All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 22

Deuteronomy 23:1-25

Deuteronomy 24 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 23:1
 
ś Lč yon nonm gen grenn li yo kraze, osinon pati li koupe, li pa gen dwa parčt tčt li ankň nan reyinyon pčp la ap fč pou fč sčvis pou Seyč a.  
 
Deu 23:2
 
Konsa tou, yon nonm ki gen san mele pa gen dwa parčt tčt li nan reyinyon pčp la ap fč pou fč sčvis pou Seyč a, ni pitit li yo, ni pitit pitit li yo, te mčt sou dis jenerasyon.  
 
Deu 23:3
 
Moun Amon yo ak moun Moab yo p'ap janm gen dwa parčt tčt yo nan reyinyon n'ap fč pou fč sčvis pou Bondye, ni pitit yo, ni pitit pitit yo, te mčt sou dis jenerasyon.  
 
Deu 23:4
 
Paske le nou te sou wout nou, apre nou te fin kite peyi Lejip la, yo pa t' ofri nou manje ak dlo. Okontrč, yo te peye Balaram, pitit gason Bejň a, pou l' te soti lavil Petň nan Mezopotami, vin ban nou madichon.  
 
Deu 23:5
 
Men, Seyč a, Bondye nou an, te refize koute Balaram, epi li fč madichon an tounen benediksyon pou nou, paske Seyč a, Bondye nou an, renmen nou.  
 
Deu 23:6
 
Konsa, toutotan n'ap viv sou latč, piga nou janm fč anyen ni pou ede yo ni pou fč yo plezi.  
 
Deu 23:7
 
Pa meprize moun Edon yo. Se moun menm ras avč nou yo ye. Pa meprize moun peyi Lejip yo non plis, paske yon lč se nan peyi yo nou te rete.  
 
Deu 23:8
 
Lč moun sa yo vin rete nan peyi nou an, sou twa jenerasyon, pitit yo va gen dwa vin nan reyinyon n'ap fč pou fč sčvis pou Bondye.  
 
Deu 23:9
 
ś Lč n'ap fč lagč ak lčnmi nou yo, antan n'ap viv nan kan, se pou nou egzante tou sa ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fč sčvis Bondye.  
 
Deu 23:10
 
Si yon moun ta nan kondisyon pou li pa ka sčvi Bondye paske li te voye sou li lannwit, l'a soti kite kan an, l'a rete deyň pou tout jounen an.  
 
Deu 23:11
 
Nan aswč, l'a lave kň l'. Apre solčy kouche, l'a ka antre nan kan an ankň.  
 
Deu 23:12
 
N'a chwazi yon kote andeyň limit kan an kote n'a ka ale fč bezwen nou.  
 
Deu 23:13
 
N'a pran yon pikwa nan zouti nou yo, n'a fouye yon twou, n'a degaje nou, epi n'a kouvri l' ak tč.  
 
Deu 23:14
 
Seyč a, Bondye nou an, ap pwonmennen nan tout kan an pou l' pwoteje nou, pou l' lage lčnmi nou yo nan men nou. Se poutčt sa, se pou nou toujou kenbe kan an pwňp nčt pou Seyč a pa wč anyen ladan l' ki pou ba l' kč tounen epi ki pou ta fč l' vire do ban nou.  
 
Deu 23:15
 
ś Si yon esklav sove lakay mčt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gen dwa renmčt li bay mčt li.  
 
Deu 23:16
 
N'a kite l' viv avčk nou nan mitan pčp la, nan nenpňt ki lavil l'a chwazi, kote l'a pi pito. Pa janm pwofite sou li.  
 
Deu 23:17
 
Piga ankenn gason ni ankenn fanm nan pčp Izrayčl la al pote tčt yo fč jennčs nan sčvis pou zidňl moun lňt nasyon yo.  
 
Deu 23:18
 
Pa janm kite yon fanm osinon yon gason vin nan tanp Bondye a pou fč ankenn ofrann ak lajan yo fč nan kondisyon sa a, paske Seyč a pa vle wč moun k'ap fč bagay konsa.  
 
Deu 23:19
 
Piga nou janm fč yon moun pčp Izrayčl parčy nou peye enterč lč nou prete l' lajan, osinon manje, osinon nenpňt lňt bagay.  
 
Deu 23:20
 
Nou gen dwa egzije yon moun lňt nasyon pou l' peye nou enterč sou sa nou prete l'. Men, nou pa ka fč yon moun pčp Izrayčl parčy nou sa. Se konsa, Seyč a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fč nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou.  
 
Deu 23:21
 
Lč yonn nan nou pwomčt Seyč a n'ap fč kichňy pou li, pa kite twňp tan pase anvan nou kenbe pwomčs la, paske Seyč a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lč sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou.  
 
Deu 23:22
 
Si nou pa fč Seyč a ankenn pwomčs, nanpwen peche nan sa.  
 
Deu 23:23
 
Men, depi yon pawňl sot nan bouch nou, fňk nou kenbe l'. Lč nou fč Seyč a yon pwomčs ak pwňp bouch nou san anyen pa t' fňse nou fč l', se pou nou kenbe l'.  
 
Deu 23:24
 
Lč nou pase nan jaden rezen yon moun pčp Izrayčl parčy nou, nou gen dwa manje kont rezen nou, jan nou vle. Men, piga nou pran anyen pote ale.  
 
Deu 23:25
 
Si nou antre nan jaden ble yon moun pčp Izrayčl parčy nou, si ble a mi, nou gen dwa kase kčk zepi ak men nou. Men, piga nou mete manchčt pou koupe ble ki mi nan jaden moun pčp Izrayčl parčy nou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 221 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 24Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards