All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Deuteronomy 11

Deuteronomy 12:1-32

Deuteronomy 13 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 12:1
 
ś Men lňd ak kňmandman pou nou swiv pandan tout tan nou gen pou nou viv nan peyi Seyč a, Bondye zansčt nou yo, ban nou pou nou rete a.  
 
Deu 12:2
 
Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sčvi bondye yo sou gwo mňn wo yo, sou ti bit mňn yo, anba pyebwa včt yo.  
 
Deu 12:3
 
Se pou nou demoli tout lňtčl yo, se pou nou gaye tout pil wňch zidňl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidňl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fč sčvis pou bondye sa yo la ankň.  
 
Deu 12:4
 
Nou pa fčt pou nou sčvi Seyč a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sčvi bondye yo.  
 
Deu 12:5
 
ś Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pčp la, kote pou yo fč sčvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyč a, Bondye nou an.  
 
Deu 12:6
 
Se la n'a pote ofrann pou boule nčt nan dife pou Seyč a ak lňt bčt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomčt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fč pou Bondye, premye pitit bčf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo.  
 
Deu 12:7
 
Se la, devan Seyč a, Bondye nou an, n'a fč fčt, n'a manje ansanm ak tout moun nan fanmi nou yo. Se la n'a fč kč nou kontan chak lč Seyč a va beni nou pou li te fč nou fč bčl rekňt.  
 
Deu 12:8
 
Lč sa a, nou p'ap gen dwa fč sa n'ap fč koulye a kote chak moun ap fč sa yo pi pito,  
 
Deu 12:9
 
paske nou poko antre nan peyi Seyč a, Bondye sou an, ap ban nou pou nou rete ak kč poze.  
 
Deu 12:10
 
Men, yon fwa n'a janbe lňt bň larivyč Jouden an pou n' al rete nan peyi Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou an, l'a pwoteje nou nan mitan tout lčnmi k'ap viv nan peyi ki sou fwontyč nou yo, n'a rete nan peyi a ak kč poze.  
 
Deu 12:11
 
Wi, Seyč a, Bondye nou an, va chwazi yon sčl kote pou yo fč sčvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bčt pou nou boule nčt nan dife pou Seyč a, lňt bčt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lňt ofrann yo ak tout lňt bčl kado nou te pwomčt pou n' te bay Seyč a.  
 
Deu 12:12
 
Lč sa a, n'a fč fčt devan Seyč a, Bondye nou an, ansanm avčk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pňsyon tč ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.  
 
Deu 12:13
 
Piga nou ofri bčt nou yo pou mwen nenpňt kote nou wč yo te mete apa pou lňt bondye yo.  
 
Deu 12:14
 
Seyč a pral chwazi yon kote nan pňsyon tč yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sčlman n'a ka ofri bčt pou nou boule nčt pou Seyč a, se la n'a fč tou sa li mande pou nou fč a.  
 
Deu 12:15
 
Men, nou lib pou nou touye bčt chak fwa nou vle manje vyann nenpňt kote nou ye, dapre kantite Seyč a va ban nou. Tout moun, kit sa ki nan kondisyon, kit sa ki pa nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye, va gen dwa manje vyann sa yo, tankou yo ta manje vyann gazčl ak vyann towo bčf.  
 
Deu 12:16
 
Men, piga nou janm manje san yo. Se pou nou vide tout san an atč tankou dlo.  
 
Deu 12:17
 
Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyč a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyč a: ki vle di premye pitit bčf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankň kado nou ta pwomčt Seyč a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fč Seyč a, ni ankenn lňt ofrann nou pote bay Seyč a.  
 
Deu 12:18
 
Men, se kote Seyč a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sčlman n'a manje ofrann yo devan Seyč a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fč fčt devan Seyč a, Bondye nou an.  
 
Deu 12:19
 
Toutotan n'ap viv nan peyi a, piga nou janm bliye moun Levi yo.  
 
Deu 12:20
 
Lč Seyč a, Bondye nou an, va mete sou tč nou deja genyen an jan li te pwomčt nou sa a, depi nou vle manje vyann, nou mčt manje vyann lč nou vle, kantite nou vle.  
 
Deu 12:21
 
Lč kote Seyč a chwazi pou yo fč sčvis pou li a twň lwen pou nou ale, n'a gen dwa touye bčf, kabrit ak mouton Seyč a va ban nou, jan mwen te di nou pou nou fč l' la. N'a gen dwa manje vyann lakay nou lč nou vle, kantite nou vle.  
 
Deu 12:22
 
Tout moun, kit yo nan kondisyon kit yo pa nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye, tout moun va gen dwa manje nan vyann sa a, tankou yo gen dwa manje vyann gazčl ak vyann towo bčf.  
 
Deu 12:23
 
Tansčlman, piga nou janm manje san an, paske san an se nanm bčt la li ye. Piga nou janm manje vyann lan ansanm ak nanm lan ladan l'.  
 
Deu 12:24
 
Piga nou janm manje san an. N'a vide l' atč tankou dlo.  
 
Deu 12:25
 
Si nou pa manje san an, tout bagay va mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'a fč sa ki fč Seyč a plezi.  
 
Deu 12:26
 
Men, n'a pran tout ofrann nou yo ak tout kado nou te pwomčt bay Seyč a, n'a pote yo kote Seyč a te chwazi a.  
 
Deu 12:27
 
Se la n'a ofri bčt pou boule nčt pou Seyč a sou lňtčl Seyč a. Se la n'a vide san lňt bčt n'ap ofri sou lňtčl Seyč a, epi se la n'a manje vyann lan tou.  
 
Deu 12:28
 
Se pou nou swiv pwen pa pwen tou sa m'ap mande nou fč a, se pou nou kenbe tout lňd mwen ban nou pou tout bagay toujou mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'ap fč tou sa ki byen, tou sa ki dwat devan Seyč a, Bondye nou an.  
 
Deu 12:29
 
Lč Seyč a, Bondye nou an, va fin disparčt nasyon yo sou chemen nou pou nou ka anvayi peyi yo a, lč n'a fin pran peyi a nan men yo pou nou ka rete nou menm ladan l',  
 
Deu 12:30
 
atansyon pou nou pa kite yo pran tčt nou pou nou fč menm jan ak yo. Apre Seyč a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n' al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sčvi, ni ki jan yo t'ap sčvi yo, lčfini pou nou fč tankou yo.  
 
Deu 12:31
 
Se pa konsa pou n' aji ak Seyč a, Bondye nou an. Paske, Seyč a pa ka sipňte tout vye sčvis y'ap fč pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwňp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!  
 
Deu 12:32
 
Se pou nou toujou fč tou sa mwen mande nou fč la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Deuteronomy 111 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 13Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards