All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 20

Deuteronomy 21:1-23

Deuteronomy 22 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 21:1
 
ś Si nan peyi Seyč a, Bondye nou an, te ban nou pou n' rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fč sa,  
 
Deu 21:2
 
chčf fanmi yo ak jij yo va soti, y'a mezire distans ki genyen ant kote yo jwenn kadav la ak lavil ki toupre yo.  
 
Deu 21:3
 
Y'a wč lavil ki pi pre a. Le sa a, chčf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va pran yon jenn ti gazčl bčf ki poko janm sčvi pou fč ankenn travay.  
 
Deu 21:4
 
Y'a mennen l' bň yon larivyč ki pa janm chčch, nan yon pozisyon kote tč a pa janm travay ni sekle. Epi se la y'a kase kou l'.  
 
Deu 21:5
 
Apre sa, prčt yo, pitit Levi yo, va vini, paske se yo menm Seyč a, Bondye nou an, te chwazi pou fč sčvis pou li ak pou beni pčp la nan non li. Se yo menm ki pou bay dčnye mo a lč gen diskisyon, lč gen san deyň.  
 
Deu 21:6
 
Apre sa, chčf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va lave men yo ak dlo anwo gazčl yo te touye a.  
 
Deu 21:7
 
Y'a di: Se pa nou ki touye moun sa a, ni nou pa wč ki moun ki fč krim sa a.  
 
Deu 21:8
 
Seyč! Ou menm ki te delivre moun Izrayčl yo anba moun peyi Lejip yo, padonnen pčp ou a. Pa rann nou reskonsab lanmň yon inonsan yo touye. Bondye va padonnen krim ki fčt la.  
 
Deu 21:9
 
Se konsa, n'a fč sa Seyč a te ban nou lňd fč a, yo p'ap rann nou reskonsab lanmň inonsan yo touye a.  
 
Deu 21:10
 
ś Lč n'ap fč lagč ak lčnmi nou yo epi Seyč a, Bondye nou an, fč nou genyen yo, li fč nou fč anpil prizonye,  
 
Deu 21:11
 
si yonn nan nou wč pami prizonye yo yon bčl fanm, epi li tonbe damou pou li, l'a gen dwa pran l' pou madanm li.  
 
Deu 21:12
 
L'a mennen l' lakay li. Fanm lan va koupe tout cheve nan tčt li, l'a koupe tout zong dwčt ak tout zong pye l' yo,  
 
Deu 21:13
 
l'a wete rad ki te sou li lč yo te fč l' prizonye a. L'a rete anndan kay nonm lan pandan yon mwa ap kriye pou papa l' ak manman l'. Apre sa, nonm lan va pwoche bň kote l', l'a marye avč l', l'a pran l' pou madanm li.  
 
Deu 21:14
 
Si apre sa, rive yon lč nonm lan pa renmen l' ankň, l'a kite l' al fč wout li. Li p'ap ka vann li pou lajan, ni li pa ka aji avč l' tankou yon esklav, paske se fňse li te fňse l' vin madanm li.  
 
Deu 21:15
 
ś Sipoze yon nonm ki gen de madanm, gen yonn li renmen plis pase lňt epi tou de madanm yo fč pitit gason pou li. Men, premye pitit gason l' lan twouve se pitit fanm li renmen mwens lan li ye.  
 
Deu 21:16
 
Lč lč a va rive pou l' separe byen l' yo bay pitit li yo, li p'ap ka fč patipri pou l' pran pitit gason fanm li pi renmen an pou l' ba li pňsyon ki pou ale pou premye pitit gason an, pňsyon ki pou pitit gason fanm li renmen mwens lan.  
 
Deu 21:17
 
Wč pa wč, se pou l' respekte dwa premye pitit gason l' lan, dwa pitit gason fanm li renmen mwens lan. L'a ba li de fwa lavalč sa li gen pou l' bay chak lňt pitit li yo, paske se li menm ki premye pitit gason li te fč lč li te jenn gason. Se li ki gen tout dwa yon premye pitit gason genyen.  
 
Deu 21:18
 
ś Si yonn nan nou gen yon pitit gason ki radi, ki gen tčt di, ki pa vle koute ni manman l' ni papa l' lč y'ap pale ak li, yo te mčt bat li, sa antre nan yon zňrčy soti nan lňt la,  
 
Deu 21:19
 
manman l' ak papa l' va kenbe l', y'a trennen l' devan chčf fanmi yo, nan tribinal ki bň pňtay lavil kote yo rete a.  
 
Deu 21:20
 
Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l' ban nou paske li radi, l'ap fč wondonmon, li pa vle koute lč n'ap pale avč l'. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis.  
 
Deu 21:21
 
Lč sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wňch jouk yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fčt nan mitan nou an. Tout moun nan pčp Izrayčl la va konn sa, y'a mache sou piga yo.  
 
Deu 21:22
 
Si yo kondannen yon moun pou yon krim li fč, epi lč yo fin touye l', yo pann kadav la nan yon pyebwa,  
 
Deu 21:23
 
pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fč Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fč ankenn vye bagay ki pou fč Seyč a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyč a pral ban nou pou nou rete a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 201 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 22Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards