All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 6

Deuteronomy 7:1-26

Deuteronomy 8 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 7:1
 
ś Seyč a, Bondye nou an, pral fč nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fč sčt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fň pase nou, kouri met deyň devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perčz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.  
 
Deu 7:2
 
Seyč a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lč sa a, se pou nou detwi yo nčt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.  
 
Deu 7:3
 
Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo.  
 
Deu 7:4
 
Paske y'a pran tčt pitit gason nou yo, y'a fč yo vire do ban mwen pou y' al sčvi lňt bondye. Si nou fč sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparčt nou la pou la.  
 
Deu 7:5
 
Men sa pou n' fč yo: Demoli tout lňtčl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidňl yo.  
 
Deu 7:6
 
N'a fč sa paske se yon pčp k'ap viv apa pou Seyč a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyč a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pčp ki sou latč pou li fč nou tounen yon pčp ki rele l' pa l'.  
 
Deu 7:7
 
Si, nan tout pčp ki sou latč, se nou menm Seyč a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pčp nou an pase lňt yo. Okontrč, se nou ki te gen pi piti moun.  
 
Deu 7:8
 
Men, se paske Seyč a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomčs li te fč zansčt nou yo. Se poutčt sa li delivre nou avčk fňs ponyčt li. Li fč nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an.  
 
Deu 7:9
 
Se pou nou rekončt Seyč a, Bondye nou an, se sčl Bondye ki genyen, sčl Bondye k'ap toujou kenbe pawňl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fč tou sa l' mande yo fč, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.  
 
Deu 7:10
 
Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lňt moun ankň. Wi, li p'ap pran reta pou l' fč yo peye sa yo fč a.  
 
Deu 7:11
 
Se poutčt sa, se pou nou swiv tout kňmandman, tout lňd ak tout prensip mwen mande nou jňdi a pou nou swiv.  
 
Deu 7:12
 
ś Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tčt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyč a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansčt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fč sčman bay zansčt nou yo.  
 
Deu 7:13
 
L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fč nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bčf nou yo va bay anpil pňte, mouton nou yo va fč anpil pitit. L'a fč tou sa pou nou nan peyi li te pwomčt zansčt nou yo l'ap ban nou an.  
 
Deu 7:14
 
Bondye ap beni nou plis pase tout lňt pčp yo. p'ap gen yon moun nan mitan nou, fanm kou gason, ki p'ap ka fč pitit. Konsa tou, p'ap gen yonn nan bčt nou yo, ni mal ni fenmčl, ki p'ap ka fč pitit.  
 
Deu 7:15
 
Seyč a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wč ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wč nou yo.  
 
Deu 7:16
 
Se pou nou disparčt tout pčp Seyč a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fč sčvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.  
 
Deu 7:17
 
Si nou ta rive di nan kč nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fč pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tčt nou.  
 
Deu 7:18
 
Nou pa bezwen pč yo. Chonje tou sa Seyč a, Bondye nou an, te fč farawon an ak tout peyi Lejip li a.  
 
Deu 7:19
 
Chonje tout gwo malč nou te wč ak je nou, tout mčvčy ak tout mirak Seyč a te fč ak fňs ponyčt li ak gwo kouraj li pou l' fč nou soti kite peyi sa a. Seyč a pral fč menm jan an tou ak tout pčp nou pč yo.  
 
Deu 7:20
 
Sa ki pi rčd ankň, l'ap voye yon bann tanwouan pou touye tou sa ki va chape anba men nou pou y' al kache pou nou.  
 
Deu 7:21
 
Nou pa bezwen pč moun sa yo menm. Seyč a, Bondye nou an, kanpe la avčk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fč tout moun respekte l'.  
 
Deu 7:22
 
Seyč a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyň devan nou, yonn apre lňt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sčl kou. Paske si nou fč l', bčt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou.  
 
Deu 7:23
 
Men, Seyč a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fč yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparčt yo nčt.  
 
Deu 7:24
 
Seyč a pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fč tout moun sou latč bliye non yo. Pesonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout.  
 
Deu 7:25
 
N'a boule tout zidňl yo te taye nan bwa. Pa kite lň ak ajan ki kouvri zidňl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pčlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyč a, Bondye nou an, pa vle wč menm.  
 
Deu 7:26
 
Konsa tou, pa pran ankenn nan zidňl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fčt pou disparčt nčt.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 61 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 8Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards