| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Deu 10:1 | ś Apre sa, Seyč a te di m': Taye de wňch plat tankou de premye yo. Fč yon bwat an bwa, mete yo ladan l'. Moute vin jwenn mwen sou mňn lan.
| |
| | Deu 10:2 | Mwen pral ekri sou wňch yo tou sa mwen te ekri sou wňch plat ou te kraze yo. Lčfini, w'a mete yo nan bwat la.
| |
| | Deu 10:3 | Se konsa, mwen fč yon bwat an bwa zakasya, mwen taye de wňch plat tankou de premye yo, epi mwen moute sou mňn lan ak wňch yo nan men m'.
| |
| | Deu 10:4 | Seyč a make sou wňch yo dis pawňl li te ekri premye fwa a, dis kňmandman Seyč a te ban nou antan li te nan mitan dife a, jou nou tout nou te reyini nan pye mňn lan. Apre sa li ban mwen yo.
| |
| | Deu 10:5 | Mwen desann soti nan mňn lan. Mwen mete wňch plat yo nan bwat mwen te fč a, jan Seyč a te ban mwen lňd la, epi se la yo rete depi lč sa a.
| |
| | Deu 10:6 | Moun pčp Izrayčl yo kite pi Benčy-Jakan yo, yo pati pou Mosera. Se la Arawon te mouri. Se la tou yo antere l'. Se Eleaza, pitit li a, yo te mete prčt nan plas li.
| |
| | Deu 10:7 | Yo kite kote yo te ye a, yo pati pou Goud Goda, epi yo rive Jobata, yon kote ki te gen anpil dlo.
| |
| | Deu 10:8 | Se lč sa a Seyč a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyč a, pou yo ka kanpe devan l' fč sčvis pou li, pou yo ka beni pčp la nan non l', jan y'ap fč l' jouk koulye a.
| |
| | Deu 10:9 | Se poutčt sa, moun branch fanmi Levi yo pa t' resevwa ankenn pňsyon tč pou rele yo pa yo menm jan ak moun lňt branch fanmi yo paske se Seyč a ki tout byen yo, jan Seyč a, Bondye nou an, te di l' la.
| |
| | Deu 10:10 | Mwen menm, mwen rete karant jou, karant nwit sou mňn lan, jan mwen te fč l' premye fwa a. Fwa sa a ankň, Seyč a koute m', li te dakň pou l' pa detwi nou.
| |
| | Deu 10:11 | Lč sa a, li di m' konsa: Leve non. Pati, pran devan pčp la. Mennen yo al pran pou yo peyi mwen te sčmante m'ap bay zansčt yo a.
| |
| | Deu 10:12 | ś Koulye a, nou menm pčp Izrayčl, men sa Seyč a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyč a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sčvi l' ak tout kč nou ak tout nanm nou.
| |
| | Deu 10:13 | Se pou nou mache dapre tout kňmandman ak tout lňd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jňdi a.
| |
| | Deu 10:14 | Gade non! Se pou Seyč a syčl la ak tou sa ki anwo nčt nan syčl la ye. Se pou li latč ak tou sa ki ladan l' lan ye.
| |
| | Deu 10:15 | Men, pami tout ras moun ki sou latč yo, se zansčt nou yo li te pi pito, paske li te renmen yo. Apre yo, se nou menm, pitit yo, li pi pito nan mitan tout lňt ras moun, jan sa ye jouk koulye a.
| |
| | Deu 10:16 | Se poutčt sa, louvri kč nou nčt bay Seyč a. Sispann fč wňklň ak li,
| |
| | Deu 10:17 | paske Seyč a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chčf sou tout chčf. Li gen pouvwa, li gen fňs, li fč moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avčk kado y'ap ofri ba li.
| |
| | Deu 10:18 | L'ap defann kňz timoun ki san papa yo ak kňz fanm ki pčdi mari yo. Li renmen moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan pčp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.
| |
| | Deu 10:19 | Se pou nou renmen moun lňt nasyon sa yo tou paske yon lč se sa nou te ye nan peyi Lejip la.
| |
| | Deu 10:20 | Se pou Seyč a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sčlman pou nou sčvi. Pa janm lage l'. Se nan non l' ase pou nou fč sčman.
| |
| | Deu 10:21 | N'a fč lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wč ak je nou tout gwo bagay ak bčl mčvčy li te fč pou nou.
| |
| | Deu 10:22 | Lč zansčt nou yo te desann nan peyi Lejip, yo te swasanndis moun sčlman. Koulye a, Seyč a, Bondye nou an, fč nou vin anpil tankou zetwal nan syčl la.
| |