 |
 |
|
|
|
 |
| |
| | Haitian Creole Bible |  | |  | | | | | Deu 30:1 | ś Mwen mete benediksyon ak madichon dčvan nou pou n' chwazi. Lč tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lňt nasyon nan peyi kote Seyč a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou,
| | | | Deu 30:2 | si nou tounen vin jwenn Seyč a, Bondye nou an, si nou koute l' ak tout kč nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lňd jňdi a,
| | | | Deu 30:3 | enben, lč sa a Seyč a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depňte yo tounen lakay yo. L'a chanje sň nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankň.
| | | | Deu 30:4 | Yo mčt depňte nou jouk nan dčnye bout latč, Seyč a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l' sanble nou ankň.
| | | | Deu 30:5 | Seyč a va fč nou tounen nan peyi kote zansčt nou yo te rete a, n'a tounen pran l' pou nou ankň. L'a fč nou plis byen pase sa l' te fč pou zansčt nou yo, l'a fč nou vin pi plis pase zansčt nou yo.
| | | | Deu 30:6 | Seyč a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kč nou ak sou kč pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kč nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
| | | | Deu 30:7 | Seyč a, Bondye nou an, va fč tout madichon sa yo tonbe sou lčnmi nou yo, sou moun ki pa t' vle wč nou yo, sou moun ki t'ap maltrete nou yo.
| | | | Deu 30:8 | Men, nou menm, n'a tounen vin jwenn Seyč a, n'a koute l', n'a fč tou sa li ban nou lňd fč a, jan mwen mande nou li jňdi a.
| | | | Deu 30:9 | Seyč a, Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fč tout zafč nou mache byen, l'a ban nou anpil pitit, l'a ban nou anpil bčt, l'a fč jaden nou yo bay bčl rekňt. Paske, Seyč a va pran plezi ankň pou l' fč nou viv ak kč kontan, menm jan li te pran plezi fč sa pou zansčt nou yo.
| | | | Deu 30:10 | Men, n'a gen pou nou koute Seyč a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kňmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyč a, Bondye nou an, ak tout kč nou, ak tout nanm nou.
| | | | Deu 30:11 | ś Kňmandman m'ap ban nou jňdi a, se pa bagay nou pa kapab fč, bagay nou pa ka rive fč.
| | | | Deu 30:12 | Se pa nan syčl la li ye pou n' ta di: Kilčs ki pral moute al chache l' nan syčl la pou fč nou tande l', pou n' ka fč sa l' mande nou fč a?
| | | | Deu 30:13 | Se pa lňt bň lanmč li ye non plis pou nou ta di: Kilčs ki pral janbe lanmč al chache l' pou nou ka tande sa l' di, pou nou ka fč sa l' mande nou fč a?
| | | | Deu 30:14 | Non. Li la toupre nou. Li nan bouch nou, li nan tčt nou pou nou ka fč sa l' mande nou fč a.
| | | | Deu 30:15 | ś Gade. Jňdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bň, lanmň ak madichon yon bň. Se nou ki pou chwazi.
| | | | Deu 30:16 | Sa m'ap mande nou jňdi a, se pou nou renmen Seyč a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fč tou sa li mande nou fč nan kňmandman li yo, nan lňd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyč a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.
| | | | Deu 30:17 | Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tčt nou pou n' al mete ajenou devan lňt bondye, pou n' al fč sčvis pou yo,
| | | | Deu 30:18 | m'ap avčti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lňt bň larivyč Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.
| | | | Deu 30:19 | Mwen pran syčl la ak latč a sčvi m' temwen jňdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bň, lanmň yon bň, benediksyon yon bň, madichon yon bň pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.
| | | | Deu 30:20 | renmen Seyč a, Bondye nou an. Koute l'. Pa lage l' menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fč nou viv lontan nan peyi Seyč a te fč pwomčs li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakňb, zansčt nou yo.
| | |  |
|
|
|  |