All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 16

Deuteronomy 17:1-20

Deuteronomy 18 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 17:1
 
ś Piga nou janm pran yon bčf, osinon yon kabrit oswa yon mouton ki gen yon enfimite, osinon ki donmaje pou nou ofri bay Seyč a, Bondye nou an, paske Seyč a, Bondye nou an, pa vle wč bagay konsa menm.  
 
Deu 17:2
 
Si ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Seyč a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fč yon bagay ki pa fč Seyč a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a,  
 
Deu 17:3
 
pou l' al fč bagay Seyč a pa janm mande nou fč, pou l' al sčvi lňt bondye, tankou solčy, lalin osinon kčk lňt zetwal nan bann zetwal ki nan syčl la,  
 
Deu 17:4
 
epi sa rive tonbe nan zňrčy nou, lč n'a vin konn sa, n'a chache konnen byen sa ki te pase. Si sa te fčt vre, si yo ka rive ban nou prčv se yon moun nan pčp Izrayčl la menm ki te fč move bagay sa a,  
 
Deu 17:5
 
lč sa a, n'a fč yo pran moun ki te fč move bagay sa a, fanm ou gason, y'a mennen l' lňt bň pňtay lavil la, y'a kalonnen l' wňch jouk li mouri.  
 
Deu 17:6
 
Anvan nou kondannen yon moun amň, fňk gen de osinon twa moun ki pou kanpe pou fč depozisyon kont li. Si se yon sčl moun ki fč depozisyon kont li, yo pa ka kondannen moun lan amň.  
 
Deu 17:7
 
Lčfini, se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wňch yo. Apre sa, rčs pčp la va kalonnen l' wňch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fčt nan mitan pčp la.  
 
Deu 17:8
 
ś Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twň difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lňt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterč yo, ou ankň lč yon moun resevwa yon move kou nan kň l', ou nenpňt lňt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twň difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyč a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fč sčvis pou li a,  
 
Deu 17:9
 
n' aval jwenn prčt yo, moun Lčvi yo, ak jij ki de sčvis lč sa a, n'a espoze ka a ba yo. Yo menm y'a di nou ki jan pou nou rann jijman an.  
 
Deu 17:10
 
Lč sa a, nou menm poutčt pa nou, n'a fč tou sa moun ki rete kote Bondye te mete apa pou fč sčvis pou li a te di nou. N'a pran tout kalite prekosyon pou nou fč tou sa yo te moutre nou an.  
 
Deu 17:11
 
Se pou nou rann jijman an dapre regleman yo te moutre nou an, dapre jan yo menm yo te jije bagay la, san nou pa chanje anyen nan sa yo te di nou an.  
 
Deu 17:12
 
Men, si yon moun ap fč grandizč, epi li pa koute ni prčt ki la pou sčvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fčt nan mitan pčp la.  
 
Deu 17:13
 
Konsa tou, lč tout pčp la va konn sa, y'a pč, yo p'ap pran pňz grandizč yo ankň.  
 
Deu 17:14
 
ś Lč n'a fin antre nan peyi Seyč a, Bondye nou an, va ban nou an, lč n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tčt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvčnen nou tankou tout lňt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyč nou yo,  
 
Deu 17:15
 
se yon moun menm ras ak nou Seyč a, Bondye nou an, va chwazi pou li mete wa sou nou. Nou pa gen dwa pran yon moun lňt nasyon ki pa menm ras avčk nou pou nou mete l' wa sou nou.  
 
Deu 17:16
 
Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyč a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankň.  
 
Deu 17:17
 
Wa a pa fčt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fč l' pčdi tčt li. Li pa fčt pou l' gen twňp ajan ak twňp lň pou tčt pa l'.  
 
Deu 17:18
 
Lč wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sčvis pa li, dapre orijinal ki nan men prčt fanmi Levi yo.  
 
Deu 17:19
 
Se pou li toujou gen liv la avčk li, se pou li li l' chak jou jouk li mouri, pou l' ka aprann gen krentif pou Seyč a, Bondye li a, pou l' ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l' ka fč tou sa yo mande l' fč ladan l'.  
 
Deu 17:20
 
Konsa, li p'ap ka mete nan tčt li li plis pase rčs pčp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lňd nan sa Seyč a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chčf lontan nan mitan pčp Izrayčl la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 161 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 18Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards