All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 4

Deuteronomy 5:1-33

Deuteronomy 6 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 5:1
 
ś Moyiz fč tout pčp Izrayčl la sanble, epi li di yo: -Nou menm pčp Izrayčl, koute lňd ak kňmandman m'ap fč nou tande jňdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fč tou sa yo mande nou fč.  
 
Deu 5:2
 
Seyč a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mňn Orčb la.  
 
Deu 5:3
 
Se pa t' avčk zansčt nou yo sčlman Seyč a te pase kontra a, men avčk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jňdi a.  
 
Deu 5:4
 
Bondye te rete sou mňn lan, nan mitan dife a. Li te pale ak nou fas pou fas.  
 
Deu 5:5
 
Lč sa a, mwen menm mwen te kanpe nan mitan, Seyč a yon bň, nou menm yon bň, pou m' te rapňte nou tout pawňl Seyč a te di, paske nou te pč dife a, nou pa t' vle moute sou mňn lan. Men sa Seyč a te di:  
 
Deu 5:6
 
ś Se mwen menm, Seyč a, Bondye nou an, ki te fč nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.  
 
Deu 5:7
 
Piga nou sčvi lňt bondye pase mwen menm sčlman.  
 
Deu 5:8
 
Piga nou janm fč ankenn estati ni ankenn pňtre ki sanble bagay ki anwo nan syčl la osinon bagay ki sou latč ou ankň nan dlo anba tč a.  
 
Deu 5:9
 
Piga nou adore yo, ni piga nou sčvi yo. Paske, mwen menm Seyč a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fč jalouzi anpil. Lč yon moun rayi m', mwen fč pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.  
 
Deu 5:10
 
Men, lč yon moun renmen m', lč li fč sa m' mande l' fč, m'ap moutre l' jan moun renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.  
 
Deu 5:11
 
Piga nou janm nonmen non Seyč a, Bondye nou an, an jwčt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Seyč a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m' pou gremesi.  
 
Deu 5:12
 
Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou Bondye, jan mwen menm Seyč a, Bondye nou an, te ban nou lňd fč l' la.  
 
Deu 5:13
 
N'a travay sis jou. Lč sa a, n'a fč tou sa nou gen pou nou fč.  
 
Deu 5:14
 
Men, setyčm jou a, se jou repo Seyč a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fč ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bčf nou, ni bourik nou, ni ankenn nan lňt bčt nou genyen, ni moun lňt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou.  
 
Deu 5:15
 
N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Seyč a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fňs ponyčt mwen, ak gwo kouraj mwen. Se poutčt sa, Seyč a, Bondye nou an, te pase nou lňd pou nou pa bliye jou repo a.  
 
Deu 5:16
 
Respekte manman nou ak papa nou jan Seyč a, Bondye nou an, te pase nou lňd la, pou nou ka viv lontan ak kč kontan nan peyi Seyč a, Bondye nou an, te ban nou.  
 
Deu 5:17
 
Piga nou janm touye moun.  
 
Deu 5:18
 
Piga nou janm fč adiltč.  
 
Deu 5:19
 
Piga nou janm pran sa ki pa pou nou.  
 
Deu 5:20
 
Piga nou janm fč manti sou frč parčy nou nan tribinal.  
 
Deu 5:21
 
Piga nou janm pote lanvi sou madanm frč parčy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bčf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frč parčy nou.  
 
Deu 5:22
 
Men pawňl Seyč a te di nou lč nou tout nou te sanble sou mňn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fň ak nou. Li pa di anyen ankň apre sa. Li ekri kňmandman sa yo sou de wňch plat, epi li ban mwen yo.  
 
Deu 5:23
 
ś Men, lč pčp la tande bri vwa ki t'ap soti nan nwaj nwa a, lč yo wč mňn lan ki t'ap pran dife, yo vin jwenn mwen ansanm ak tout chčf branch fanmi yo ak tout chčf fanmi yo.  
 
Deu 5:24
 
Yo di m' konsa: -Koulye a, nou wč Seyč a, Bondye nou an. Nou wč jan li gen pouvwa, jan li merite yo fč lwanj li. Nou tande vwa l' ap pale nan mitan dife a. Jňdi a nou wč tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa.  
 
Deu 5:25
 
Bon. Koulye a, poukisa pou n' al riske tčt nou ankň avčk gwo dife sa a ki ka kankannen nou? Eske nou p'ap mouri si nou tande vwa Seyč a, Bondye nou an, ap pale yon lňt fwa ankň?  
 
Deu 5:26
 
Eske gen moun sou latč ki ka rete vivan toujou lč yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an?  
 
Deu 5:27
 
Ou mčt pwoche ou menm, pou ou tande tou sa Seyč a, Bondye nou an, va di. Apre sa, w'a tounen vin di nou sa li te di ou. N'a koute ou, epi n'a fč tou sa l' di nou fč.  
 
Deu 5:28
 
Seyč a te tande sa nou te di a, li di m' konsa: Mwen tande sa pčp la di la a. Yo gen rezon.  
 
Deu 5:29
 
Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kč yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lňd mwen yo, konsa yo ta viv ak kč kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo.  
 
Deu 5:30
 
Ale di yo yo mčt tounen anba tant yo.  
 
Deu 5:31
 
Men ou menm, ou va rete isit la avč m'. M'a ba ou tout kňmandman, tout lňd ak tout prensip pou ou moutre yo pou yo ka swiv yo nan peyi m'ap ba yo a.  
 
Deu 5:32
 
Veye kň nou pou nou viv jan Seyč a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.  
 
Deu 5:33
 
N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyč a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kč kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 41 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 6Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards