All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 14

Deuteronomy 15:1-23

Deuteronomy 16 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 15:1
 
ś Chak sčtan n'a annile dčt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo.  
 
Deu 15:2
 
Men ki jan n'a fč l': Tout moun ki te prete yon moun pčp Izrayčl parčy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lč a rive pou yo annile tout dčt pou Seyč a, li p'ap ka egzije pou lňt la renmčt li lajan an ankň.  
 
Deu 15:3
 
N'a gen dwa egzije pou moun lňt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpňt kisa yon moun pčp Izrayčl parčy nou dwe nou, n'a kite l' pou li.  
 
Deu 15:4
 
Konsa, p'ap gen moun pňv nan mitan nou, paske Seyč a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an.  
 
Deu 15:5
 
Men, se pou nou toujou obeyi Seyč a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kňmandman m'ap ban nou jňdi a.  
 
Deu 15:6
 
Wi, Seyč a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomčt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lňt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lňt pčp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.  
 
Deu 15:7
 
Si ta gen yon pňv nan mitan moun pčp Izrayčl parčy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyč a te ban nou an, pa fčmen kč nou, pa refize lonje men bay frč nou ki nan nesesite.  
 
Deu 15:8
 
Okontrč, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen.  
 
Deu 15:9
 
Pa kite ankenn move lide pase nan tčt nou pou nou ta di: Nou toupre setyčm lanne a, lanne pou nou annile dčt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fč move jan ak frč parčy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lč sa a, l'a rele Seyč a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tň.  
 
Deu 15:10
 
Non. Se pou nou prete l' epi lč n'ap prete l', se pou ou fč l' ak tout kč ou. Konsa, poutčt sa, Seyč a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fč.  
 
Deu 15:11
 
Va toujou gen kčk moun nan pčp Izrayčl la k'ap nan nesesite. Se poutčt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frč parčy nou ki pňv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.  
 
Deu 15:12
 
ś Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tčt li ban nou pou li sčvi nou esklav, li va sčvi nou sizan. Lč setyčm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fč wout li.  
 
Deu 15:13
 
Lč n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen.  
 
Deu 15:14
 
Men, n'a fč l' kado nan bčt nou yo, nan rekňt jaden nou, nan diven nou ak lwil nou, ki vle di n'a separe avč l' byen Seyč a, Bondye nou an, te ban nou pou benediksyon.  
 
Deu 15:15
 
Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyč a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutčt sa mwen ban nou lňd sa a jňdi a.  
 
Deu 15:16
 
Men, si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avč l',  
 
Deu 15:17
 
lč sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fč l' pwoche bň pňt devan lakay nou, n'a pčse zňrčy li. Konsa, l'a rete ap sčvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fč menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou.  
 
Deu 15:18
 
Piga nou janm wč sa twň rčd pou nou voye yon esklav tounen lakay li, paske li te sčvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Seyč a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fč.  
 
Deu 15:19
 
ś Tout premye pitit mal fenmčl bčf nou osinon fenmčl mouton nou va fč, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyč a. Piga nou janm fč premye ti towo fenmčl bčf nou fč a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmčl mouton nou yo fč a.  
 
Deu 15:20
 
Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyč a, kote Seyč a, Bondye nou an, te chwazi a.  
 
Deu 15:21
 
Men, si l'ap bwete, osinon si li pčdi yon je, oswa si li gen nenpňt lňt enfimite ki konsekan, se pa pou nou touye l' pou Seyč a, Bondye nou an.  
 
Deu 15:22
 
N'a manje l' lakay nou, tout moun va manje ladan l', kit yo nan kondisyon pou sčvi Bondye, kit yo pa nan kondisyon pou fč l', menm jan yo konn manje vyann gazčl ak vyann towo bčf.  
 
Deu 15:23
 
Tansčlman, piga nou manje san l'. Se pou nou vide tout san an atč tankou dlo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 141 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 16Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards