| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Deu 4:1 | ś Apre sa, Moyiz di pčp la: -Koulye a, nou menm pčp Izrayčl, se pou nou kenbe tout lňd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lňd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyč a, Bondye zansčt nou yo, ap ban nou an.
| |
| | Deu 4:2 | Piga nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fč a. Se pou nou kenbe tout kňmandman Seyč a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a.
| |
| | Deu 4:3 | Nou menm, nou te wč sa Seyč a te fč bň mňn Peyň a, lč li te touye tout moun nan mitan nou ki te al fč sčvis pou Baal sou mňn lan.
| |
| | Deu 4:4 | Men, nou menm ki pa t' lage pye Seyč a, Bondye nou an, nou tout la byen vivan toujou.
| |
| | Deu 4:5 | Gade! Mwen te moutre nou tout lňd ak tout regleman, jan Seyč a, Bondye mwen an, te mande m' fč l' la, pou nou te ka viv dapre lňd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an.
| |
| | Deu 4:6 | Se pou nou kenbe yo, se pou nou fč tou sa yo mande nou fč ladan yo. Paske, se konsa n'a fč lňt nasyon yo wč jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lč y'a rive tande pale tout lňd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pčp, papa! Pčp sa a gen tan gen konprann, yo gen tan gen lespri!
| |
| | Deu 4:7 | Paske pa gen lňt nasyon, li te mčt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avčk yo, tankou Seyč a, Bondye nou an, fč l' pou nou chak fwa nou rele l'.
| |
| | Deu 4:8 | Pa gen lňt nasyon, li te mčt gran kou l' gran, ki gen bon lňd ak bon prensip pou regle tout bagay san patipri tankou lalwa mwen mete devan nou jňdi a.
| |
| | Deu 4:9 | Tansčlman, veye kň nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wč ak pwňp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrč, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
| |
| | Deu 4:10 | Pa bliye jou nou te kanpe sou mňn Orčb la, devan Seyč a, Bondye nou an. Lč sa a, li te di mwen: Sanble tout pčp la pou m' ka fč yo tande pawňl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latč, lčfini pou yo moutre pitit yo fč menm bagay la tou.
| |
| | Deu 4:11 | N'a di yo ki jan nou te pwoche bň pye mňn lan. Lč sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mňn lan, yo t'ap moute byen wo nan syčl la.
| |
| | Deu 4:12 | Seyč a rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale.
| |
| | Deu 4:13 | Seyč a te fč nou konnen kontra li te pase ak nou an. Li mande nou pou nou kenbe l'. Li te ekri dis kňmandman yo sou de wňch plat yo, li mande pou nou swiv yo.
| |
| | Deu 4:14 | Lč sa a, Seyč a pase m' lňd pou m' moutre nou tout lwa ak tout prensip nou gen pou nou swiv nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou an.
| |
| | Deu 4:15 | Veye kň nou, tande! Se pou byen nou wi! Lč Seyč a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mňn Orčb la, nou pa t' wč anyen ki ta sanble ak yon bagay.
| |
| | Deu 4:16 | Piga nou fč sa nou pa dwe fč. Piga n' al fč ankenn zidňl pou nou adore, kit li gen fňm gason, osinon fňm fanm,
| |
| | Deu 4:17 | kit li gen fňm zannimo oswa fňm zwazo,
| |
| | Deu 4:18 | kit li gen fňm bčt k'ap trennen sou vant yo osinon fňm pwason.
| |
| | Deu 4:19 | Konsa tou, lč nou leve je nou nan syčl la, nou wč solčy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lňt bagay ki anwo nan syčl la. Pa kite yo vire tčt nou pou nou fč sčvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sčvis tout moun ki sou latč.
| |
| | Deu 4:20 | Kanta nou menm, Seyč a te pran nou, li fč nou soti kite peyi Lejip ki te pou nou tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fč, epi li fč nou tounen sa nou ye koulye a: yon pčp ki rele l' pa l'.
| |
| | Deu 4:21 | Men, Seyč a, Bondye nou an, te fache sou mwen poutčt nou. Li fč sčman li p'ap kite m' janbe lňt bň larivyč Jouden an, ni li p'ap kite m' mete pwent pye m' nan bon peyi li menm, Seyč a, Bondye nou an, ap fč nou kado a.
| |
| | Deu 4:22 | Se konsa, mwen menm, m'ap mouri bň isit la, mwen p'ap janbe lňt bň larivyč Jouden an. Men, nou menm, n'ap janbe lňt bň larivyč a, nou pral pran bon peyi sa a pou nou.
| |
| | Deu 4:23 | Veye kň nou pou nou pa janm bliye kontra Seyč a, Bondye nou an, te pase ak nou an. Piga nou janm fč ankenn zidňl, ankenn pňtre bagay Seyč a, Bondye nou an, te defann nou fč.
| |
| | Deu 4:24 | Paske Seyč a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fč jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.
| |
| | Deu 4:25 | Lč n'a gen pitit ak pitit pitit, lč n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fč sa nou pa t' dwe fč. Piga nou fč estati osinon pňtre ankenn bagay pou nou fč sčvis pou yo. Piga nou fč sa ki mal nan je Seyč a, Bondye nou an, pou nou fč l' fache.
| |
| | Deu 4:26 | Si nou fč bagay konsa, men m'ap pran syčl la ak latč a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jňdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparčt nan peyi nou pral pran pou nou lňt bň larivyč Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparčt nčt.
| |
| | Deu 4:27 | Seyč a pral gaye nou toupatou nan mitan lňt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyč a pral mennen nou an.
| |
| | Deu 4:28 | Lč n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fč sčvis pou bondye moun fč ak men yo, pou zidňl fčt an bwa, osinon an wňch, zidňl ki pa ka wč, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen.
| |
| | Deu 4:29 | Men, lč sa a, n'a pran chache Seyč a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kč nou, n'a jwenn li.
| |
| | Deu 4:30 | Men, lč n'a gen kč sere, lč tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyč a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an.
| |
| | Deu 4:31 | Paske Seyč a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kč, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansčt nou yo, kontra li te fč sčman l'ap toujou kenbe a.
| |
| | Deu 4:32 | Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan, nan tan ki te la anvan nou te fčt, depi lč Bondye te mete moun sou latč. Ale toupatou sou latč, mande si yon gwo bagay konsa te janm rive. Eske yo janm tande yon gwo koze tankou koze sa a?
| |
| | Deu 4:33 | Eske janm gen yon pčp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l' la, epi ki pa mouri apre sa?
| |
| | Deu 4:34 | Eske te janm gen yon bondye ki te penmčt li al chache yon pčp nan mitan yon lňt pčp pou fč li tounen pčp pa li, yon bondye ki te janm fč tout mirak ak tout bčl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fňs ponyčt li, ak gwo kouraj li epi ki te fč anpil bagay pou fč moun tranble jan Seyč a, Bondye nou an, te fč l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?
| |
| | Deu 4:35 | Se nou menm sčl Seyč a te fč wč tou sa pou nou te ka konnen se Seyč a ki sčl Bondye tout bon an, pa gen lňt ankň.
| |
| | Deu 4:36 | Li rete nan syčl la, li fč nou tande vwa l' pou l' te ka moutre nou anpil bagay. Sou latč menm, li fč nou wč yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou.
| |
| | Deu 4:37 | Li te renmen zansčt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifč li te fč yo santi li la ak yo, li fč yo wč gwo pouvwa li, li fč yo soti kite peyi Lejip.
| |
| | Deu 4:38 | Lčfini, li fč yon bann nasyon ki pi gran, ki pi fň pase nou kouri mete deyň pou fč plas ban nou. Li fč nou antre nan peyi yo. Li ban nou yo pou yo rele nou pa nou, jan sa ye jouk jňdi a.
| |
| | Deu 4:39 | Bon. Koulye a, konprann sa byen. Pa janm bliye se Seyč a ki Bondye anwo nan syčl la ak isit la sou latč. Wi, se li menm, pa gen lňt.
| |
| | Deu 4:40 | Se pou nou swiv tout lňd ak tout kňmandman mwen ban nou jňdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kč kontan nan peyi Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.
| |
| | Deu 4:41 | ś Apre sa, Moyiz chwazi twa lavil lňt bň larivyč Jouden, sou bň solčy leve,
| |
| | Deu 4:42 | lavil kote moun gen dwa kouri al kache si li ta touye yon moun pčp Izrayčl parčy li san li pa fč espre, san li pa janm gen anyen avč l'. Li gen dwa al kache kň l' nan yonn nan lavil sa yo pou yo pa touye l'.
| |
| | Deu 4:43 | Pou moun branch fanmi Woubenn yo, se te lavil Bezč nan dezč ki anwo sou platon an. Pou moun branch fanmi Gad yo, se te lavil Ramňt nan zňn Galarad la. Pou moun fanmi Manase yo, se te lavil Golan nan peyi Bazan.
| |
| | Deu 4:44 | Men lalwa Moyiz te mete devan moun pčp Izrayčl yo.
| |
| | Deu 4:45 | Men kňmandman, lňd ak prensip Moyiz te ba yo apre yo te fin soti kite peyi Lejip.
| |
| | Deu 4:46 | Lč sa a, yo te deja rive lňt bň larivyč Jouden, sou bň solčy leve, nan fon ki anfas Bčtpeyň a, nan peyi wa Siyon an. Siyon sa a te wa peyi Amori a, li te rete lavil Esbon. Men, Moyiz ak moun pčp Izrayčl yo te bat li apre yo te fin soti kite peyi Lejip la.
| |
| | Deu 4:47 | Yo pran peyi a nan men l'. Yo fč menm bagay la tou nan peyi Bazan, kote wa Og t'ap gouvčnen an. De wa peyi Amori sa yo t'ap viv lňt bň larivyč Jouden, sou bň solčy leve.
| |
| | Deu 4:48 | Peyi yo te pran an te konmanse depi lavil Awoyč ki sou tčt falčz toupre larivyč Anon an, li rive jouk mňn Siryon. Yo rele mňn sa a mňn Emon tou.
| |
| | Deu 4:49 | Yo te pran tou tout zňn Araba a, ki sou bň solčy leve larivyč Jouden an, rive lanmč Mouri a nan pye mňn Pisga.
| |