All NT OTBook
Compare Texts
Romans 1 1 Corinthians 10

1 Corinthians 11:1-34

1 Corinthians 12 2 Corinthians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Cr 11:1
 
ś Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.  
 
1Cr 11:2
 
Mwen fč nou konpliman pou jan nou toujou chonje m', pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou.  
 
1Cr 11:3
 
Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chčf tout gason, gason se chčf fanm. Bondye se chčf Kris la.  
 
1Cr 11:4
 
Si yon gason kite chapo l' nan tčt li lč l'ap lapriyč osinon lč l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte Kris la.  
 
1Cr 11:5
 
Men, si yon fanm pa mete anyen sou tčt li lč l'ap lapriyč osinon lč l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tčt li kale.  
 
1Cr 11:6
 
Si yon fanm pa kouvri tčt li, li ta mčt tou koupe cheve l' tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l' ou ankň pou l' kale tčt li, se pou l' kouvri tčt li tou.  
 
1Cr 11:7
 
Gason an pa bezwen kouvri tčt li, paske se pňtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fč wč bčl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fč wč.  
 
1Cr 11:8
 
Paske, se pa t' avčk moso nan kň yon fanm Bondye te kreye gason, se avčk moso nan kň yon gason li te fč fanm.  
 
1Cr 11:9
 
Se pa pou fanm lan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm lan.  
 
1Cr 11:10
 
Se poutčt sa, akňz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tčt li pou moutre li soumčt anba otorite mari li.  
 
1Cr 11:11
 
Men, nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyč a, fanm bezwen sčvis gason, gason bezwen sčvis fanm.  
 
1Cr 11:12
 
Paske, menm jan se avčk moso kň yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason soti. Men, tout bagay soti nan Bondye.  
 
1Cr 11:13
 
Dapre nou, čske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tčt li lč l'ap lapriyč Bondye?  
 
1Cr 11:14
 
Se pa natirčl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont.  
 
1Cr 11:15
 
Men, se bčl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l' cheve long li yo pou sčvi l' tankou yon vwal sou tčt li.  
 
1Cr 11:16
 
Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m' di li: ni nou menm, ni lňt legliz Bondye yo, nou pa gen lňt koutim nou swiv lč nou nan sčvis.  
 
1Cr 11:17
 
ś Pou sa m'ap di nou koulye a, mwen pa fč nou konpliman menm, paske lč nou reyini nou fč tčt nou plis tň pase nou fč tčt nou byen.  
 
1Cr 11:18
 
Pou kňmanse, mwen tande lč nou sanble pou sčvis la, nou fč ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nčt.  
 
1Cr 11:19
 
(Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekončt moun ki kwč tout bon yo ak moun ki pa kwč yo.)  
 
1Cr 11:20
 
Lč nou reyini ansanm, gen lč se pa manje Seyč a nou vin manje.  
 
1Cr 11:21
 
Paske, lč nou chita bň tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lč konsa, yon pati rete grangou, yon lňt menm gen tan sou sitčlman li bwč.  
 
1Cr 11:22
 
Mwen te kwč nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwč? Gen lč se respč nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, čske se wont nou vle fč moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fč nou konpliman? O non! Nou tou wč mwen pa kapab fč nou konpliman pou sa!  
 
1Cr 11:23
 
ś Paske, men sa Seyč a te fč m' konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l' la, Seyč Jezi te pran pen,  
 
1Cr 11:24
 
lč li fin di Bondye mčsi li kase l', epi li di: Sa a se kň m', se pou nou li ye. Se pou nou fč sa pou nou ka chonje mwen.  
 
1Cr 11:25
 
Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fč avč nou nan san mwen. Se pou nou fč sa chak fwa n'ap bwč ladan l' pou nou ka chonje mwen.  
 
1Cr 11:26
 
Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwč nan gode sa a, se lanmň Kris la n'ap anonse jouk jou Seyč a gen pou l' vini an.  
 
1Cr 11:27
 
Se poutčt sa, si yon moun manje pen Seyč a, osinon li bwč nan gode Seyč a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kň Seyč a ni kont san li an.  
 
1Cr 11:28
 
Se pou chak moun egzaminen tčt yo byen anvan. Se konsa y'a mčt manje pen sa a, y'a mčt bwč nan gode sa a.  
 
1Cr 11:29
 
Si yon moun manje pen sa a, si l' bwč nan gode sa a san li pa rekončt rapň pen an ansanm ak diven an gen avčk kň Seyč a, se rale l'ap rale yon jijman sou tčt li lč l'ap manje pen an ak lč l'ap bwč nan gode a.  
 
1Cr 11:30
 
Se sak fč gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblčs, san konte sa ki mouri deja.  
 
1Cr 11:31
 
Si nou te egzaminen tčt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a.  
 
1Cr 11:32
 
Men, Seyč a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo.  
 
1Cr 11:33
 
Se sak fč, frč m' yo, lč nou reyini ansanm pou manje manje Seyč a, se pou yonn tann lňt.  
 
1Cr 11:34
 
Si yon moun grangou, se pou l' manje lakay li, pou l' pa rale jijman Bondye sou nou lč nou reyini. Pou lňt keksyon yo, m'a regle sa lč m'a rive lakay nou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Romans 11 Corinthians 101 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 1 Corinthians 122 Corinthians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards