| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Deu 16:1 | ś Lč mwa Abib la va rive, se pou nou fete fčt delivrans lan pou Seyč a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyč a, Bondye nou an, te fč nou soti kite peyi Lejip la.
| |
| | Deu 16:2 | Pou fčt delivrans lan, n'a ofri bčf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyč a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l' la.
| |
| | Deu 16:3 | Lč n'ap manje vyann bčt nou touye pou mwen an, nou pa pou manje pen fčt ak ledven avč l'. Pandan sčt jou, n'a manje pen fčt san ledven, pen malere, paske se prese prese nou te soti kite peyi Lejip la. Konsa, n'a toujou chonje tout tray nou te pase jou nou t'ap soti kite peyi Lejip la.
| |
| | Deu 16:4 | Pandan sčt jou sa yo, pesonn nan peyi nou an pa gen dwa gen ledven lakay li. Epi nan vyann nou te ofri pou mwen nan aswč premye jou a, pa kite anyen pase nwit pou denmen maten.
| |
| | Deu 16:5 | Nou p'ap gen dwa touye bčt nou ofri pou delivrans lan nan ankenn lavil Seyč a va ban nou pou nou rete.
| |
| | Deu 16:6 | Se va sčlman kote Seyč a te chwazi pou fč sčvis pou li a n'a touye bčt delivrans lan nan aswč apre solčy fin kouche, paske se yon lč konsa nou te soti kite peyi Lejip.
| |
| | Deu 16:7 | N'a kwit vyann bčt nou te ofri a epi n'a manje l' kote Seyč a te chwazi a. Apre sa, nan maten, n'a vire do nou, n'a tounen lakay nou.
| |
| | Deu 16:8 | Pandan sis jou, n'a manje pen fčt san ledven. Sou setyčm jou a, n'a reyini tout moun pou fč gwo sčvis pou Seyč a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fč ankenn travay.
| |
| | Deu 16:9 | N'a konte sčt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmase rekňt grenn nan jaden nou yo.
| |
| | Deu 16:10 | Apre sa, n'a fete Fčt Senmenn yo pou di Seyč a, Bondye nou an, mčsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyč a va ban nou nan favč li.
| |
| | Deu 16:11 | N'a fč fčt devan Seyč a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fč sčvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lňt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm včv k'ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a.
| |
| | Deu 16:12 | N'a toujou chonje nou menm tou yon lč nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutčt sa n'a toujou obeyi tout lwa sa yo.
| |
| | Deu 16:13 | Lč n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lč n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fč fčt Joupa yo pandan sčt jou.
| |
| | Deu 16:14 | N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lňt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm včv ki rete nan lavil kote nou ye a.
| |
| | Deu 16:15 | Pandan sčt jou, n'a fč fčt pou Seyč a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Seyč a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekňt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nčt ale.
| |
| | Deu 16:16 | Twa fwa chak lanne, pou fčt Delivrans lan, pou fčt Premye Rekňt la ak pou fčt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyč a, Bondye nou an, kote Seyč a te chwazi pou fč sčvis pou li a. Yo p'ap gen dwa vini de men vid.
| |
| | Deu 16:17 | Men, yo chak va bay kichňy, dapre benediksyon Seyč a, Bondye nou an, va ba yo.
| |
| | Deu 16:18 | ś N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyč a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fč travay yo san patipri.
| |
| | Deu 16:19 | Piga yo fč ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wč klč, li ka fč nou kondannen moun inonsan.
| |
| | Deu 16:20 | Pa janm kite anyen anpeche nou rann jistis jan nou dwe fč l' la. Konsa, n'a kapab viv, n'a kapab pran peyi Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou an pou nou.
| |
| | Deu 16:21 | Piga nou janm plante ankenn poto Achera ni ankenn pyebwa repozwa pou sčvi nou zidňl bň kote lňtčl n'ap bati pou Seyč a, Bondye nou an.
| |
| | Deu 16:22 | Piga nou janm mete wňch kanpe pou fč sčvis zidňl. Seyč a pa vle wč bagay konsa menm.
| |