All NT OTBook
Compare Texts
1 Corinthians 1 2 Corinthians 6

2 Corinthians 7:1-16

2 Corinthians 8 Galatians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Cr 7:1
 
ś Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fč tout pwomčs sa yo. Ann kenbe kň nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sčvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!  
 
2Cr 7:2
 
Tanpri, ban m' yon ti plas nan kč nou! (Konprann mwen byen). Mwen pa fč pesonn okenn mal, pesonn pa ka di mwen lakňz yo pčdi pozisyon yo. Pesonn pa ka di mwen pwofite sou yo.  
 
2Cr 7:3
 
Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitčlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kč mwen pou lavi ak pou lanmň.  
 
2Cr 7:4
 
Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kč m' kontan nčt.  
 
2Cr 7:5
 
ś Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedwan, kč m' pa t' poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bň mwen te nan gwo diskisyon ak kčk moun, yon lňt bň mwen te pč nan kč mwen.  
 
2Cr 7:6
 
Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj te ban m' kouraj lč l' te voye Tit vin jwenn mwen.  
 
2Cr 7:7
 
Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouraj mwen anpil tou lč li rakonte m' jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fč m' konnen jan nou anvi wč m', jan sa fč nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak fč, koulye a mwen pi kontan toujou.  
 
2Cr 7:8
 
Menm si lčt mwen te ekri nou an te fč nou lapenn, mwen pa rčgrčt sa. Mwen te regrčt mwen te ekri l' lč m' te wč jan l' te fč nou lapenn lč sa a.  
 
2Cr 7:9
 
Men koulye a, kč m' kontan, pa paske mwen te fč nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fč nou chanje kondit. Nou te sipňte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fč nou okenn mal.  
 
2Cr 7:10
 
Paske, lč yon moun sipňte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kč li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' rčgrčt. Men, lapenn nou sipňte jan tout moun fč l' la, se touye l'ap touye nou.  
 
2Cr 7:11
 
Nou menm, nou sipňte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fč pou nou! Gade ki jan li fč nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tčt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pč! Gade jan nou anvi wč m' ankň! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fč sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo.  
 
2Cr 7:12
 
ś Se pa pou moun ki te fč sa ki mal la, ni pou moun yo te fč mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n' te ka wč jan nou devwe pou mwen devan Bondye. Se poutčt sa, sa te ban m' anpil ankourajman.  
 
2Cr 7:13
 
Se pa ankouraje sčlman mwen te ankouraje. Mwen te pi kontan ankň lč m' wč kouman Tit te kontan pou jan nou te ba li ankourajman.  
 
2Cr 7:14
 
Mwen te pale byen pou nou anpil ak Tit, epi nou pa fč m' wont. Mwen pa janm ban nou manti lč m'ap pale ak nou. Se konsa, sa m' te di Tit sou nou an se te verite a tout bon.  
 
2Cr 7:15
 
Koulye a, li vin renmen nou plis toujou lč l' chonje jan nou tout nou te dispoze obeyi, jan nou te resevwa l' avčk krentif sitčlman nou t'ap tranble.  
 
2Cr 7:16
 
Mwen kontan nčt mwen ka toujou konte sou nou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Corinthians 12 Corinthians 61 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 2 Corinthians 8Galatians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards