All NT OTBook
Compare Texts
2 Corinthians 1 Galatians 1

Galatians 2:1-21

Galatians 3 Ephesians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Gal 2:1
 
ś Apre sa, katňz lanne te pase anvan m' te moute lavil Jerizalčm ankň, fwa sa a ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avč m' tou.  
 
Gal 2:2
 
Kifč m' te moute a, se paske Bondye te fč m' konnen pou m' te fč sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo bon nouvčl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pa t' vle pou ni travay mwen te fin fč a, ni travay mwen t'ap fč a pase pou anyen.  
 
Gal 2:3
 
Enben, Tit ki te avč m' lan, se moun peyi Lagrčs li ye: yo pa t' egzije l' sikonsi,  
 
Gal 2:4
 
atout kčk swadizan frč ki te fofile kň yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Moun sa yo te glise kň yo nan mitan nou tankou espyon k'ap veye libčte nou gen nan Jezi Kris la. Yo te vle fč nou tounen esklav ankň.  
 
Gal 2:5
 
Nou pa janm ba yo pye sou nou pou n' te ka defann verite ki nan bon nouvčl la pou nou menm, moun Galasi.  
 
Gal 2:6
 
Moun ki te pase pou chčf yo, mwen pa bezwen konnen sa yo te ye vre, paske Bondye pa gade sou figi moun-wi, moun ki te pase pou chčf yo, yo pa t' fč m' okenn lňt egzijans.  
 
Gal 2:7
 
Okontrč, yo wč Bondye te renmčt mwen travay anonse bon nouvčl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmčt Pyč travay anonse l' bay jwif yo.  
 
Gal 2:8
 
Paske, Bondye ki te mete Pyč apa pou sčvi apňt pou jwif yo, se li menm ki te mete m' apa tou pou m' te ka sčvi apňt pou moun ki pa jwif yo.  
 
Gal 2:9
 
Lč sa a, Jak, Pyč ak Jan ki te pase pou chčf nan legliz la, yo te rekončt se Bondye ki te ban m' travay sa a, yo bay Banabas ak mwen lanmen tankou asosye. Nou tonbe dakň pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo, pou yo menm y' al travay ak jwif yo.  
 
Gal 2:10
 
Yon sčl bagay yo te mande nou: se pou n' te toujou chonje pňv ki nan legliz yo. Nou pa t' janm manke fč sa.  
 
Gal 2:11
 
ś Men, lč Pyč te vini lavil Antiňch, mwen te fč yon bout ak li devan tout moun, paske sa l' te fč a pa t' bon.  
 
Gal 2:12
 
Lč l' te fčk rive, li t'ap manje byen pwňp ak frč ki pa jwif yo. Men, lč moun Jak te voye yo vin rive, li mete kň l' sou kote, li refize manje ak frč ki pa jwif yo, paske li te pč patizan moun sikonsi yo.  
 
Gal 2:13
 
Lňt frč jwif yo te kňmanse fč menm jan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t'ap swiv yo nan ipokrizi sa a.  
 
Gal 2:14
 
Lč m' wč yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan bon nouvčl la, mwen di Pyč devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pa t' viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jňdi a w'ap fňse frč ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif?  
 
Gal 2:15
 
Nou menm, nou se jwif natif natal, nou pa soti nan ras moun lňt nasyon yo k'ap plede fč peche.  
 
Gal 2:16
 
Men, nou konnen se pa paske yon moun fč tou sa lalwa jwif yo mande kifč li inonsan devan Bondye, men se lč li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fč l' gras. Se poutčt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fč sa lalwa jwif yo mande kifč Bondye fč nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fč pesonn gras paske li fč sa lalwa mande.  
 
Gal 2:17
 
Men, si antan m'ap chache pou Bondye fč m' gras gremesi Kris la, moun wč m'ap fč peche menm jan ak moun lňt nasyon yo, čske sa vle di se nan avantaj peche a Kris la ap travay? Non, yo pa ka di sa.  
 
Gal 2:18
 
Paske, si m'ap rebati sa m' te kraze a, mwen tou moutre se dezobeyi m'ap dezobeyi lalwa.  
 
Gal 2:19
 
Annegad lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m' pou m' ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a.  
 
Gal 2:20
 
Se sak fč, se pa mwen k'ap viv ankň, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kň m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitčlman li te rive bay lavi l' pou mwen.  
 
Gal 2:21
 
Mwen pa voye favč Bondye fč m' lan jete. Paske, si lalwa ka fč Bondye fč yon moun gras, enben, Kris la mouri pou gremesi.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Corinthians 1Galatians 11 2 3 4 5 6 Galatians 3Ephesians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards