All NT OTBook
Compare Texts
2 Corinthians 1 Galatians 3

Galatians 4:1-31

Galatians 5 Ephesians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Gal 4:1
 
ś Enben! Men sa m' vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l' menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mčt tout bagay.  
 
Gal 4:2
 
Toutotan li timoun toujou, li sou lňd moun k'ap okipe l' la, moun k'ap regle zafč l' pou li a, jouk lč papa a te fikse a rive.  
 
Gal 4:3
 
Nou menm tou, toutotan nou te tankou timoun, nou te esklav tout lide ki t'ap mennen lčzňm nan lemonn.  
 
Gal 4:4
 
Men, lč lč a rive, Bondye te voye pwňp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo,  
 
Gal 4:5
 
pou l' te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n' te kapab vin pitit Bondye.  
 
Gal 4:6
 
Pou fč nou wč nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kč nou.  
 
Gal 4:7
 
Konsa, ou pa esklav ankň, ou se yon pitit. Si ou se yon pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen li sere pou pitit li yo.  
 
Gal 4:8
 
ś Nan tan lontan, nou pa t' konnen Bondye, nou te esklav yon bann bondye ki pa t' Bondye.  
 
Gal 4:9
 
Men, koulye a nou rive konn Bondye, ou pito koulye a Bondye konnen nou, kouman nou fč vle tounen al jwenn ti lespri sa yo ki tou fčb, tou mizerab? Ki jan pou nou vle tounen esklav yo ankň?  
 
Gal 4:10
 
Ki jan fč gen jou, gen mwa, gen sezon, gen lanne ki gen pi konsekan pou nou pase lňt?  
 
Gal 4:11
 
Mwen pč pou nou anpil. Gen lč mwen te travay mal nan mitan nou? Se sa m'ap mande mwen.  
 
Gal 4:12
 
ś Frč m' yo, tanpri souple. Se pou nou vin tankou m', menm jan mwen menm tou mwen te vini tankou nou. Nou pa janm fč m' okenn tň.  
 
Gal 4:13
 
Nou chonje kisa ki te fč m' anonse nou bon nouvčl la pou premye fwa a? Se paske m' te malad.  
 
Gal 4:14
 
Lč sa a, malgre maladi m' lan ta ka yon eprčv pou nou, nou pa t' meprize m', ni nou pa t' repouse mwen. Okontrč, nou te resevwa m' tankou si m' te yon zanj Bondye, tankou si se Jezikri menm m' te ye.  
 
Gal 4:15
 
Lč sa a, nou pa t' manke kontan! Kisa ki rive nou konsa? Mwen ka di sa pou nou: si nou te gen pou n' te rache je nou ban mwen, nou ta fč li.  
 
Gal 4:16
 
Men koulye a, čske mwen tounen yon lčnmi pou nou paske m'ap di nou laverite?  
 
Gal 4:17
 
ś Lňt moun sa yo enterese anpil nan nou, men lide yo gen dčyč tčt yo pa bon menm. Yo ta vle separe nou avč m' pou nou ka enterese nan yo ase.  
 
Gal 4:18
 
Sa bon pou nou enterese nan lňt moun tou, men fňk nou pa gen move lide nan tčt nou. Wi, se pou nou toujou enterese nan lňt moun, menm lč mwen pa nan mitan nou.  
 
Gal 4:19
 
ś Pitit mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k'ap soufri doulč tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fňme nčt nan nou.  
 
Gal 4:20
 
Jan m' ta renmen bň kote nou koulye a pou m' ta ka pale yon lňt jan avčk nou! Se pa ti kras pč mwen pč pou nou!  
 
Gal 4:21
 
ś Manyč di m', nou menm ki vle rete anba lalwa a: gen lč nou pa konprann sa lalwa a di?  
 
Gal 4:22
 
Li di nou konsa: Abraram te gen de pitit gason, yonn avčk fanm ki te esklav la, yon lňt avčk fanm ki pa t' esklav la.  
 
Gal 4:23
 
Pitit fanm ki te esklav la te fčt dapre egzijans lachč, men pitit fanm ki pa t' esklav la te fčt dapre pwomčs Bondye.  
 
Gal 4:24
 
Nou ka pran istwa sa a pou yon parabňl: de fanm sa yo se de kontra. Aga se kontra ki te fčt sou Mňn Sinayi a. Tout pitit li yo se esklav yo ye.  
 
Gal 4:25
 
Aga se Mňn Sinayi nan peyi Arabi. Li koresponn ak lavil Jerizalčm ki la koulye a nan esklavaj ak tout pitit li yo.  
 
Gal 4:26
 
Men, Jerizalčm ki nan syčl la, li lib. Se li menm ki manman nou.  
 
Gal 4:27
 
Men sa ki ekri nan Liv la: Fč kč ou kontan, ou menm fanm ki pa t' ka fč pitit! Rele! Fč tout moun konnen jan ou kontan, ou menm ki pa t' janm konnen doulč tranche! Paske, fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm ki gen mari.  
 
Gal 4:28
 
Koulye a, frč m' yo, nou tankou Izarak: nou se pitit Bondye jan l' te pwomčt la.  
 
Gal 4:29
 
Nan tan Abraram, pitit ki te fčt dapre egzijans lachč a t'ap pčsekite pitit ki te fčt dapre Lespri Bondye a. Se konsa sa ye koulye a tou.  
 
Gal 4:30
 
Men, kisa ki ekri nan Liv la? Liv la di: Mete esklav la deyň ansanm ak tout pitit li a. Paske pitit esklav la pa gen dwa eritye nan byen papa a ansanm avčk pitit fanm ki pa t' esklav la.  
 
Gal 4:31
 
Konsa, frč m' yo, nou pa pitit esklav la, nou se pitit fanm ki pa t' esklav la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Corinthians 1Galatians 31 2 3 4 5 6 Galatians 5Ephesians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards