All NT OTBook
Compare Texts
1 Corinthians 1 2 Corinthians 1

2 Corinthians 2:1-17

2 Corinthians 3 Galatians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Cr 2:1
 
ś Se konsa, mwen pran desizyon pou m' pa vin lakay nou pou m' pa fč nou lapenn ankň.  
 
2Cr 2:2
 
Si pou m' ta fč nou lapenn, ki moun ki pou ta fč kč m' kontan ankň? Eske se ta moun mwen ta fč lapenn yo?  
 
2Cr 2:3
 
Se poutčt sa, mwen ekri nou jan m' te fč l' la: mwen pa t' vle pou lč m' rive lakay nou, moun ki pou ta fč kč m' kontan yo, se yo menm ki pou ta fč m' lapenn. Paske, mwen gen fčm konviksyon sa a, lč m' kontan, nou tout nou kontan tou.  
 
2Cr 2:4
 
Wi. Lč sa a, kč m' te boulvčse anpil, kč m' te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fč sa pou fč nou lapenn non. Se vle mwen te vle fč nou konnen jan m' renmen nou anpil.  
 
2Cr 2:5
 
ś Si yon moun fč yon lňt lapenn, se pa mwen li fč lapenn, men se nou tout, moun Korent, li fč lapenn. Pou m' pa al twň lwen, pito m' di se kčk nan nou li fč lapenn.  
 
2Cr 2:6
 
Pifň nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li.  
 
2Cr 2:7
 
Koulye a se pou nou padonnen l', se pou nou ba li ankourajman pito, pou yon twň gwo lapenn pa kraze l' nčt.  
 
2Cr 2:8
 
Se poutčt sa, m'ap mande nou pou nou aji avč l' yon jan pou fč l' wč jan nou renmen li.  
 
2Cr 2:9
 
Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou m' te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m' di nou.  
 
2Cr 2:10
 
Enben, lč nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fč a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lč mwen menm mwen padonnen li, pou di vre, mwen pa gen anyen pou m' padonnen non, men, lč m' fč sa, mwen fč l' pou nou devan Kris la,  
 
2Cr 2:11
 
pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwňp sa Satan gen nan tčt li.  
 
2Cr 2:12
 
ś Lč mwen te lavil Twoas pou m' te anonse Bon Nouvčl ki pale sou Kris la, Seyč a te ban m' yon bčl okazyon pou m' te travay la.  
 
2Cr 2:13
 
Men, kč m' te sere anpil, paske mwen pa t' jwenn Tit, frč nou an. Se poutčt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m' pati pou Masedwan.  
 
2Cr 2:14
 
Ann di Bondye mčsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sčvi ak nou tankou yon odč k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fč tout moun konnen Kris la.  
 
2Cr 2:15
 
Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri.  
 
2Cr 2:16
 
Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmň k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fč yon travay konsa?  
 
2Cr 2:17
 
Nou pa tankou anpil moun k'ap defňme pawňl Bondye a. Okontrč, nou pale pawňl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Corinthians 12 Corinthians 11 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 2 Corinthians 3Galatians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards