All NT OTBook
Compare Texts
Ephesians 1 Ephesians 6

Philippians 1:1-30

Philippians 2 Colossians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Phl 1:1
 
ś Se mwen menm Pňl ak Timote, de sčvitč Jezikri, k'ap ekri lčt sa a voye bay tout pčp Bondye nan lavil Filip la k'ap viv ansanm nan Jezikri. Lčt sa a se pou tout moun ki chčf nan legliz la ak pou tout dyak yo tou.  
 
Phl 1:2
 
Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyč a, pou yo ban nou benediksyon ak kč poze.  
 
Phl 1:3
 
ś Mwen di Bondye mwen an mčsi pou nou chak fwa lide m' frape sou nou.  
 
Phl 1:4
 
Chak fwa m'ap lapriyč tou pou nou, mwen fč l' ak kč kontan,  
 
Phl 1:5
 
poutčt jan nou te ede m' gaye bon nouvčl la, depi premye jou a jouk koulye a.  
 
Phl 1:6
 
Mwen sčten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l' kontinye l' jouk li va fini l' nčt, lč jou Jezikri a va rive.  
 
Phl 1:7
 
ś Se tou nňmal pou m' fč lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m', nou tout ki kanpe la avč m' nan tout favč Bondye fč m', kit lč mwen nan prizon tankou koulye a, kit lč mwen te lib pou m' defann bon nouvčl la, pou m' moutre se laverite li ye.  
 
Phl 1:8
 
Mwen pran Bondye sčvi m' temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avčk renmen ki soti nan Jezikri.  
 
Phl 1:9
 
ś Lč m'ap lapriyč Bondye, mwen mande l' pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay,  
 
Phl 1:10
 
pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwňp, yo p'ap jwenn anyen pou repwňche nou lč Kris la va vini.  
 
Phl 1:11
 
Konsa, Jezikri va fč nou fč anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sčvi yon lwanj ak yon bčl bagay pou Bondye.  
 
Phl 1:12
 
ś Frč m' yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m' lan, yo pi fč travay predikasyon bon nouvčl la mache pase yo fč lňt bagay.  
 
Phl 1:13
 
Se konsa, tout gad palč yo ansanm ak tout lňt moun yo konnen se paske m'ap sčvi Kris la kifč m' nan prizon.  
 
Phl 1:14
 
Frč yo menm, bň pa yo, lč yo wč m' nan prizon an, pifň ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Seyč a. Sa ba yo plis kouraj koulye a pou fč konnen pawňl Bondye a san yo pa pč anyen.  
 
Phl 1:15
 
Gen ladan yo k'ap fč konnen Kris la paske jalouzi moute yo nan tčt, yo ta renmen ban m' traka. Se vre. Men, gen lňt tou k'ap fč l' ak bon lide nan tčt yo.  
 
Phl 1:16
 
Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fč l', paske yo konnen se Bondye menm ki ban m' travay sa a pou m' ka defann bon nouvčl la.  
 
Phl 1:17
 
Men, lňt yo ap fč konnen Kris la ak move lide dčyč tčt yo, y'ap fč l' pou lanbisyon pčsončl pa yo. Y'ap fč l' pou chache m' kont. Yo konprann yo ka fč m' lapenn antan m' nan prizon an.  
 
Phl 1:18
 
Men, sa pa fč m' anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fč konnen. Epi sa fč kč m' kontan. M'ap pi kontan toujou,  
 
Phl 1:19
 
paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyč n'ap fč pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen.  
 
Phl 1:20
 
Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jňdi a tankou anvan lčzňm ka wč pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri.  
 
Phl 1:21
 
ś Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutčt sa lanmň se yon gany pou mwen.  
 
Phl 1:22
 
Men, si antan m'ap viv sou tč a toujou, mwen ka fč kčk travay ankň pou Seyč a, nan ka sa a, mwen pa konn sa m' pito.  
 
Phl 1:23
 
Mwen ta renmen fč tou de: Mwen ta renmen mouri pou m' ta avč Kris la. Sa ta pi bon anpil pou mwen.  
 
Phl 1:24
 
Men, li ta pi bon pou nou pou m' rete viv sou latč.  
 
Phl 1:25
 
Mwen sčten se sa k'ap rive menm. Se poutčt sa, mwen konnen mwen gen pou m' rete, pou m' ka viv ansanm ak nou, pou m' ede nou grandi, pou m' ka fč nou kontan nan konfyans nou gen nan Bondye.  
 
Phl 1:26
 
Konsa, lč m'a tounen bň kote nou, m'a ban nou yon bčl okazyon pou nou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.  
 
Phl 1:27
 
ś Sčl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfňm ak bon nouvčl Kris la. Konsa, mwen ta mčt rive vin wč nou, mwen ta mčt pa kapab, se pou m' tande jan n'ap kenbe fčm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lňt. Se pou m' tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvčl la fč nou gen nan Bondye.  
 
Phl 1:28
 
Pa kite okenn lčnmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sčvi tankou yon prčv pou fč lčnmi yo wč se pčdi y'ap pčdi tčt yo. Men, pou nou menm, yo fč wč se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye.  
 
Phl 1:29
 
Paske nou menm k'ap sčvi Kris la, Bondye ban nou favč sa a, non sčlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avč li tou.  
 
Phl 1:30
 
Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wč m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk koulye a, jan nou konnen an.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Ephesians 1Ephesians 61 2 3 4 Philippians 2Colossians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards