All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 17

Deuteronomy 18:1-22

Deuteronomy 19 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 18:1
 
ś Prčt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pčp Izrayčl yo. Y'a viv ak manje pčp la va ofri bay Seyč a ak tou sa pčp la va mete apa pou Seyč a.  
 
Deu 18:2
 
Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pčp Izrayčl yo. Se Seyč a ki pňsyon pa yo jan li te di yo sa.  
 
Deu 18:3
 
Lč yon moun nan pčp la vin ofri yon bčf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyč a, men pňsyon ki va rete pou prčt fanmi Levi a. Men pňsyon y'a ba li: jigo a, machwč yo ak gradoub la.  
 
Deu 18:4
 
N'a ba li tou premye grenn n'a rekňlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n'a fč, ansanm ak premye lenn mouton n'a wete sou mouton nou yo.  
 
Deu 18:5
 
Paske se yo menm ak pitit gason yo Seyč a te chwazi nan mitan tout moun pčp Izrayčl yo pou sčvi l' prčt pou tout tan.  
 
Deu 18:6
 
Lč yon moun fanmi Levi ki rete nan yonn nan lavil nou yo, nenpňt kote nan peyi Izrayčl la, santi li ta renmen ale kote Seyč a te chwazi pou yo fč sčvis pou li a,  
 
Deu 18:7
 
lč li rive, si li fč travay yon prčt nan non Seyč a, Bondye li a, tankou tout lňt frč moun fanmi Levi parčy li yo ki te toujou la ap sčvi devan Seyč a,  
 
Deu 18:8
 
l'a resevwa menm kantite manje ak lňt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l'.  
 
Deu 18:9
 
ś Lč n'a fin antre nan peyi Seyč a, Bondye nou an, va ban nou an, pa lage kň nou nan fč menm vye bagay moun lňt nasyon yo ap fč.  
 
Deu 18:10
 
Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidňl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fč divinň, k'ap etidye zetwal nan syčl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fč maji.  
 
Deu 18:11
 
Piga gen nan mitan nou moun k'ap sčvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mň pou pale ak yo.  
 
Deu 18:12
 
Paske Seyč a pa vle wč moun k'ap fč bagay sa yo. Epitou, se paske moun lňt nasyon yo t'ap fč tout vye bagay sa yo kifč Seyč a, Bondye nou an, te mete yo deyň pou nou ka pran plas yo.  
 
Deu 18:13
 
Piga nou janm fč sa Seyč a, Bondye nou an, pa vle nou fč.  
 
Deu 18:14
 
Bann nasyon nou pral mete deyň nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinň ak moun k'ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Seyč a, Bondye nou an, pa penmčt nou fč bagay konsa.  
 
Deu 18:15
 
ś Moyiz di pčp la konsa: -Seyč a, Bondye nou an, gen pou l' voye yon pwofčt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan nou, yon moun pčp Izrayčl parčy nou. Se pou nou koute tou sa l'a di nou.  
 
Deu 18:16
 
Se sa menm nou te mande Seyč a, Bondye nou an, lč nou tout te reyini sou mňn Orčb la. Nou t'ap di nou pa vle tande vwa Seyč a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wč gwo flanm dife sa a ankň pou nou pa mouri.  
 
Deu 18:17
 
Lč sa a, Seyč a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi.  
 
Deu 18:18
 
M'a chwazi yonn nan yo pou pwofčt, m'a voye l' ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawňl mwen nan bouch li. Epi l'a di pčp la tou sa m'a ba li lňd di yo.  
 
Deu 18:19
 
Si yon moun pa koute sa pwofčt la ap di yo nan non mwen, se avč m' menm l'ap an afč. Se mwen menm menm la gen pou l' rann kont.  
 
Deu 18:20
 
Konsa tou, si yon pwofčt ta penmčt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lňt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fč a.  
 
Deu 18:21
 
Koulye a nou dwe ap di nan kč nou: Ki jan pou nou fč konnen si sa pwofčt la ap di a se pa pawňl ki soti nan Bondye?  
 
Deu 18:22
 
Enben, si pwofčt la di l'ap pale nan non Seyč a, epi sa li di a pa rive vre, lč sa a, n'a konnen Seyč a pa t' janm di l' di pawňl konsa. Se lňgčy ki te pouse pwofčt la di sa l' di a. Nou pa bezwen pč l'.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 171 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 19Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards