| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Cr 8:1 | ś Ann wč koulye a keksyon vyann bčt yo ofri bay zidňl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sčlman, konesans fč moun gonfle ak lňgčy. Men, se renmen ki pou fč nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon.
| |
| | 1Cr 8:2 | Moun ki mete nan tčt li li konn kichňy, li poko konnen jan l' dwe konnen an.
| |
| | 1Cr 8:3 | Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li.
| |
| | 1Cr 8:4 | ś Bon, men keksyon an: čske nou ka manje vyann bčt yo ofri bay zidňl? Nou konnen byen pwňp zidňl yo pa reprezante anyen ki vre sou latč. Se yon sčl Bondye a ki genyen.
| |
| | 1Cr 8:5 | Nou te mčt tande gen lňt swadizan bondye nan syčl la ak sou latč a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mčt vre),
| |
| | 1Cr 8:6 | pou nou menm, se yon sčl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sčl Mčt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fč nou viv tou.
| |
| | 1Cr 8:7 | ś Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitčlman abitye ak zidňl yo, jouk koulye a, lč y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bčt ki te ofri bay zidňl y'ap manje. Konsyans yo fčb. Yo santi yo mete tčt yo nan kondisyon yo pa ka sčvi Bondye ak manje a.
| |
| | 1Cr 8:8 | Men, manje pa ka fč nou vin pi pre Bondye. Nou pa pčdi anyen lč nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lč nou manje yon lňt kalite.
| |
| | 1Cr 8:9 | Men, fč atansyon pou jan nou santi nou lib fč sa nou vle a sa pa fč yon lňt frč ki fčb nan konfyans li tonbe nan peche.
| |
| | 1Cr 8:10 | Si yon moun ki gen konsyans li fčb wč ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidňl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bčt yo ofri bay zidňl.
| |
| | 1Cr 8:11 | Nonm sa a ki fčb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akňz konesans ou a.
| |
| | 1Cr 8:12 | Lč sa a, se pa sčlman kont frč ou yo ou fč peche, se pa sčlman konsyans yo ki fčb ou blese, men se kont Kris la menm ou fč peche.
| |
| | 1Cr 8:13 | Pase pou yon manje fč frč m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankň pou m' pa fč frč m' tonbe nan peche.
| |