All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 2

Deuteronomy 3:1-29

Deuteronomy 4 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 3:1
 
ś Apre sa, nou pran yon lňt chemen nan direksyon peyi Bazan an. Men, Og, wa peyi Bazan an, soti ak tout lame li a, li vin kare pou batay ak nou bň lavil Edreyi a.  
 
Deu 3:2
 
Lč sa a, Seyč a di m' konsa: Nou pa bezwen pč li, mwen pral lage yo nan men nou, li menm ansanm ak tout pčp li a ak tout peyi li a. Menm sa nou te fč Siyon, wa peyi Amori ki te rete lavil Esbon an, se sa nou pral fč li tou.  
 
Deu 3:3
 
Se konsa Seyč a, Bondye nou an, te lage Og, wa peyi Bazan an, nan men nou ansanm ak tout pčp li a. Nou touye yo tout. Nou pa kite pesonn chape.  
 
Deu 3:4
 
Konsa tou, nou pran tout lavil yo pou nou. Pa t' gen yonn menm ki pa t' tonbe nan men nou. Antou nou te pran swasant lavil, tout lavil ki te nan zňn Agňb la, kote Og, wa Bazan an, t'ap gouvčnen.  
 
Deu 3:5
 
Tout lavil sa yo te gen bčl defans. Yo te gen ranpa byen wo, gwo baryč ak ba solid pou fčmen baryč yo. Nou te pran tou yon bann lňt lavil ki pa t' gen ranpa.  
 
Deu 3:6
 
Nou detwi yo nčt pou Bondye tankou yon ofrann, menm jan nou te fč l' pou Siyon, wa lavil Esbon an. Nou touye tout moun ki te nan lavil yo, fanm kou gason, timoun kou granmoun.  
 
Deu 3:7
 
Men, nou pran tout zannimo yo ak tout lňt bagay ki gen valč nan lavil yo pou nou.  
 
Deu 3:8
 
Se konsa, lč sa a, nou pran pou nou peyi tou de wa peyi Amori yo ki t'ap viv sou bň solčy leve, depi ravin Anon jouk mňn Emon, lňt bň larivyč Jouden an.  
 
Deu 3:9
 
Moun Sidon yo rele mňn Emon an Siryon, men moun Amori yo menm rele l' Seni.  
 
Deu 3:10
 
Nou pran tout lavil ki nan gwo platon sou tčt mňn yo, tout peyi Galarad la ak peyi Bazan an rive jouk Salka ak Edreyi, de lavil ki te pou Og, wa Bazan an.  
 
Deu 3:11
 
(Og, wa Bazan an, se te dčnye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Sčkčy li te fčt an fč, li te gen kat mčt edmi longč sou de mčt lajč. Yo ka wč l' jouk koulye a nan lavil yo rele Raba moun Amon yo.)  
 
Deu 3:12
 
ś Lč nou fin pran peyi a pou nou, mwen bay branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la pňsyon ki soti bň lavil Awoyč a, toupre ravin Anon, rive pran mwatye nan mňn Galarad la avčk tout lavil ki ladan yo.  
 
Deu 3:13
 
Mwen bay mwatye nan branch fanmi Manase a rčs zňn Galarad la ak tout peyi Bazan an, kote Og t'ap gouvčnen an. (Dapre sa yo di, peyi Bazan an, tout zňn Agňb la, se peyi refayim yo.  
 
Deu 3:14
 
Jayit, moun fanmi Manase, te pran tout zňn Agňb la, ki vle di peyi Bazan an rive jouk sou fwontyč peyi moun Jechou yo ak peyi moun Maka yo. Li bay peyi a non li. Li rele l' Bouk Jayi. Non sa a rete pou peyi a jouk koulye a.)  
 
Deu 3:15
 
Mwen bay Maki peyi Galarad la.  
 
Deu 3:16
 
Mwen bay branch fanmi Woubenn ak branch fanmi Gad yo zňn ki soti depi peyi Galarad la rive ravin Anon. Sou nan sid, baliz peyi a pase nan mitan ravin Anon. Sou nan nň, peyi a rive rivyč Jabňk ki te sčvi l' fwontyč ak peyi Amon an.  
 
Deu 3:17
 
Sou bň solčy kouche, larivyč Jouden an, depi letan Kinerčt jouk lanmč Sale a, lanmč yo rele Araba a, va sčvi fwontyč ki va desann anba lanmč Sale a jouk nan pye mňn Pisga a bň solčy leve.  
 
Deu 3:18
 
Menm lč sa a tou, mwen ba yo lňd sa yo: Seyč a, Bondye nou an, te ban nou peyi sa a pou nou rete! Koulye a, se pou tout gason ki gen laj pou fč lagč pran zam yo. Se pou yo janbe lňt bň larivyč Jouden an pran devan moun lňt branch fanmi nou yo.  
 
Deu 3:19
 
Sčl moun n'a kite nan lavil mwen ban nou yo, se va madanm nou ak pitit nou yo ansanm ak bčt nou yo. Pou bčt, mwen konnen nou pa manke sa.  
 
Deu 3:20
 
N'a ede rčs moun pčp Izrayčl yo jouk Seyč a va fin ba yo pňsyon pa yo jan li deja fč l' pou nou an, jouk y'a fin pran peyi Seyč a ap ba yo a lňt bň larivyč Jouden. Se lč sa a n'a tounen nan peyi mwen te chwazi pou m' ban nou an.  
 
Deu 3:21
 
ś Apre sa, mwen bay Jozye lňd sa a: Ou wč ak je ou tou sa Seyč a, Bondye nou an, te fč de wa peyi Amon yo. Se menm bagay la Seyč a ap fč wa tout peyi kote nou pral pase yo.  
 
Deu 3:22
 
Nou pa bezwen pč yo menm. Se Seyč a menm, Bondye nou an, ki pral goumen pou nou.  
 
Deu 3:23
 
Lč sa a atň, mwen mande Seyč a yon favč. Mwen di l':  
 
Deu 3:24
 
Seyč, Bondye mwen, se ou menm ki konmanse fč sčvitč ou la wč jan ou gen pouvwa, jan ou gen fňs kouraj. Pa gen lňt bondye ni nan syčl, ni sou latč ki ka fč tout gwo bagay w'ap fč yo.  
 
Deu 3:25
 
Tanpri souple, kite m' travčse lňt bň larivyč Jouden an pou m' ka wč bčl peyi ki lňt bň a, bčl mňn sa yo ak peyi Liban an tou.  
 
Deu 3:26
 
Men, se nou menm ki lakňz Seyč a te fache sou mwen, li refize tande m'. Li di m' konsa: Ase la! Pa janm vin pale m' bagay sa a ankň.  
 
Deu 3:27
 
Moute sou tčt mňn Pisga a. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade sou bň nň, sou bň sid, sou bň solčy kouche ak sou bň solčy leve. Louvri je ou. Gade byen, paske ou p'ap janm mete pwent pye ou lňt bň larivyč Jouden an.  
 
Deu 3:28
 
Bay Jozye lňd tou sa pou li fč. Ankouraje l'. Ba li fňs kouraj, paske se li menm ki pral janbe lňt bň larivyč Jouden an alatčt pčp la. Se li menm ki pral fč yo pran peyi ou pral wč a pou yo.  
 
Deu 3:29
 
Epi nou rete nan fon an, anfas lavil Bčtpeyň.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 21 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 4Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards