| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Deu 31:1 | ś Moyiz pale ankň ak tout pčp Izrayčl la, li di yo:
| |
| | Deu 31:2 | -Koulye a, mwen gen sanventan sou tčt mwen. Mwen pa gen fňs pou m' fč anyen ankň. Lčfini, Seyč a te tou di m' mwen p'ap janbe lňt bň larivyč Jouden an.
| |
| | Deu 31:3 | Seyč a, Bondye nou an, se li menm ki pral pran devan nou. L'ap detwi tout nasyon sa yo devan je nou pou nou ka pran peyi yo pou nou: Se Jozye ki va mache devan nou, jan Seyč a te di l' la.
| |
| | Deu 31:4 | Seyč a va detwi nasyon sa yo nčt, menm jan li te detwi Siyon ak Og, wa peyi Amori yo, ansanm ak tout moun nan peyi yo a nčt ale.
| |
| | Deu 31:5 | Seyč a pral lage yo nan men nou. Lč sa a, se pou nou aji avčk yo jan Seyč a te ban nou lňd aji ak yo a.
| |
| | Deu 31:6 | Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pč. Pa tranble lč yo parčt devan nou. Seyč a, Bondye nou an, kanpe la avčk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.
| |
| | Deu 31:7 | Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avč l' devan tout pčp Izrayčl la, li di l' konsa: -Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatčt pčp la pou l' antre pran peyi Seyč a te fč sčman l'ap bay zansčt yo a.
| |
| | Deu 31:8 | Seyč a va pran devan ou, l'a kanpe la avč ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pč. Ou pa bezwen tranble.
| |
| | Deu 31:9 | ś Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmčt li bay prčt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Seyč a, ansanm ak tout chčf fanmi pčp Izrayčl la.
| |
| | Deu 31:10 | Moyiz ba yo lňd sa a: -Chak sčtan, lč lanne pou yo renmčt dčt yo va rive, pandan y'ap fete fčt Joupa yo.
| |
| | Deu 31:11 | lč tout pčp Izrayčl la va vin adore Seyč a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fň devan yo tout, pou yo ka tande l' nan zňrčy yo.
| |
| | Deu 31:12 | N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lňt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyč a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fč tou sa ki ladan l'.
| |
| | Deu 31:13 | Se konsa, pitit yo ki pa t' janm konn lalwa a va tande l'. Y'a aprann gen krentif pou Seyč a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lč n'a janbe lňt bň larivyč Jouden an.
| |
| | Deu 31:14 | ś Lč sa a, Seyč a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avč l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lňd sa pou l' fč. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.
| |
| | Deu 31:15 | Seyč a parčt devan yo anndan Tant Randevou a, nan yon nwaj ki te gen fňm yon gwo poto devan pňt tant lan.
| |
| | Deu 31:16 | Seyč a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansčt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pčp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dčyč lňt bondye y'ap sčvi nan peyi lňt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avčk yo a.
| |
| | Deu 31:17 | Lč sa va rive, m'a fč yon sčl kňlč anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankň. Se peri y'a peri. Tout kalite malč ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lč sa a y'a blije rekončt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankň kifč tout malč sa yo rive yo.
| |
| | Deu 31:18 | Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fč twňp bagay mal lč yo te al kouri dčyč lňt bondye.
| |
| | Deu 31:19 | Koulye a, ekri chante sa a. W'a moutre tout moun pčp Izrayčl yo li, pou l' ka nan bouch yo tout, epi pou l' sa sčvi m' temwen kont yo.
| |
| | Deu 31:20 | Lč m'ap fč yo antre nan peyi mwen te pwomčt bay zansčt yo a, peyi kote lčt ak siwo myčl ap koule tankou dlo a, m'a fč yo manje plen vant yo, y'a viv alčz. Men, y'a kouri dčyč lňt bondye, y'a sčvi yo. Men mwen menm, y'a voye m' jete, y'a kraze kontra mwen te pase ak yo a.
| |
| | Deu 31:21 | Konsa, lč tout kalite malč ak lafliksyon va tonbe sou yo, chante sa a va sčvi m' temwen, l'ap toujou nan bouch yo, paske pitit yo p'ap janm bliye l'. Wi, depi koulye a, anvan menm mwen fč yo antre nan peyi mwen te pwomčt yo a, mwen konnen sa yo gen nan tčt yo.
| |
| | Deu 31:22 | ś Menm jou sa a, Moyiz ekri chante a epi li moutre tout moun pčp Izrayčl yo li.
| |
| | Deu 31:23 | Apre sa, Seyč a bay Jozye, pitit gason Noun lan, lňd li yo. Li di l' konsa: -Mete gason sou ou. Se pou ou vanyan. Paske se ou menm ki pou fč moun pčp Izrayčl yo antre nan peyi mwen te pwomčt m'ap ba yo a. M'ap kanpe la avč ou.
| |
| | Deu 31:24 | Lč Moyiz fin ekri tout pawňl lalwa Bondye a nan yon liv san li pa sote anyen,
| |
| | Deu 31:25 | li rele moun Levi ki te reskonsab pou pote Bwat Kontra Seyč a, li di yo konsa:
| |
| | Deu 31:26 | -Pran liv lalwa a, mete l' sou kote Bwat Kontra Seyč a, Bondye nou an. L'a rete la, l'a sčvi temwen kont nou.
| |
| | Deu 31:27 | Mwen konnen jan nou gen tčt di, jan nou pa vle koute. Si koulye a, pandan mwen vivan ankň nan mitan nou an, nou te kenbe tčt ak Seyč a konsa, lč m'a mouri menm se va pi rčd.
| |
| | Deu 31:28 | Sanble bň kote m' tout chčf fanmi nou yo ak tout chčf branch fanmi nou yo pou m' fč yo tande pawňl sa yo. Mwen pral pran syčl la ak latč a sčvi m' temwen sa mwen pral di nou la a.
| |
| | Deu 31:29 | Paske mwen konnen, lč m'a mouri, nou pral lage kň nou nan fč move bagay, nou pral kite chemen mwen te louvri devan nou an. Lč sa a, malč pral tonbe sou nou, paske nou te fč sa ki mal nan je Seyč a, nou te eksite kňlč li avčk tout move bagay nou t'ap fč yo.
| |
| | Deu 31:30 | Lč sa a, Moyiz pran resite byen fň tout chante sa a, depi nan konmansman jouk li bout, devan tout moun pčp Izrayčl yo ki te reyini pou yo te ka tande sa l'ap di a.
| |