All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 8

Deuteronomy 9:1-29

Deuteronomy 10 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 9:1
 
ś Koute byen, nou menm pčp Izrayčl! Lč a rive, jňdi a nou pral janbe lňt bň larivyč Jouden an pou n' al anvayi peyi ki pou nasyon ki gen plis moun pase nou, nasyon ki pi fň pase nou. Nou pral pran yon bann gwo lavil ki gen ranpa wotč syčl la pou pwoteje yo.  
 
Deu 9:2
 
Moun peyi a se yon bann moun ki gwončg, ki bčl wotč tankou moun Anak yo. Nou konn tande yo di pa gen moun ki ka kenbe tčt ak moun sa yo.  
 
Deu 9:3
 
Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyč a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparčt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fč yo bese tčt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparčt yo la pou la jan Seyč a te di l' la.  
 
Deu 9:4
 
Lč Seyč a, Bondye nou an, va fin chase moun sa yo devan nou, piga nou di nan kč nou se paske nou merite kifč Seyč a te fč n' antre pran peyi a pou nou. Non. Se paske moun sa yo mechan kifč Seyč a te mete yo deyň ban nou plas yo.  
 
Deu 9:5
 
Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifč Seyč a pral fč nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifč Seyč a, Bondye nou an, pral disparčt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l' te ka kenbe pawňl li te sčmante bay zansčt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakňb.  
 
Deu 9:6
 
Se pou nou konnen se pa paske nou merite anyen kifč Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou rele nou pa nou. Non! Paske se yon pčp ki gen tčt di anpil nou ye.  
 
Deu 9:7
 
ś Pa janm bliye jan ou te fč Seyč a, Bondye nou an, fache anpil nan dezč a. Depi lč nou te soti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fč wňklň devan Seyč a.  
 
Deu 9:8
 
Lč nou te sou mňn Orčb la, nou te eksite kňlč Seyč a. Li te sitčlman fache lč sa a, li te fč lide detwi nou tout.  
 
Deu 9:9
 
Mwen te moute sou mňn lan pou m' te al resevwa de wňch plat yo, wňch ki te gen kontra Seyč a te fč ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou, karant nwit, san manje, san bwč anyen sou mňn lan.  
 
Deu 9:10
 
Se lč sa a Seyč a te ban mwen de wňch plat yo. Se sou yo li te ekri avčk pwňp men l' tou sa li di nou, antan li te nan mitan gwo dife a, jou nou tout te reyini nan pye mňn lan.  
 
Deu 9:11
 
Wi, apre karant jou ak karant nwit, Seyč a ban mwen de wňch plat yo avčk kontra a ekri sou yo.  
 
Deu 9:12
 
Epi li di m' konsa: Leve non, desann mňn lan byen vit, paske pčp ou a, pčp ou te mennen soti kite peyi Lejip la, lage kň l' nan fč sa ki mal. Yo pa tann lontan pou yo kite chemen mwen te mete devan yo pou yo swiv la. Yo gen tan fonn metal, yo fč yon zidňl pou tčt pa yo.  
 
Deu 9:13
 
Apre sa, Seyč a di m' ankň: mwen gade pčp la, mwen wč se yon pčp ki gen tčt di anpil.  
 
Deu 9:14
 
Kite m' fč sa m'ap fč a non! Mwen pral disparčt yo nčt pou pesonn sou latč pa janm chonje te gen moun sa yo. Men ou menm, m'ap ba ou pitit ki va vin zansčt yon nasyon k'ap pi gran, k'ap pi fň pase yo.  
 
Deu 9:15
 
Mwen desann soti nan mňn lan ki te plen flanm dife: mwen te gen de wňch kontra yo nan men m'.  
 
Deu 9:16
 
Lč mwen wč nou te gen tan dezobeyi Seyč a, Bondye nou an, nou te gen tan kite chemen Seyč a te mete devan nou, nou te fonn metal, nou te fč estati yon ti towo,  
 
Deu 9:17
 
mwen pran de wňch plat ki te nan men m' yo, mwen voye yo jete, mwen kraze yo devan nou tout.  
 
Deu 9:18
 
Apre sa, mwen lage kň m' fas atč devan Seyč a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwč anyen. Tou sa, paske nou te fč sa ki mal devan Seyč a, nou pa t' fč l' plezi, nou te fč l' fache anpil.  
 
Deu 9:19
 
Mwen menm, mwen te pč anpil lč m' wč jan Seyč a te fache, paske li te fache kont pou l' te disparčt nou nčt. Men, fwa sa a ankň, Seyč a koute m'.  
 
Deu 9:20
 
Lč sa a, li te fache anpil tou sou Arawon jouk li te vle touye l'. Men, mwen te lapriyč nan pye l' pou Arawon.  
 
Deu 9:21
 
Mwen te pran estati ti towo bčf nou te fč ak move lide nan tčt nou an, mwen jete l' nan dife. Mwen mete l' nan yon pilon, mwen kraze l' an myčt moso, mwen fč l' tounen pousyč. Lčfini, mwen te jete pousyč a nan dlo larivyč ki desann soti nan mňn lan.  
 
Deu 9:22
 
Nou te eksite kňlč Seyč a tou lč nou te Tabera, lč nou te Masa ak lč nou te Simityč Grangou.  
 
Deu 9:23
 
Le Seyč a te ban nou lňd pati kite Kadčs-Banea pou n' al pran pou nou peyi li te di l'ap ban nou an, nou t'ap fč wňklň ak Seyč a, Bondye nou an. Nou pa t' kwč nan li, nou te derefize tande l'.  
 
Deu 9:24
 
Depi mwen konnen nou, se wňklň n'ap plede fč ak Bondye!  
 
Deu 9:25
 
Se konsa mwen lage kň m' fas atč devan Seyč a, pandan karant jou ak karant nwit, paske Seyč a te di l'ap disparčt nou.  
 
Deu 9:26
 
mwen te lapriyč Seyč a pou nou, mwen di l' konsa: O Seyč, Bondye mwen, tanpri! Pa detwi pčp ou a, pčp ki rele ou pa ou la, pčp ou te delivre ak pouvwa ou la, pčp ou te fč soti kite peyi Lejip ak fňs ponyčt ou a.  
 
Deu 9:27
 
Chonje sčvitč ou yo, Abraram, Izarak ak Jakňb! Pa gade sou tčt di pčp la, ni sou mechanste ak sou peche l'ap fč.  
 
Deu 9:28
 
Mwen pa ta vle pou nan peyi kote ou fč nou soti a moun yo ta di: Wi, Seyč a pa t' ka mennen yo nan peyi li te pwomčt l'ap ba yo a. Se rayi li rayi yo kifč li fč yo soti kite peyi Lejip la pou l' touye yo nan dezč a.  
 
Deu 9:29
 
Men, se pčp ou yo ye! Yo rele ou pa ou! Se avčk gwo pouvwa ou, avčk fňs ponyčt ou ou te fč yo soti kite peyi Lejip.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 81 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 10Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards