All NT OTBook
Compare Texts
Romans 1 1 Corinthians 15

1 Corinthians 16:1-24

2 Corinthians 1 2 Corinthians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Cr 16:1
 
ś Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pčp Bondye ki lavil Jerizalčm lan, se pou nou fč tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fč.  
 
1Cr 16:2
 
Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fč. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lč m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.  
 
1Cr 16:3
 
Lč m' ava rive, n'a chwazi kčk moun pou m' voye pote kado nou fč a ale lavil Jerizalčm ak yon lčt rekňmandasyon.  
 
1Cr 16:4
 
Si sa merite pou m' ale tou, y'a fč vwayaj la ansanm avč mwen.  
 
1Cr 16:5
 
ś M'a vin lakay nou lč m'a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fňk mwen pase la anvan.  
 
1Cr 16:6
 
Mwen ka rete pase kčk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avč nou. Apre sa, n'a ka ede m' ale kote m'a gen pou mwen ale a.  
 
1Cr 16:7
 
Fwa sa a, mwen pa vle wč nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kčk tan ak nou, si Bondye vle.  
 
1Cr 16:8
 
Men, mwen fč lide rete isit nan lavil Efčz jouk pou fčt Lapannkňt.  
 
1Cr 16:9
 
Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m' fč travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wč mwen.  
 
1Cr 16:10
 
ś Si Timote rive bň kote nou ye a, n'a fč yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avč mwen li travay pou Seyč a.  
 
1Cr 16:11
 
Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kč poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frč yo.  
 
1Cr 16:12
 
Kanta frč Apolňs, mwen pa t' manke ankouraje l' pou l' te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa koulye a. Enben, la fč vwayaj la lč la kapab.  
 
1Cr 16:13
 
ś Pa bliye kň nou. Kenbe fčm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fčb.  
 
1Cr 16:14
 
Se pou nou fč tout bagay avčk renmen nan kč nou.  
 
1Cr 16:15
 
Frč m' yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tčt yo pou sčvi pčp Bondye a.  
 
1Cr 16:16
 
Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wč k'ap travay ak yo epi k'ap sčvi ak yo, nou mčt kite yo mennen nou.  
 
1Cr 16:17
 
Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fňtenatis, Akaykis ki vin wč mwen. Yo fč m' santi se tankou si se nou menm menm ki te la avčk mwen.  
 
1Cr 16:18
 
Yo remoute kouraj mwen, menm jan yo te remoute kouraj nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.  
 
1Cr 16:19
 
ś Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakčt bonjou pou nou nan Seyč a.  
 
1Cr 16:20
 
Tout frč ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bň pa nou, yonn di lňt bonjou pou mwen, yonn bo lňt tankou moun k'ap viv pou Bondye.  
 
1Cr 16:21
 
M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pňl voye bonjou pou nou tout.  
 
1Cr 16:22
 
Si yon moun pa renmen Seyč a, madichon pou li. Seyč nou, vini non!  
 
1Cr 16:23
 
Se pou benediksyon Jezi Seyč a toujou la avč nou.  
 
1Cr 16:24
 
Mwen renmen nou tout nan Jezikri.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Romans 11 Corinthians 151 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 2 Corinthians 12 Corinthians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards