All NT OTBook
Compare Texts
Romans 1 1 Corinthians 8

1 Corinthians 9:1-27

1 Corinthians 10 2 Corinthians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Cr 9:1
 
ś Eske m' pa lib? Eske m' pa yon apňt? Eske m' pa t' wč Jezikri, Seyč nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sčvis Seyč a nou ye?  
 
1Cr 9:2
 
Menm si pou lňt moun mwen pa apňt, pou nou menm se apňt mwen ye. Paske, jan n'ap viv ansanm ak Seyč a, nou se prčv se apňt mwen ye.  
 
1Cr 9:3
 
ś Lč moun ap kritike m', men ki jan mwen defann tčt mwen:  
 
1Cr 9:4
 
Mwen mande yo: Eske m' pa gen dwa pou yo ban m' manje, pou yo ban m' bwč pou travay mwen?  
 
1Cr 9:5
 
Eske m' pa gen dwa fč tankou tout lňt apňt yo, tankou frč Seyč yo ansanm ak Sefas, pou m' mennen yon sč ki ta madanm mwen kote m' prale?  
 
1Cr 9:6
 
Eske se Banabas avč m' ase ki pou fč lňt travay pou n' ka viv?  
 
1Cr 9:7
 
Nou janm tande yon sňlda ap fč sčvis nan lame, pou se li menm ankň ki peye tčt li? Ou ankň, čske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, čske yon gadň mouton pa gen dwa bwč lčt mouton l'ap okipe yo?  
 
1Cr 9:8
 
Pa konprann se sčlman nan zafč lčzňm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou.  
 
1Cr 9:9
 
Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bčf k'ap rale kabwčt la baboukčt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bčf yo atň?  
 
1Cr 9:10
 
Nou pa kwč se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawňl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tč a fč travay la ak espwa y'ap ba li pa l' nan rekňt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a.  
 
1Cr 9:11
 
Nou simen grenn ki soti nan Lespri Bondye a nan kč nou. Eske se yon zafč sa ta ye si nou rekňlte nan byen materyčl nou yo?  
 
1Cr 9:12
 
Si lňt moun gen dwa sa a sou nou, čske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t' pwofite dwa sa a. Okontrč, nou soufri tout bagay pou n' pa antrave mach bon nouvčl ki pale sou Kris la.  
 
1Cr 9:13
 
Nou konnen sa byen pwňp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bčt pou touye sou lňtčl la resevwa pa yo nan vyann bčt yo touye a.  
 
1Cr 9:14
 
Konsa tou, Seyč a bay lňd pou tout moun k'ap anonse bon nouvčl la fčt pou yo viv sou kont travay bon nouvčl la.  
 
1Cr 9:15
 
ś Men, poutčt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fč ankenn reklamasyon non plis kifč m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen!  
 
1Cr 9:16
 
Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dčske m'ap anonse bon nouvčl la. Sa se yon obligasyon yo fč mwen. Malč pou mwen si m' pa anonse bon nouvčl la!  
 
1Cr 9:17
 
Si se mwen ki te chwazi tčt mwen pou fč travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fňse yo fňse m' fč travay sa a, lč sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen.  
 
1Cr 9:18
 
Ki jan yo peye m' atň? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvčl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fč a lč m'ap anonse bon nouvčl la.  
 
1Cr 9:19
 
ś Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fč tčt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la.  
 
1Cr 9:20
 
Lč m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m' te anba l' lč m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la.  
 
1Cr 9:21
 
Konsa tou, lč m' nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m' pa okipe lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.  
 
1Cr 9:22
 
Avčk moun ki fčb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fčb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fč m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kčk nan yo pa tout mwayen posib.  
 
1Cr 9:23
 
Mwen fč tou sa poutčt bon nouvčl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo.  
 
1Cr 9:24
 
ś Lč y'ap fč konkou pou wč kilčs ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sčl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n' ka genyen kous la.  
 
1Cr 9:25
 
Moun k'ap fč egzčsis pou al nan konkou, yo bay kň yo yon disiplen sevč pou yo ka byen pare. Yo fč tou sa pou yo ka genyen yon kouwňn ki p'ap konsčve lontan. Men nou menm, n'ap bay kň nou yon disiplen sevč pou n' ka genyen yon kouwňn k'ap la pou tout tan.  
 
1Cr 9:26
 
Se poutčt sa, m'ap kouri, men je m' pa soti sou kote pou m' rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbraj li.  
 
1Cr 9:27
 
Mwen aji di ak kň m', mwen kenbe l' kout, pou mwen menm yo pa voye m' jete apre mwen fin moutre lňt yo sa pou yo fč.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Romans 11 Corinthians 81 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 1 Corinthians 102 Corinthians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards