All NT OTBook
Compare Texts
Galatians 1 Ephesians 2

Ephesians 3:1-21

Ephesians 4 Philippians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Eph 3:1
 
ś Se poutčt sa, mwen menm Pňl ki nan prizon poutčt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyč pou nou devan Bondye.  
 
Eph 3:2
 
Mwen kwč nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kč l', te ban m' travay sa a pou m' te fč pou nou.  
 
Eph 3:3
 
Bondye devwale m' sekrč travay li a, pou m' te ka konnen plan li te gen sere nan kč li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kčk mo pi wo a.  
 
Eph 3:4
 
Lč n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrč Kris la.  
 
Eph 3:5
 
Nan tan lontan Bondye pa t' devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latč, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l' bay moun li mete apa pou sčvi l' apňt ak pwofčt.  
 
Eph 3:6
 
Men sekrč a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvčl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pňsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kň ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomčs Bondye te fč a.  
 
Eph 3:7
 
Kifč m'ap sčvi bon nouvčl sa a, se paske Bondye nan bon kč l' fč m' yon favč, li fč pouvwa li travay nan mwen.  
 
Eph 3:8
 
Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pčp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilčj sa a, pou m' fč moun lňt nasyon yo konnen bon nouvčl richčs Kris la, richčs moun p'ap janm fin konprann.  
 
Eph 3:9
 
Li ban m' privilčj sa a pou m' fč tout moun wč aklč ki jan plan travay Bondye te sere nan kč li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kč l' depi lontan.  
 
Eph 3:10
 
Men koulye a, avčk legliz la, tout chčf ak tout otorite ki nan syčl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fňm li yo.  
 
Eph 3:11
 
Bondye aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Seyč nou an.  
 
Eph 3:12
 
Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kč sote.  
 
Eph 3:13
 
Se sak fč, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutčt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bčl avantaj sa ye pou nou.  
 
Eph 3:14
 
ś Wi, se poutčt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a,  
 
Eph 3:15
 
ki bay tout fanmi ki nan syčl la ak sou latč a non yo.  
 
Eph 3:16
 
M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richčs pouvwa li a, fňs ak kouraj nan kč nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktč nou,  
 
Eph 3:17
 
pou Kris la rete nan kč nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fčm nan renmen,  
 
Eph 3:18
 
pou nou ka konprann, ansanm ak tout pčp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.  
 
Eph 3:19
 
Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nčt. Konsa, n'a vin plen nčt ak tou sa ki nan Bondye.  
 
Eph 3:20
 
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fč pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.  
 
Eph 3:21
 
Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amčn. Se sa menm!  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Galatians 1Ephesians 21 2 3 4 5 6 Ephesians 4Philippians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards