All NT OTBook
Compare Texts
1 Corinthians 1 2 Corinthians 5

2 Corinthians 6:1-18

2 Corinthians 7 Galatians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Cr 6:1
 
ś Se poutčt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favč nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.  
 
2Cr 6:2
 
Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lč lč a te rive pou m' te fč ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lč jou a te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lč a rive pou n' resevwa favč Bondye a; se jňdi a menm nou ka jwenn delivrans.  
 
2Cr 6:3
 
Mwen pa ta vle pesonn jwenn anyen pou kritike nan travay mwen. Se poutčt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m' pa bay pesonn okazyon tonbe nan peche.  
 
2Cr 6:4
 
Okontrč, nan tout bagay, mwen fč tout moun wč se Bondye m'ap sčvi. Se avčk anpil pasyans mwen sipňte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kč sere.  
 
2Cr 6:5
 
Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tčt moun sou do mwen, yo fč m' fč travo fňse. Yo fč m' pase nwit san dňmi, yo fč m' rete san manje.  
 
2Cr 6:6
 
Mwen fč tout moun wč se moun k'ap sčvi Bondye mwen ye pou jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen pasyans ak bon kč, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou jan m' renmen tout moun ak tout kč mwen,  
 
2Cr 6:7
 
pou jan m'ap mache bay verite a, pou jan Bondye soutni m' ak pouvwa li. Mwen sčvi ak tout bagay ki dwat tankou zam, kit pou atake, kit pou defann tčt mwen.  
 
2Cr 6:8
 
Yon lč yo respekte mwen, yon lňt lč yo fč m' wont. Yon lč yo pale byen pou mwen, yon lňt lč yo pale m' mal. Yo fč m' pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di.  
 
2Cr 6:9
 
Yo fč m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwňp. Yo fč m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen.  
 
2Cr 6:10
 
Y'ap fč m' lapenn, men mwen toujou gen kč kontan. Mwen sanblč m' pňv, men mwen fč anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay.  
 
2Cr 6:11
 
ś Zanmi m' yo, moun Korent, mwen pale kare avč nou, mwen louvri tout kč m' ban nou.  
 
2Cr 6:12
 
Se pa mwen ki te fčmen kč m' ban nou, se nou menm ki te fčmen kč nou ban mwen.  
 
2Cr 6:13
 
Se poutčt sa, m'ap pale avč nou tankou si nou te pitit mwen. Santiman mwen gen pou nou an se li menm tou pou nou gen pou mwen: louvri tout kč nou ban mwen.  
 
2Cr 6:14
 
Pa mete tčt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wč sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyč ta ka mache ak fčnwa?  
 
2Cr 6:15
 
Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwč gen pou wč ansanm ak moun ki pa kwč?  
 
2Cr 6:16
 
Kisa kay Bondye a gen pou wč ak zidňl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pčp mwen.  
 
2Cr 6:17
 
Se poutčt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lč sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.  
 
2Cr 6:18
 
M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m' ak pitit fi mwen. Se Mčt ki gen tout pouvwa a ki di sa.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Corinthians 12 Corinthians 51 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 2 Corinthians 7Galatians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards