| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Deu 26:1 | ś Lč n'a rive nan peyi Seyč a, Bondye nou an, ban nou pou rele nou pa nou an, lč n'a fin pran tout peyi a pou nou pou nou rete ladan l',
| |
| | Deu 26:2 | chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fč sou tč Seyč a, Bondye li a, va ba li, l'a mete yo nan yon panyen, epi l'a pote l' kote Seyč a te chwazi pou l' rete nan mitan nou an.
| |
| | Deu 26:3 | Li aval jwenn prčt ki desčvis lč sa a, epi l'a di l': -Mwen deklare jňdi a, devan Seyč a, Bondye mwen an, mwen rekončt mwen antre nan peyi li te pwomčt li t'ap bay zansčt nou yo.
| |
| | Deu 26:4 | Prčt la va pran panyen an nan men li, l'a depoze l' devan lňtčl Seyč a, Bondye nou an.
| |
| | Deu 26:5 | Lč sa a, moun k'ap fč ofrann lan va pran lapawňl devan Seyč a, Bondye nou an, l'a fč deklarasyon sa a: -Zansčt mwen te yon moun peyi Aram ki t'ap pwonmennen mache toupatou. Yon jou, li desann nan peyi Lejip ak moun pa l' yo ki pa t' anpil. Yo pase kčk tan nan peyi a, yo tounen yon gwo nasyon ki te fň ak anpil anpil moun ladan l'.
| |
| | Deu 26:6 | Moun peyi Lejip yo tonbe maltrete nou, yo malmennen nou, yo fňse nou travay di tankou esklav.
| |
| | Deu 26:7 | Lč sa a, nou rele Seyč a, Bondye zansčt nou yo, pou l' vin ede nou. Li tande lapriyč nou. Li wč nan ki mizč nou te ye, li wč tout lapenn ki te nan kč nou, li wč jan yo t'ap peze nou.
| |
| | Deu 26:8 | Seyč a fč nou soti kite peyi Lejip la ak gwo fňs ponyčt li, li te fč anpil mirak ak anpil mčvčy, bagay ki te fč moun pč anpil.
| |
| | Deu 26:9 | Apre sa, li mennen nou isit la, li ban nou bčl tč sa a, kote lčt ak siwo myčl ap koule tankou dlo.
| |
| | Deu 26:10 | Se sa ki fč koulye a, Seyč, mwen pote ba ou pi bčl fwi nan premye rekňt ou ban mwen nan peyi a. Apre sa, nonm lan va depoze panyen an devan Seyč a, Bondye nou an, l'a mete ajenou devan l'.
| |
| | Deu 26:11 | Lčfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fč fčt pou tout bon bagay sa yo Seyč a te ba li. L'a fč moun Levi yo ansanm ak moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.
| |
| | Deu 26:12 | ś Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyčm tout bagay nou rekňlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prčt yo, moun lňt nasyon yo, timoun san papa yo ak včv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo.
| |
| | Deu 26:13 | Lčfini, n'a parčt devan lňtčl Seyč a, Bondye nou an, n'a di l': -Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fčt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prčt yo, moun lňt nasyon yo, timoun san papa ak včv yo, dapre lňd ou te ban mwen. Mwen fč tou sa ou te mande m' fč sou keksyon sa a. Mwen pa bliye anyen nan tou sa ou di m'.
| |
| | Deu 26:14 | Mwen pa t' manje ladan yo lč mwen te nan lapenn, ni lč mwen pa t' nan kondisyon pou fč sčvis pou ou. Ni mwen pa t' wete anyen ladan l' pou m' fč ofrann bay mň. Seyč, Bondye mwen, mwen te obeyi ou, mwen te fč tou sa ou te ban m' lňd fč sou keksyon sa a.
| |
| | Deu 26:15 | Rete nan syčl la, nan kay ki apa nčt pou ou a, voye je ou gade pčp ou a. Beni pčp Izrayčl la ansanm ak tč ou te ban nou an dapre pwomčs ou te fč zansčt nou yo. Beni peyi kote lčt ak siwo myčl ap koule tankou dlo a.
| |
| | Deu 26:16 | ś Seyč a, Bondye nou an, pase nou lňd jňdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fč sa yo mande nou la a ak tout kč nou ak tout nanm nou.
| |
| | Deu 26:17 | Jňdi a nou fč deklarasyon nou bay Seyč a: Nou di se li ki Bondye nou. Nou pwomčt pou nou toujou mache jan li vle l' la, pou nou fč tou sa ki nan lwa, nan lňd ak nan regleman li yo pou nou toujou koute sa l' di nou.
| |
| | Deu 26:18 | Jňdi a tou, Seyč a te asepte nou pou pčp li renmen anpil la, jan l' te fč nou pwomčs la. Epi li pase nou lňd pou nou fč tou sa l'a mande nou fč.
| |
| | Deu 26:19 | L'ap fč nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lňt nasyon li te fč yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pčp k'ap viv apa nčt pou Seyč a, Bondye nou an, jan l' te di l' la.
| |