| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Cr 7:1 | ś Bon. Koulye a ann wč keksyon nou te mande m' nan lčt nou an: Wi. Yon nonm fč byen si l' pa marye.
| |
| | 1Cr 7:2 | Men, sitčlman gen dezňd lachč deyň a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo.
| |
| | 1Cr 7:3 | Se pou gason an fč tout devwa yon mari dwe fč anvč madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fč tout devwa yon madanm dwe fč anvč mari li.
| |
| | 1Cr 7:4 | Madanm lan pa ka fč sa l' vle ak kň li. Se pou mari a kň madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fč sa l' vle ak kň li. Se pou madanm lan kň mari a ye.
| |
| | 1Cr 7:5 | Piga yonn repouse lňt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyč. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fč l' konsa, nou riske pa ka kontwole kň nou ankň. Lč sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pčlen Satan.
| |
| | 1Cr 7:6 | Se pa yon lňd m'ap bay lč m' di sa, men se yon pčmisyon.
| |
| | 1Cr 7:7 | Pou di vre, mwen ta pito wč tout moun fč tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lňt moun resevwa yon lňt kalite kado.
| |
| | 1Cr 7:8 | Men sa m'ap di moun ki pa marye yo ansanm ak včv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m', pou kont yo.
| |
| | 1Cr 7:9 | Men, si nou pa ka kontwole kň nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n' kite lanvi boule nou.
| |
| | 1Cr 7:10 | ś Kanta pou moun marye yo, men lňd mwen ba yo (Sa pa soti nan mwen non, men nan Seyč a menm): Lč yon fanm marye, li pa dwe kite ak mari li.
| |
| | 1Cr 7:11 | Si li rive kite avč l', se pou l' rete pou kont li, san l' pa remarye. Pase pou l' ta remarye, pito li tounen ak mari l' ankň. Konsa tou, yon mari pa dwe mete madanm li deyň.
| |
| | 1Cr 7:12 | Pou lňt yo menm, men sa m'ap di: (Fwa sa a, sa se konsčy pa mwen. Sa pa soti nan Seyč a.) Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakň pou l' kontinye viv avč l', mari a pa gen dwa mete l' deyň.
| |
| | 1Cr 7:13 | Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakň pou l' kontinye viv avč li, li pa fčt pou kite ak mari a.
| |
| | 1Cr 7:14 | Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak mari l' ki gen konfyans. Si sa pa t' konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lňt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo.
| |
| | 1Cr 7:15 | Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mčt kite. Nan ka sa a, frč a osinon sč a pa gen ankenn angajman ankň. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kč poze.
| |
| | 1Cr 7:16 | Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou?
| |
| | 1Cr 7:17 | ś Esepte nan ka sa a, se pou chak moun kontinye viv dapre kado Bondye ba yo, jan yo te ye lč Bondye te rele yo a. Se lňd sa a mwen bay nan tout legliz yo.
| |
| | 1Cr 7:18 | Si yon moun te deja sikonsi lč Bondye te rele l' la, li pa bezwen chache wete mak sikonsizyon an sou li. Si yon moun pa t' sikonsi lč Bondye te rele l' la, li pa bezwen fč yo sikonsi li.
| |
| | 1Cr 7:19 | Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankň. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kňmandman Bondye yo.
| |
| | 1Cr 7:20 | Se pou chak moun rete jan yo te ye lč Bondye te rele yo a.
| |
| | 1Cr 7:21 | Si ou te esklav lč Bondye te rele ou la, pa chaje tčt ou pou sa. Men, si chans pou ou ou ka vin lib, pwofite chans lan.
| |
| | 1Cr 7:22 | Yon moun ki esklav, depi Bondye rele l', se yon moun lib sou kont Seyč a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l', se esklav Kris la li ye.
| |
| | 1Cr 7:23 | Bondye te achte nou. Li peye byen chč pou sa. Pa tounen esklav moun.
| |
| | 1Cr 7:24 | Frč m' yo, se pou chak moun rete devan Bondye nan kondisyon yo te ye lč Bondye te rele yo a.
| |
| | 1Cr 7:25 | ś Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyč a pa ban m' ankenn lňd pou yo. M'ap bay lide pa m', epi nou te mčt fč m' konfyans akňz favč Bondye fč m' nan kč sansib li gen pou mwen an.
| |
| | 1Cr 7:26 | Jan tan an difisil koulye a, men lide m' fč nan tčt mwen. Mwen kwč sa bon pou yon nonm rete jan l' ye a.
| |
| | 1Cr 7:27 | Si l' gen tan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avč li. Si l' poko marye, li pa bezwen chache yon madanm.
| |
| | 1Cr 7:28 | Si l' ta vle marye tou, li mčt; li p'ap fč ankenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fč peche pou sa. Men, moun k'ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wč sa rive yo.
| |
| | 1Cr 7:29 | Frč m' yo, men sa m' vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankň. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t' marye.
| |
| | 1Cr 7:30 | Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kč kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kč kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pa t' pou yo.
| |
| | 1Cr 7:31 | Moun ki rich sou latč, se pou yo viv tankou moun ki pa gen anyen. Paske, jan sa ye koulye a nan lemonn, sa pa la pou lontan ankň.
| |
| | 1Cr 7:32 | Mwen pa ta renmen wč nou gen ankenn tčt chaje. Yon nonm ki pa marye, l'ap okipe zafč Seyč a sčlman. L'ap chache fč Seyč a plezi.
| |
| | 1Cr 7:33 | Yon moun ki marye, l'ap okipe zafč lemonn tou paske l'ap chache fč madanm li plezi.
| |
| | 1Cr 7:34 | Lč sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, sč zafč Seyč a sčlman y'ap okipe, paske yo vle mete tout kň yo, tout nanm yo apa pou li. Men, sa ki marye yo ap okipe zafč lemonn tou, paske y'ap chache fč mari yo plezi.
| |
| | 1Cr 7:35 | Se pou byen nou m'ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pesonn. Okontrč, mwen vle pou nou tout viv jan nou wč l' pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fč m' ap sčvi Seyč a san dezanpare.
| |
| | 1Cr 7:36 | ś Ann wč koulye a keksyon de fiyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l' te dwe ak jenn fi a, si l' pa ka kontwole lanvi l' ankň, si l' wč se nesesč pou yo marye, yo mčt marye jan l' vle l' la. Li pa fč ankenn peche pou sa.
| |
| | 1Cr 7:37 | Konsa tou, si jenn gason an pran fčm desizyon pou l' pa marye, si l' kapab kontwole volonte l', si li deside nan tčt li se sa pou l' fč, enben, li fč byen si l' pa marye ak jenn fi a.
| |
| | 1Cr 7:38 | Konsa, jenn gason ki marye ak fiyanse l' la fč byen. Men, sa ki pa marye a fč pi byen toujou.
| |
| | 1Cr 7:39 | ś Yon fanm marye gen angajman ak mari l' toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la.
| |
| | 1Cr 7:40 | Men, l'ap gen mwens tčt chaje si l' rete jan l' ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwč poutčt pa m' mwen gen Lespri Bondye a avč mwen.
| |