All NT OTBook
Compare Texts
1 Corinthians 1 2 Corinthians 9

2 Corinthians 10:1-18

2 Corinthians 11 Galatians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Cr 10:1
 
ś Men sa mwen menm Pňl, m'ap mande nou ak dousč ansanm ak bon kč ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fčmen lč m' nan mitan nou, men lč m' lwen nou mwen sevč.  
 
2Cr 10:2
 
Tanpri, pa fňse m' moutre nou jan mwen ka sevč lč m'a rive lakay nou. Paske mwen sčten m'a ka moutre m' sevč annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lčzňm.  
 
2Cr 10:3
 
M'ap viv koulye a nan yon kň tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.  
 
2Cr 10:4
 
Zam m'ap sčvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fň. M'ap kraze tout pawňl esplikasyon ki pa bon,  
 
2Cr 10:5
 
m'ap kraze tou sa lčzňm nan lňgčy yo ap fč pou anpeche moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tčt lčzňm yo, m'ap fč yo vin obeyi Kris la.  
 
2Cr 10:6
 
Mwen pare pou m' pini tout moun ki va dezobeyi. Men, anvan sa, se pou nou moutre m' jan nou soti pou nou soumčt nou nčt.  
 
2Cr 10:7
 
ś Nou menm, moun Korent, n'ap gade sou laparans. Enben, si yon moun mete nan tčt li se moun Kris la li ye, se pou l' mete sa nan tčt li tou, mwen menm tou mwen se moun Kris la mwen ye menm jan avč li.  
 
2Cr 10:8
 
Enpi, menm si m' te fč grandizč yon ti jan twňp pou otorite Seyč a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fč nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou.  
 
2Cr 10:9
 
Mwen pa ta vle nou konprann m'ap chache kraponnen nou lč m'ap ekri nou konsa.  
 
2Cr 10:10
 
Gen moun ki di: Lč Pňl ap ekri nou, li rčd konsa, li sevč. Men, lč li la nan mitan nou li tou dou. Ata pale li pa ka pale.  
 
2Cr 10:11
 
Enben, moun ki di sa a, li mčt mete sa nan tčt li: Pa gen diferans ant sa m'ap ekri nan lčt mwen voye ban nou lč mwen pa la ak sa mwen pral fč lč m'a la nan mitan nou.  
 
2Cr 10:12
 
ś Konprann sa byen: mwen pa ka pčmčt mwen pou m' mete m' sou menm wotč ak moun ki kwč yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tčt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tčt yo ak mezi yo menm yo fč. Y'ap konpare tčt yo ak pwňp tčt pa yo ankň.  
 
2Cr 10:13
 
Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantč tčt mwen depase limit. M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun Korent, nou nan limit travay mwen.  
 
2Cr 10:14
 
Se sak fč, mwen pa t' depase limit mwen lč m' te rive lakay nou ak bon nouvčl ki pale sou Kris la.  
 
2Cr 10:15
 
Konsa, nou wč, mwen pa depase limit Bondye ban mwen. Mwen p'ap fč grandizč pou travay lňt moun te deja fč. Okontrč, mwen gen espwa n'a grandi nan konfyans, pou m' ka fč yon pi gwo travay ankň nan mitan nou, toujou nan limit Bondye ban mwen an.  
 
2Cr 10:16
 
Apre sa, m'a kapab al anonse bon nouvčl la nan peyi ki pi lwen pase lakay nou, san m' p'ap bezwen fč grandizč pou travay lňt moun deja fč nan limit pa yo.  
 
2Cr 10:17
 
Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fč lwanj tčt li, se pou l' fč lwanj tčt li nan sa Bondye fč pou li.  
 
2Cr 10:18
 
Se konsa wi: Se pa moun k'ap fč lwanj tčt yo ki bon pou travay la, men se moun Seyč a rekňmande ki bon pou travay la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Corinthians 12 Corinthians 91 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 2 Corinthians 11Galatians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards