsa, Bondye va ban nou kč poze nan jan pa l', bagay lčzňm pa ka konprann; la kenbe kč nou ak lespri nou fčm nan Jezikri.  
 
Phl 4:8
 
Pou fini, frč m' yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kňrčk, ki dwat, ki bčl, ki p'ap fč nou wont.  
 
Phl 4:9
 
Fč tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m', ni sa nou te tande m' di ak tou sa nou te wč m' fč. Konsa, Bondye k'ap bay kč poze a va toujou la avč nou.  
 
Phl 4:10
 
ś Mwen pa t' manke kontan nan lavi m'ap mennen ansanm ak Seyč a, paske nou vin fč m' wč ankň jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m' non. Men, nou pa t' ankň jwenn okazyon fč m' wč jan nou fčb pou mwen.  
 
Phl 4:11
 
Si nou wč m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tčt mwen ak sa m' genyen.  
 
Phl 4:12
 
Mwen konnen sa ki rele viv nan mizč, mwen konnen sa ki rele viv nan richčs. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tčt mwen toupatou ak sa mwen genyen.  
 
Phl 4:13
 
Nenpňt sitiyasyon ki parčt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fňs kouraj.  
 
Phl 4:14
 
Malgre sa, nou byen fčt ede m' nan traka m' yo.  
 
Phl 4:15
 
Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m' pral di nou la a. Lč mwen kite peyi Masedwan, lč yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvčl la, se nou menm sčl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sčl ki te separe sa nou genyen avč m' pou sa m' te fč pou nou.  
 
Phl 4:16
 
Lč m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen.  
 
Phl 4:17
 
Se pa dčyč kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja.  
 
Phl 4:18
 
Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avčk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bčt Bondye ap asepte paske sa fč l' plezi.  
 
Phl 4:19
 
Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.  
 
Phl 4:20
 
ś Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amčn.  
 
Phl 4:21
 
Bonjou pou pčp Bondye a k'ap viv ansanm nan Jezikri. Tout frč ki la avč m' yo voye bonjou pou nou.  
 
Phl 4:22
 
Tout pčp Bondye a ki isit la, espesyalman sa ki nan palč Seza a, voye bonjou pou nou.  
 
Phl 4:23
 
Se pou benediksyon Jezikri, Seyč a, toujou avč nou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ephesians 1Philippians 31 2 3 4 Colossians 1Colossians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards