All NT OTBook
Compare Texts
Numbers 1 Numbers 36

Deuteronomy 1:1-46

Deuteronomy 2 Joshua 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Deu 1:1
 
ś Men pawňl Moyiz te di tout pčp Izrayčl la lč yo te lňt bň larivyč Jouden an, nan dezč a, nan plenn Araba ki anfas Souf: Yo te gen dezč Paran an sou yon bň ak lavil Tofčl, Liban, Azewňt ak Dizaab sou lňt bň a.  
 
Deu 1:2
 
Pou mache soti mňn Sinayi rive Kadčs-Banea, lč ou swiv wout ki pase nan mňn Seyi a, sa pran onz jou.  
 
Deu 1:3
 
Se premye jou nan onzyčm mwa karantyčm lanne depi yo te soti kite peyi Lejip la Moyiz te fč pale sa a ak pčp Izrayčl la, jan Seyč a te mande l' la.  
 
Deu 1:4
 
Lč sa a, Seyč a te fin bat Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon, ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete Astawňt nan zňn Edreyi.  
 
Deu 1:5
 
Se antan pčp la te lňt bň larivyč Jouden, nan peyi Moab la, Moyiz tanmen esplike yo tou sa Seyč a te di. Li di yo konsa:  
 
Deu 1:6
 
-Lč nou te sou mňn Orčb la, nou chonje Seyč a, Bondye nou an, te pale ak nou. Li te di nou: Koulye a, nou rete kont nou sou mňn sa a.  
 
Deu 1:7
 
Ranmase tout zafč nou pati. Ale nan mňn peyi Amori yo ak nan tout lňt peyi ki toupre l' yo, nan plenn Araba a, nan mňn yo, nan fon yo, nan Negčv la bň sid ak bň gwo lanmč Mediterane a. Ale nan peyi Kanaran an ak nan peyi Liban an jouk nou rive bň gwo larivyč Lefrat la.  
 
Deu 1:8
 
Nou wč! Men m'ap ban nou tout peyi sa yo. Al pran posesyon peyi mwen menm Seyč a, mwen te pwomčt m'ap bay zansčt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakňb, pou yo ak pou tout pitit yo ak pitit pitit yo apre yo.  
 
Deu 1:9
 
ś Menm lč sa a, mwen te di nou: Mwen pa kapab reskonsab nou tout pou kont mwen, chay la twňp pou mwen.  
 
Deu 1:10
 
Seyč a, Bondye nou an, ban nou anpil pitit, kifč koulye a nou vin anpil, tankou zetwal nan syčl la.  
 
Deu 1:11
 
Se pou Seyč a, Bondye zansčt nou yo, ban nou mil fwa plis pitit pase sa nou gen koulye a. Se pou l' beni nou jan li te pwomčt nou an.  
 
Deu 1:12
 
Men, ki jan pou m' fč pote tout chay sa a pou kont mwen, pou m' jwenn solisyon pou tout pwoblčm nou, pou m' regle tout kont nou gen yonn ak lňt?  
 
Deu 1:13
 
Se poutčt sa, nan chak branch fanmi nou yo, chwazi kčk nčg ki gen lespri, ki gen bon konprann, ki konn lavi, m'a mete yo chčf pou dirije nou.  
 
Deu 1:14
 
Lč sa a, nou te reponn mwen, nou te di m' konsa: Sa ou mande nou fč la a bon wi!  
 
Deu 1:15
 
Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chčf pou dirije nou. Genyen mwen mete chčf sou mil gason, dňt sou san gason, dňt sou senkant gason, dňt ankň sou dis gason. Mwen te chwazi lňt chčf tou pou chak branch fanmi.  
 
Deu 1:16
 
Lč sa a, men sa mwen te mande chčf nou yo pou yo fč: Chache konnen lč gen kont nan mitan pčp la. N'a regle tout kont yon moun ka gen ak frč parčy li osinon ak moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou. N'a fč sa san patipri.  
 
Deu 1:17
 
Nou p'ap nan achte figi lč n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannčg. Nou pa bezwen pč pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lč se yon ka ki twň difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.  
 
Deu 1:18
 
Se konsa, menm lč sa a, mwen te ban nou lňd, mwen te di nou sa pou n' fč ak sa pou n' pa fč.  
 
Deu 1:19
 
ś Apre sa, nou leve, nou kite mňn Orčb la. Jan Seyč a, Bondye nou an, te ban nou lňd la, nou mache nan tout gwo dezč ki gen anpil danje ladan l' lan, dezč nou te wč a, nou pran chemen pou n' al nan mňn peyi Amori yo, epi nou rive Kadčs Banea.  
 
Deu 1:20
 
Lč sa a, mwen di nou: Men nou rive nan mňn peyi Amori yo, peyi Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou an.  
 
Deu 1:21
 
Gade, men peyi Seyč a, Bondye nou an, ap ban nou an. Ale non, pran peyi a pou nou, jan Seyč a, Bondye zansčt nou yo, te di l' la. Nou pa bezwen pč, kč nou pa pou janm kase.  
 
Deu 1:22
 
Lč sa a nou tout, nou vin jwenn mwen, nou di m' konsa: Ann voye kčk nčg pami nou devan pou y' al wč ki jan peyi a ye. Y'a tounen vin esplike nou ki wout pou nou swiv ak nan ki lavil nou ka antre.  
 
Deu 1:23
 
Mwen te wč sa nou di m' lan se te bon koze. Se konsa mwen chwazi douz nčg, yonn nan chak branch fanmi.  
 
Deu 1:24
 
Yo pati, yo pran chemen mňn lan jouk yo rive nan Fon Echkňl: yo vizite tout zňn lan nčt.  
 
Deu 1:25
 
Yo pran kčk fwi peyi a donnen, yo pote ban nou. Epi yo di nou peyi Seyč a ap ban nou an se yon bon venn tč.  
 
Deu 1:26
 
Men, nou pa t' vle al ladan l'. Se konsa nou te derefize obeyi lňd Seyč a, Bondye nou an, te ban nou.  
 
Deu 1:27
 
Nou antre lakay nou, nou pran plenyen. Epi nou di se vle Seyč a pa vle wč nou! Se poutčt sa li fč nou soti kite peyi Lejip pou l' lage nou nan men moun peyi Amori yo pou yo ka fini ak nou.  
 
Deu 1:28
 
Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fň pase nou, yo pi bčl wotč pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syčl la. Nou te menm wč kčk moun ras Anak yo la tou.  
 
Deu 1:29
 
Men, mwen di nou: Kč nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pč moun sa yo.  
 
Deu 1:30
 
Seyč a, Bondye nou an, ap mache alatčt nou. Li pral goumen pou nou menm jan nou te wč l' fč l' la nan peyi Lejip  
 
Deu 1:31
 
ak nan dezč a. Nou wč ki jan sou tout wout la li pa janm lage nou, tankou yon papa ki pa janm lage pitit li, jouk nou rive bň isit la.  
 
Deu 1:32
 
Men, atout mwen te di nou sa, nou pa t' vle mete konfyans nou nan Seyč a, Bondye nou an,  
 
Deu 1:33
 
li menm ki te pran devan nou sou tout wout la pou l' te ka jwenn kote pou nou moute kan nou. Lannwit, li te mache devan nou nan yon poto dife. Lajounen, nan yon gwo nwaj li te moutre nou chemen pou nou pran.  
 
Deu 1:34
 
Lč Seyč a tande jan nou t'ap plenyen, li te fache anpil, li fč sčman, li di:  
 
Deu 1:35
 
Pa gen yonn nan tout move sije sa yo k'ap viv koulye a k'ap antre nan bon peyi mwen te pwomčt m'ap bay zansčt nou yo,  
 
Deu 1:36
 
an wetan Kalčb, pitit gason Jefoune a, ki va antre nan peyi sa a. M'a ba li peyi li te al espyonnen an, pou li ak pou pitit li yo, paske li te obeyi m' san gad dčyč.  
 
Deu 1:37
 
Nou lakňz Seyč a te fache ata avč m', epi li di m': Ou menm tou Moyiz, ou p'ap antre nan peyi a.  
 
Deu 1:38
 
Se Jozye, pitit gason Noun lan, k'ap sčvi avč ou la, ki va antre nan plas ou. Ankouraje l' tande, paske se li menm ki pou fč pčp Izrayčl la antre al pran peyi a.  
 
Deu 1:39
 
Men, se pitit nou yo, sa nou di ki tapral tonbe anba men lčnmi nou yo, timoun nou yo ki koulye a poko konnen sa ki byen ak sa ki mal, se yo menm ki pral antre nan peyi a. Se yo menm mwen pral bay peyi a, se yo menm ki pral rete ladan l'.  
 
Deu 1:40
 
Men nou menm, tounen tounen nou nan dezč a! Pran chemen Lanmč Wouj la ankň!  
 
Deu 1:41
 
Lč sa a nou reponn mwen: Nou rekončt nou peche kont Seyč a. Nou prale, epi n'a goumen jan Seyč a, Bondye nou an, te ban nou lňd la. Epi nou leve nou pran zam nou. Nou te kwč sa tapral fasil pou nou pran mňn yo.  
 
Deu 1:42
 
Men, Seyč a di m' avčti nou: Piga n' al atake, piga n' al fč lčnmi nou yo bat nou, paske li p'ap kanpe avčk nou.  
 
Deu 1:43
 
Mwen te pale nou, men nou pa t' koute m', nou derefize swiv lňd Seyč a te ban nou. Nou te konprann nou te fň kont kň nou pou n' te al pran mňn lan.  
 
Deu 1:44
 
Lč sa a, moun peyi Amori yo ki te rete nan mňn yo soti vin kontre ak nou. Tankou yon desen myčl, yo kouri dčyč nou, yo bat nou byen bat nan tout peyi Seyi a rive jouk Oma.  
 
Deu 1:45
 
Lč nou tounen, nou kriye nan pye Seyč a, men Seyč a pa t' koute sa nou t'ap di l', li pa t' pran ka nou.  
 
Deu 1:46
 
Se poutčt sa nou te blije pase tout tan sa a nan zňn Kadčs la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Numbers 1Numbers 361 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 Deuteronomy 2Joshua 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards