| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Deu 8:1 | ś Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kňmandman m'ap ban nou jňdi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te fč sčman m'ap bay zansčt nou yo.
| |
| | Deu 8:2 | Chonje tout chemen Seyč a, Bondye nou an, te fč nou pran nan dezč a pandan karantan pou l' te ka kraze lňgčy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kč nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kňmandman l' yo.
| |
| | Deu 8:3 | Li kraze lňgčy nou, li fč nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansčt nou yo pa t' janm konnen. Li fč tou sa pou li te fč nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawňl ki soti nan bouch Seyč a tou pou yo viv.
| |
| | Deu 8:4 | Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fč yon ti anfle.
| |
| | Deu 8:5 | Se pou nou manyč konprann koulye a, Seyč a, Bondye nou an, t'ap mete nou sou lňd tankou yon papa k'ap mete pitit li sou lňd.
| |
| | Deu 8:6 | Se poutčt sa, toujou kenbe tout lňd Seyč a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lčfini pou nou toujou gen krentif pou li.
| |
| | Deu 8:7 | Men, Seyč a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bčl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyč, anpil sous dlo, anpil dlo anba tč k'ap pete nan fon yo ak sou flan mňn yo,
| |
| | Deu 8:8 | yon peyi kote ki gen ble, lňj, rezen, pye fig frans, grenad, oliv ak siwo myčl,
| |
| | Deu 8:9 | yon peyi kote nou p'ap janm manke manje, kote nou va jwenn tou sa nou vle. Plen fč nan mitan wňch li yo. N'a jwenn kwiv nan mňn li yo.
| |
| | Deu 8:10 | ś Men, lč n'a fin manje plen vant nou, n'a fč lwanj Seyč a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an.
| |
| | Deu 8:11 | Veye kň nou pou nou pa janm bliye Seyč a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kňmandman, lňd ak prensip m'ap ban nou jňdi a.
| |
| | Deu 8:12 | Lč n'a fin manje plen vant nou, lč n'a fin bati bčl kay pou nou rete,
| |
| | Deu 8:13 | lč n'a wč bčf nou yo, kabrit nou yo ak mouton nou yo ap peple, lč n'a wč n'a gen lň ak ajan an kantite, lč n'a wč tout byen nou yo ap vin pi plis chak jou,
| |
| | Deu 8:14 | pa kite lňgčy vire tčt nou pou nou bliye Seyč a, Bondye nou an, ki te fč nou soti kite peyi Lejip kote yo te fč nou tounen esklav la.
| |
| | Deu 8:15 | Se li menm ki te pran men nou pou fč nou travčse gwo dezč plen danje a, kote ki gen eskňpyon ak sčpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fč dlo soti nan gwo wňch di a pou nou.
| |
| | Deu 8:16 | Nan dezč a se li menm ki te ban nou manje laman, yon kalite manje zansčt nou yo pa t' janm konnen. Li kraze lňgčy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kč kontan pi devan.
| |
| | Deu 8:17 | Pa janm mete nan tčt nou se kouraj nou ak fňs ponyčt nou ki fč nou gen tout richčs sa yo.
| |
| | Deu 8:18 | Chonje se Seyč a, Bondye nou an, ki te ban nou kouraj sa a. Se li menm ki te fč nou rive gen tout richčs sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansčt nou yo, epi l'ap kenbe l' jouk jňdi a.
| |
| | Deu 8:19 | Si nou rive bliye Seyč a, Bondye nou an, pou n' al kouri dčyč lňt bondye, pou nou fč sčvis pou yo, pou n' adore yo, mwen tou avčti nou jňdi a, nou tout nou gen pou nou disparčt.
| |
| | Deu 8:20 | Si nou pa koute sa Seyč a, Bondye nou an, di nou, nou pral disparčt menm jan ak nasyon Bondye pral disparčt devan nou yo.
| |